Atik Myriam Merlet ki dwe parèt nan nimewo 67 revi Ayiti-Fanm
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 24 janvye 2006
19 janvye 2006, Kowalisyon Ayisyèn Fanm Lidè (COHFEL / KOFàˆL), Rezo Fanm Kandidat pou Genyen ak sipò Fanm Nan Demokrasi epi Fanm Yo La prezante Platfòm Elektoral Fanm Kandidat nan Eleksyon Lejislatif ak Minisipal 2006 la. Se te yon okazyon pou plizyè nan medam yo prezante tèt yo epi afime detèminasyon yo pou “fè politik yon lòt janâ€
Patisipasyon fanm nan politik
Yon gwo viktwa mouvman feminis la
Depi 2 syèk fanm ap goumen pou dwa demokratik. Lè plizyè peyi t ap rekonèt dwa pou moun vote yo pa t konsidere fanm yo. Se te yon dwa ki te rezève pou gason sèlman. Feminis yo kòmanse denonse gwo diskriminasyon sa a depi nan epòk revolisyon peyi Lafrans, epi nan finisman 19vyèm syèk la batay pou fanm patisipe nan politik gaye nan plizyè peyi. Patisipasyon fanm nan politik rantre nan batay feminis ayisyèn yo nan kòmansman 20tyèm syèk la. Militant Lig Feminin Aksyon Sosyal yo te mobilize pou chanje Lalwa pou fanm gen dwa vote epi vin kandidat. Men anpil analiz montre gen plizyè baryè ki anpeche fanm yo patisipe reyèlman nan politik. Baryè sa yo, nou jwenn nan anpil peyi, gen karaktè ekonomik, sosyal, relijye epi yo vle fè kwè politik pa pou fanm.
Jounen jodi anpil otorite blije admèt gen anpil travay ki merite fèt toujou pou fanm rive patisipe reyèlman nan politik. à’ganizasyon entènasyonal yo mete kanpe plizyè pwogram pou kraze baryè sa yo. E si jounen jodi a anpil moun ap mennen aksyon pou fanm rive patisipe nan politik se rezilta batay feminis yo
Platfòm Elektoral Fanm Kandidat yo
Platfòm Elektoral Fanm Kadidat yo chita sou 4 pwen: batay kont Koripsyon, Edikasyon fondamantal, sante fanm ak pwoteksyon timoun, dlo potab ak pwoteksyon ijyèn piblik. Nan pakèt pwoblèm peyi d Ayiti ap konfwonte jounen jodi a, pwen sa yo enpòtan anpil. Fanm Kandidat yo gen gwo merit dèske yo antann yo sou pwen sa yo kòm chwal batay yo.
Si Platfòm Elektoral la, nan analiz li, konsidere detwa eleman ki gen rasin yo nan rapò debalanse ant fanm ak gason nan sosyete a, tankou tifi ki pa ka fin lekòl oswa move sitiyasyon sante fanm yo, medam kandidat yo pa pran okenn angajman pou chanje rapò pouvwa ant fanm ak gason. Sou koze lekòl la pa gen okenn pwopozisyon konkrèt pou kaba diskriminasyon epi pèmèt jèn fi yo ale pi lwen nan edikasyon yo. Nan zafè lasante, yo konsidere fanm yo sèlman kòm moun ki gen pou fè pitit. Tout sa ki konsène dwa seksyèl ak repwodiksyon yo (tout sa ki makonnen ak kapasite pou moun fè pitit), tankou dwa pou jwenn enfòmasyon, edikasyon seksyèl, sèvis jinekolojik, dwa pou avòte ak lòt ankò pa pran an konsiderasyon.
N ap fè sonje angajman Leta ayisyen pran, lè li siyen Platfòm Aksyon Bejin nan, pou konsidere rapò debalanse ant fanm ak gason nan tout politik piblik yo.
Fè Politik yon lòt Jan
Medam yo repete anpil fwa yo “vle fè politik yon lòt jan†. Depi lontan òganizasyon fanm, espesyalman feminis yo, ap plede egzije pou politik fè yon lòt jan nan peyi a. Feminis yo egzije pou gen yon lòt konsepsyon pouvwa kote moun ki gen pouvwa Leta yo konnen se pa yo ki sèl kòk chante epi pou yo konsidere revandikasyon popilasyon yo. Sou bò pa yo, nan mete kanpe òganizasyon djanm, sitwayen ak sitwayèn gen dwa ak devwa pou pote pwopozisyon ki charye revandikasyon yo bay Leta. Se yon konsepsyon gouvènans ki chita sou patisipasyon kote bezwen ak revandikasyon divès gwoup nan sosyete a chita nan balans desizyon politik yo.
Malgre medam kandidat yo deklare yo vle fè politik yon lòt jan, yo pa t vin konsilte òganizasyon fanm yo pou konnen ki prensipal revandikasyon yo. Yo pa konsidere nonplis divès dokiman òganizasyon fanm yo fè tankou Kaye Revandikasyon Nasyonal Fanm Yo, òganizasyon yo te remèt bay prezidan peyi a nan lane 2000.
Feminis yo ap bat anpil bravo lakontantman si gen plizyè fanm nan pòs pouvwa yo. Yo konnen fanm yo gen dwa nan pòs pouvwa yo e y ap kontinye batay pou kwape tout baryè, ki chita sou vye prejije fanm pa gen dwa fè politik, pou fanm rive patisipe kòmsadwa. Li ta enpòtan anpil pou fanm yo lè yo fin nan pòs pouvwa yo kontinye mete ansanm pou fè vanse sèten revevandikasyon. à’ganizasyon fanm yo pare pou akonpaye fanm politik yo nan travay yo. Pèsonn pa enterese pou lè à’ganizasyon Fanm yo ap fè pledwaye bò kote Palman an oswa pouvwa egzekitif la pou fanm politik yo kanpe an fas yo, jan sa te deja fèt nan lane 1988.