Español English French Kwéyol

Ayiti - Eleksyon : " Preval eli se vre, men batay la pa fini "

Pozisyon Mouvman Demokratik Popilè, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ak SAJ VEYE/YO

Dokiman sa a vin jwenn AlerPresse 19 fevriye 2006

Malgre pyēj teknik ak magouy kominote entenasyonal la, minista ak kep a, mas popile yo
bay yon pati nan boujwazi a ak pifŠpolitisyen nan klas politik la kanē

Depi kèk tan, Mouvman Demokratik Popilè, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ak SAJ VEYE/YO ap suiv ak anpil enterè kijan pwosesis elektoral la ap dewoule nan peyi a. Depi nan koumansman jouk rive jounen jodi a, nou konstate Kominote entènasyonal la pran kontwòl total pwosesis elektoral la. MINISTA, OEA, PNUD ak konplisite KEP a plis gouvènman an, mete tout kalite pyèj sou chimen eleksyon yo pou yo te kapab rive aplike plan enperyalis la genyen pou peyi a.

Ki kote Kominote entènasyonal la ak boujwa ki nan Gwoup 184 la vle mennen peyi a ?

Tout mannèv ki fèt nan pwosesis elektoral la montre aklè Kominote entènasyonal la ak boujwazi a te gen yon plan pou peyi a. Plan aktè sa yo ki te kontwole pwosesis elektoral la te vize :

1) Reyalize yon eleksyon fo mamit san patisipasyon popilè. Konsa, prezidan ki genyen an ap gen men li pi lib pou aplike politik wete trip mete pay gwo pisans enperyalis yo ak gwo enstitisyon finansyè entènasyonal yo deja pare pou enpoze nouvo gouvènman an.

2) Si premye estrateji a pa mache, yo te vle kreye tout kalite konfizyon ak dezòd jouk yo rive mete peyi a anba yon pwotektora grenn kraze ki limenm tou t ap mete baboukèt nèt nan bouch mas yo.

Nan jounen 7 fevriye a, mas popilè yo montre yo gen anpil matirite politik nan jan yo dejwe plan fòs reyaksyonè yo. Mas yo dwe kontinye mobilize pou egzije limyè sou tout magouy ki fèt aprè jounen elektoral la pou detounen vòt yo. Men, nou menm nan MODEP, Tèt Kole ti peyizan ak SAJ/Veye Yo nou di vòt la se youn, òganize n pou fè otorite leta yo satisfè revandikasyon nou se yon lòt. Vòt Preval la pa vle di pèp la ba li kat blanch pou l aplike politik neyoliberal la jan li te kòmanse fè sa nan premye manda a.

Preval eli se vre, men batay la pa fini

Evennman ki pase 7 fevriye a ak mobilizasyon mas yo apre eleksyon an montre aklè mas popilè yo ap chache yon veritab altènativ. Nan rechèch sa a, se Preval yo kenbe annatandan. Kidonk, konstriksyon yon altènativ serye se dwe youn nan pi gwo tach militan ak òganizasyon konsekan yo jounen jodi a. Annatandan nou rive la a, nou pa dwe bliye revandikasyon fondamantal nou yo. Nou pa dwe komèt erè 1990 yo. Apre eleksyon 1990 yo, pifò popilasyon an ki te patisipe nan mete Aristid sou pouvwa a, te al chita tann lamà n tonbe. Nou pa dwe repete erè sa a. Nou dwe klè batay la dwe kontinye. Gouvènman Preval la pral pran gwo sekous anba men kominote entènasyonal la, nan men fraksyon nan boujwazi a ki dèyè dol ak sa ki nan opozisyon ak li, si li rete sou pozisyon pèp la. Nan sans sa a, MODEP, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ak SAJ /Veye yo kwè si sektè popilè yo pa ranfòse òganizasyon yo epi chofe beton an, viktwa 7 fevriye a pap sèvi anyen. Nou dwe veye, goumen jouk mayi mi pou fè viktwa sa a tounen toutbon viktwa pèp la. Nan sans sa a, nou dwe batay jouk mayi mi:

1) Kont okipasyon an ki vize kenbe peyi a anba kontwòl gwo pisans yo epi kontinye fòse pèp la bwè medsin chwal la.

2) Batay pou fòse gouvènman Preval la negosye prese prese ak Venezyela pou Ayiti rantre nan Petwokaribe a, yon fason pou ayiti kapab benefisye petwòl la nan bon kondisyon. Chwa sa a ap pèmèt pri manje ak pri gaz kòmanse desann pou malere ak malerèz rale yon souf.

3) Gouvènman an dwe mete sou kote pwogram CCI a ki pa gen anyen pou wè ak bezwen mas yo epi sispann privatize antrepriz leta yo.

4) Zafè franchiz pou boujwa pa peye taks la dwe elimine san pèdi tan. Se ak lajan taks sa yo gouvènman an ap kapab amelyore kondisyon lavi moun ki nan katye popilè yo.

5) Gouvènman an dwe lanse yon bon refòm agrè nan peyi a pou pwodiksyon nasyonal la kapab ogmante epi pou manje ka desann manje. Pou sa fèt, tè a dwe anba kontwòl moun k ap travay li yo. Nan sans sa a, gouvènman k ap vini an dwe pran dispozisyon pou legalize tout tè ti peyizan yo rekipere ak fòs ponyèt yo.

6) Gouvènman k ap vini an dwe pran mezi aklè pou desann pri manje nan peyi a, mete kontwòl sou pri lwaye kay ak pri lekòl

7) Pouvwa a dwe pran mezi prese prese pou mete materyèl ak bonjan kontwòl nan lopital leta yo pou pitit pèp la ki paka pran avyon lè yo malad ka jwenn swen sante nan bon kondisyon.

8) Gouvènman k ap vini an dwe fè yon bonjan refòm nan lajistis ak nan lapolis. Kontrèman ak sa konsèy sekirite LONI an kwè, apre pèp la fin denonse MINISTA kòm magouyè, vòlè bilten, yo pa gen okenn moralite pou yo fè okenn refòm nan lajistis ak nan lapolis. Se gouvènman an menm ki dwe regle kesyon sa a an granmoun.

Mouvman Demokratik Popilè, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ak SAJ/Veye Yo kwè se sèlman nan goumen nou kapab rache viktwa sa yo. Kidonk, nou pa dwe rete nan chita tann.

Sèl fòs nou se bonjan òganizasyon popilè djanm, nan aksyon byen kòdone
Aba okipasyon ! Aba kolon peyi ak kolon etranje !
Aba Magouyè! Aba Lavichè !
Viv lit Pèp la ! Viv yon Ayiti Granmoun !

Pòtoprens, 19 fevriye 2006

Moun ki siyen:

Pou Tèt Kole : Mercidieu Morancy

Pou MODEP : Guy Numa

Pou SAJ/Veye yo : Charles Lefêvre