Español English French Kwéyol

Ayiti - Eleksyon : Plis pase yon senp batay elektoral

Nòt pou laprès 4 òganizasyon popilè sou eleksyon 7 fevriye yo

AlterPresse resevwa dokiman sa a 14 fevriye 2006

Plis pase yon senp batay elektoral, jodi a se yon batay klè ant mas popilè yo kont boujwazi piyajè a ak tchoul li yo nan ti boujwazi a plis enperyalis yo.

Mas popilè yo nan goumen pou chanje kondisyon lavi yo. Men sa ki manman verite a. Mas yo chwazi tout mwayen yo jwenn ak pwòp òganizasyon pa yo pou yo fè revandikasyon yo a vanse. Otorite yo mande yo ale nan eleksyon, anpil milyon depanse sou do yo, se klas dominant yo ak blan an ki te genyen kontwòl tout pwosesis elektoral la. Men se byen konte mal kalkile, 7 fevriye 2006 mas popilè yo bay yon leson granmoun, li desonnen plan lènmi li yo, yon bann ak yon pakèt moun depi 4 trè kanpe djanm devan biwo vòt pou yo vote René PREVAL, ki nan moman espesyal saa parèt pi koresponn ak enterè yo.

Mas yo granmoun yo fè chwa yo vle. Tout moun dwe respekte sa. Magouy la klè, li pap pase. Jodi a n’ap mande kisa boujwazi piyajè a ak enperyalis vle menm ?

Tout sa k’ap pase la, ni nan fon koze yo ni nan fòm ki itilize yo montre anpil mepri, anpil degou ak rayisans pou mas popilè tankou moun sa yo se pa sitwayen yo ye. Menm prensip demokrasi fòmèl la yon moun yon vòt la yo vle rache dwa saa nan men mas pòv yo. Alòs ki kontra sosyal gwoup 184 la ap pale a menm si yo refize asepte vot tout sitwayen egalego.

Evènman sa yo k’ap pase la, demaske lènmi mas popilè yo, jodi a se pa sèlman boujwazi piyajè ki nan konplo kont mas yo, menm yon pati nan tiboujwazi pwogresis la vle kreye plis distans ant yo menm ak mas yo nan fè tèt yo konplis magouy la. Menm swadizan près endepandan an kapab dekrenmen nèt jounen jodi a, si prejije refize yo anbrase la verite.

Nou menm ki siyen nòt saa, nou ankouraje mobilizasyon manch long mas yo pou fè respekte dwa yo genyen pou chwazi libèlibè moun ki pou dirije yo. N’ap pwofite fè mas yo sonje bon jan òganizasyon pra’l pi enpòtan toujou aprè yo fin chwazi prezidan ak palmantè ki pou pran direksyon pouvwa a.

Nou dwe kontinye goumen kont tout manèv enperyalis la pou sove dwa grandètmajè peyi a. Plis pase 800 solda meriken gentan sou fwontyè a - Kale je nou pou veye tout konze k’ap fè manèv ak enperyalis yo pou vanse nan plan pwotektora yo a.

Batay pou respè revandikasyon fondalnatal angranmoun dwe kontinye gide aksyon nou, menm lè se gouvènman nou vote ki pran pouvwa a. Kidonk respè tout bon bilten vòt nou an se nan jan n’ap òganize’n pou pèmèt revandikasyon nou jwenn repons san nou pa antre nan okenn konplisite malatchong ak pouvwa a.

Se mobilizasyon sanpransouf nan tout rakwen peyi a sèlman k’ap pèmèt dwa nou pa pase anba pye.

Pòtoprens jou ki 14 fevriye 2006

Moun ki siyen nòt sa a

SAJ/VEYE YO : Charles Lefèvre
TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN : Annecy Vixamar
KONBIT PEYIZAN NIP : Berthony Pierre-Louis
MOUVMAN DEMOKRATIK POPILE : Guy Numa