Español English French Kwéyol

Lafrans : Polisye ak etidyan twoke kòn yo sou plas Sorbonne

Paris, 15 mas. 06 [AlterPresse] --- Plizyè santèn elèv lise (dènye klas segondè an Frans) ak etidyan twoke kòn yo aprèmidi 14 mas la ak Lapolis sou plas Sorbonne. Elèv yo voye anpil boulèt, branch bwa ak nenpòt sa ki tonbe anba men yo sou Fòs de Lòd yo. Polisye yo menm tire anpil gaz lakrimojèn. Bilan yo poko di konbyen blese ki genyen.

Depi plizyè semèn, elèv ak etidyan nan prèske tout peyi a mobilize pou mande gouvènman an voye jete yon pwojè ki rele Kontra Premyè Dajòb la (CPE). Daprè kontra sa, on patwon ki anplaye on jèn ki poko gen 26 zan, kapab revoke li nenpòt kilè, san rezon, depi jèn sa pa gen tan gen 2 zan nan travay la.

Anplis etidyan yo, sèten prezidan inivèsite ak anpil lòt sektè kritike gouvènman an pou desizyon sa yo di li pran an favè patwon yo. Lalwa travay an Frans entèdi patwon revoke anplwaye san rezon.

Etidyan ak elèv ki kont CPE a deja fè plizyè gwo manifestasyon nan divès vil an Frans. Depi kèk semèn, akòz grèv etidyan yo, kou pa ka fèt nan plizyè inivèsite tankou Sorbonne, Nanterre ak Saint-Denis. Sitiyasyon an pi mangonmen an pwovens kote mouvman an pran rasin. Daprè òganizasyon etidyan yo, sou 84 inivèsite ki gen an Frans 50 pa fonksyone.

Wikenn pase a, se lapolis, avèk otorizasyon rektè akademi Pari a, ki antre anndan inivèsite Sorbonne pou mete etidyan rebèl yo deyò. Yo te deja pase plizyè nwit anndan lokal inivèsite a, nan kad mouvman yo a, pou rele anmwe kont CPE a.

Gouvènman an rete tenn fas. Premye minis Dominique de Villepin di yo pap tounen dèyè. Daprè li, CPE a ap pèmèt yo bese chomaj la an Frans. 14 mas, pandan li twouve li nan peyi Almay, Prezidan Jacques Chirac di li kore premye minis la.

Aprè midi 14 mas la, sikilasyon an te enposib nan Katye Laten, Pari, on zòn ki toujou genyen anpil touris ki vin vizite Panteyon, Sena ak Jaden Luxembourg. Katye Laten gen renome tou kòm on zòn kontestasyon. Se zòn sa ki te baz mouvman me 68 yo.

An reyalite, dènye fwa Lapolis te blije antre anndan Sorbonne pou mete etidyan deyò se te an me 1968. Eske Lafrans pral reviv menm moman sa ? [Weibert Arthus - apr 15/03/2006 08:00]