Yon atik Ronald Colbert
Papay, Ench, 20 mas 2003 [AltèPrès]--- Plis pase 30 bandi lavalas ki te chaje ak zam nan men yo plis baton ak rigwaz te maspinen, nan apremidi 20 mas 2003 a, anpil peyizan ki te soti nan kongrè Mouvman Peyizan Papay te fèk sot oganize nan Papay, soti 17 pou rive 20 mas la.
Sa te pase toupre yon ekip polisye SIMO, ki te mete yo an maskay sou wout ki mennen nan Papay la. Se te yon operasyon kote chimè lavalas te sènen tout vil Ench, espesyalman wout ki mennen nan Papay, dapre sa viktim ak temwen fè ajans AltèPrès konnen.
Militan lavalas yo atake yon machin ki t ap pote moun ki soti nan kongrè a. Chofè machin chimè lavalas yo te atake a pa t kapab rete nan vil Ench, pou mennen lopital moun ki te pran kout rigwaz ak kout baton.
Gen anpil lòt bandi lavalas ki te antre lakay moun nan Papay, kote yo maspinen jenn gason. Gen lòt ki t al bouske peyizan ki t ap soti nan kongrè MPP a, sou wout Gwanaria ak 3 Wòch. Peyizan sa yo te pran baton tou.
Lè dirijan MPP te rele Lapolis pou mande l èske li okouran zak maspinay chimè sou manm li yo, Lapolis te deklare li pa gen enfòmasyon sou sa. Epi li te voye yon patwouy nan sant fòmasyon MPP a, kote kongrè a te fèt la, pou al chèche peyizan pou mennen yo nan vil Ench. Responsab MPP yo pa t dakò pou manm yo monte nan machin lapolis la.
Se konsa, pi fò nan peyizan ki te patisipe nan kongrè a te blije dòmi nan sant lan, lannuit 20 pou antre 21 mas la, pou evite twoke kòn ak chimè lavalas yo.
Radyo Vwa Peyizan te pase an dirèk prèske tout sa k t ap fèt nan kongrè a.
Gen temwen ki fè konnen yo te wè yon machin ki gen etikèt ministè agrikilti ki t ap pote chimè al depoze nan alantou Papay. Sanble se te yon fason pou anpeche peyizan yo pran lari pou antre nan vil Ench.
Men, bandi yo pa t rive antre ni nan Radyo Vwa Peyizan ni nan sant fòmasyon an.
Atak sa a yo rive, yon ti moman apre plizyè milye peyizan te fè yon mach yon kilomèt edmi soti nan sant fòmasyon an pou rive nan lakou biwo MPP. Nan moman alatèt MPP yo t ap li deklarasyon kongrè a, te gen yon ekip polisye IDMO ki te estannbay pou wè ki entansyon manm MPP yo.
Direksyon depatmantal lapolis te voye yon lèt bay Chavannes Jean Baptiste, ki se pòt pawòl mouvman an, pou di lapolis entèdi « jusqu`à nouvel ordre » mach 20 mas la « akoz sitiyasyon ensekirite ak destabilizasyon ki genyen kounye a, epitou pou evite enfiltrasyon ». Nan lèt sa a, komisè prensipal Orival Manuel Gaston konseye MPP pou l rete nan limit « domèn » li, nan limit teritwa l.
Enfòmasyon ki t ap sikile nan vil Ench te fè konnen gen yon beny san ki ka koule nan Ench si MPP deside mache ale nan vil la. Si yo pa ale, se pou bandi lavalas bimen yo anba baton, toujou dapre menm sous yo ki ajoute, ta gen kòb ki ale nan delegasyon depatmantal la nan objektif sa a.
Men, dirijan mouvman an te deside pito òganize yon mach senbolik apye soti nan sant fòmasyon an rive nan radyo a. Apre mach la, peyizan yo te retounen nan sant lan.
Depi lè peyizan yo retounen nan sant lan, te gen yon gwo tansyon. Nouvèl yo te fè konnen gen peyizan ki pran gwo pataswèl nan men bandi.
Anpil moun ki te vwayaje semenn sa a fè AltèPrès konnen yo te kwaze, mèkredi 19 mas la, anpil machin lapolis ki ta prale nan Plato Santral.
17 mas ki sot pase a, lapolis nasyonal te bloke anpil machin prive nan Kafou wout pou ale Laskawobas, pandan w ap kite Mibalè, poutèt ta gen yon sitiyasyon tèt chaje nan Pènal, yon lokalite Laskawobas ki pa twò lwen fwontyè ak repiblik Dominiken. Menm 17 mas la, imigrasyon ayisyen te pase 4 èd tan ap poze yon delegasyon ki te soti peyi Kiba k Gwatemala, kesyon sou sa yo vin fè an Ayiti. Delegasyon sa yo te gen pou patisipe nan kongrè 30 an MPP a.
Jis nan finisman kongrè a, tout bagay te byen pase, nan yon anbyans kote anpil revandikasyon t ap fèt pou chanje leta, pou gen yon desantralizasyon tout bon vre nan peyi a, pou yo tabli yon plan pou devlope agrikilti peyi a , epi pou gen aksyon òganize ki fèt pou fini ak plan lanmò rejim lavalas la.
Anplis delege ki te soti nan 9 depatman peyi a, kongrè 30 an Mouvman Peyizan Papay la te resevwa vizit delegasyon ki te soti nan peyi Repiblik Dominiken, kiba, Gwatemala, Etazini ak Ewòp. [rc apr 20/03/03 23:30]