Español English French Kwéyol

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè ak Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen kore modòd grèv chofè yo pou 3 avril la

Kominike Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè ak Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 31 mas 2006

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè ak Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen estomake devan plezi gouvènman Bonifas/Latòti a ak ANADIPP pran pou yo monte pri gaz la san rete sou mache a. Sa k pi grav, gouvènman an ap pran mezi sa yo nan yon moman kote li pa gen okenn pouvwa pou angaje nasyon an. Eske ogmantasyon pri gaz la se likide « afè kourant ». Gouvènman an te toujou di se pri petwòl la nan nivo entènasyonal ki lakòz gaz la monte sou mache ayisyen an. Mezi gouvènman an ap pran nan dènye moman sa yo montre aklè esplikasyon sa a pa kenbe. Nou te toujou kwè mezi pou monte pri gaz la se pou peye FMI ak Bank Mondyal. Anplis, mezi ki pran pou ogmante pri gaz la lakòz pri pwodui yo kontinye ap monte san rete. Sa lakòz kondisyon lavi mas yo kontinye ap angrave. Sa k pi rèd la, eskandal ap pete chak jou nan lari a ant pasaje ak chofè.

Pou tout rezon sa yo, Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè ak Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen apiye kare bare, modòd grèv chofè yo lanse pou lendi 3 avril la. Nan sans sa a, nou mande pou tout travayè ak travayèz, ti machann, etidyan, pwofesè, elèv lekòl, ann rete lakay nou jou 3 avril la pou n fòse pouvwa defakto a desann pri gaz la.

Nou mande tout tout sitwayen, militan ak òganizasyon konsekan pou yo fè presyon sou gouvènman k ap vini an pou fòse yo negosye prese prese ak Venezyela pou Ayiti antre nan PETROCARIBE a yon fason pou malere ak malerèz ka rale yon souf anba pri gaz, pri transpò ak pri manje.

Pou Kolektif la : Yves Barthélemy

Pou Tèt Kole : Mercidieu Morancy