Español English French Kwéyol

Ayiti : "Eleksyon 2006 sa yo ap genyen anpil limit", dapre Jistis ak Lapè

Nòt pou laprès Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 23 janvye 2006

Komite Egzekitif Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè salye tout moun. De (2) semèn anvan eleksyon an, Komisyon Jistis ak Lapè ki angaje afon nan obsèvasyon elektoral la ak plis pase 1000 obsèvatè atravè peyi a, trase bilan li fè sou fason preparasyon eleksyon yo te fèt.

1. Wi, nou anrejistre epi denonse anpil erè ki fèt nan preparasyon eleksyon sa a. Anpil tan te pèdi depi nan kòmansman, nan fè gwo diskisyon ki te kapab sèvi pou asire yon pi bon preparasyon.

2. Reyalite esklizyon ak mete moun sou kote toujou la. Se pa sèl lokalizasyon sant ak biwo vòt yo ki te mennen ladan l. Nan mwa sektanm ak novanm 2005, nou te deja fè remake nan ki kondisyon anrejistreman elektè yo te fèt sitou nan seksyon kominal yo. « Komisyon an pran nòt deklarasyon KEP la te fè pou di : li anrejistre 3.400.000 sitwayen, sou 4.400.000 sitwayen ki genyen dwa pou vote nan peyi a, selon sa estimasyon yo di. » (novanm 2005). Eske diferans sa a pa vle di anyen ? Pou tout kalite rezon, se sitou abitan nan seksyon kominal yo ki pa anrejistre. Nou regrèt sitiyasyon sa a, sitou paske nou gen fèm konviksyon, se eleksyon lokal yo ki te dwe fondman konstriksyon demokratik peyi a.

3. Nou pran nòt jefò KEP la ak divès teknisyen yo ap fè pou korije sa yo kapab nan domèn teknik, pou sa k gade sant vòt yo, biwo vòt yo, ak fason yo voye elektè yo al vote tèl ou tèl kote.

Li klè, eleksyon 2006 sa yo ap genyen anpil limit. Men, lè n tande divès aktè yo k ap pale (CEP, Gouvènman, PNH, PNUD, Minustah, OEA), gen de bagay nou pa rive konprann. Poukisa youn bezwen voye toya sou lòt, si se ansanm yo te vle reyalize yon bagay ki bon pou peyi a, selon sa yo tout ap di ? Eske pa t gen yon gwo mank transparans nan tout pwosesis la, bò kote chak aktè ? Eske sitwayen yo gen dwa espere pou divès aktè sa yo chita ansanm, pou yo esplike devan laprès, san pa gen voye monte, ki kote difikilte yo ye : Ki sa k te fèt ? Ki limit eleksyon ap genyen nan kondisyon ki la yo ? Sitwayen yo gen dwa konprann ki limit travay la genyen, san voye monte, san voye toya, men yon fason pou yo kapab apresye jefò yo ki fèt. Nan tout preparasyon, sanble aktè yo te bliye sitou pou kreye konfyans !!

Plis toujou, men ki sa Komisyon an mande epi sijere pou dènye semèn sa yo :

1. Bò kote pati politik yo, pou yo kenbe yon klima lapè san vyolans pandan kanpay elektoral la. Plizyè evènman montre genyen twòp entolerans nan mitan aktè politik yo, epi gen twòp tolerans anvè vyolans ki kapab parèt nan chak moman. Pati politik yo dwe fè patizan yo konprann se pa ak vyolans moun kapab regle avni yon peyi. Okontrè, eleksyon se yon fason san vyolans pou deside sou avni peyi a. Nou vle pou tout kandida yo kondane yon fason klè tout vyolasyon patizan yo ta komèt nan non yo. Nou mande pou yo sispann youn akize lòt ak tout kalite pwose entansyon. Nou mande yo sonje kòd etik divès pati politik te siyen nan non yo.

2. Pati politik yo ta dwe pi klè lè yo ekspoze pwogram yo genyen pou amelyore sitiyasyon peyi a ak kondisyon jeneral sitwayen yo. Ki plas lit kont enpinite ak koripsyon genyen ? Ki plas refòm lajistis genyen ? Ki plas fanmi yo e ki jan y ap pwoteje yo ? Ki politik sosyal yo prevwa ? Ki sa sitwayen yo kapab espere nan men yo chak, si se yo ki ta genyen pouvwa nan peyi a ?

3. Ti tan ki rete a, ta dwe konsakre ak yon gwo kanpay edikasyon sivik, pou montre moun ki jan pou yo vote. Yo dwe fè yo wè imaj bilten vòt yo. Moun yo dwe konnen sou kilès bilten y ap make yon sèl non (pou prezidan oswa depite), sou kilès bilten y ap make twa non (pou senatè). Elektè yo dwe konnen yo gen dwa vote pou moun nan divès pati politik, el.

4. KEP la dwe asire li fin regle tout dèt ak retribisyon li dwe yo anvan jou vòt la, pou tout sa pa sèvi pretèks pou tout kalite neglijans.

5. Nan nòt pou laprès li te fè jou ki te 21 sektanm ak 20 novanm 2005, ak nan yon lèt piblik nou te voye bay KEP la nan dat 20 desanm 2005, Komisyon an te poze chak fwa kesyon sou moun ki pa konn li ak ekri yo. Nou poze kesyon an paske nan eleksyon anvan yo twòp vòt t ap gaspiye, paske moun yo mal ranpli bilten vòt yo. Eleksyon jeneral yo konplike anpil, paske genyen anpil vòt diferan epi pati politik ak kandida pou chak pòs yo anpil tou. Nou mande yon lòt fwa : Ki dispozisyon KEP la pran pou sitwayen sa yo kapab egzèse dwa yo pou vote kòm sa dwa ? Jis nan moman sa a nou pokò tande anyen ki di sou sa.

6. Nan yon lèt piblik pou Premye Minis ak Gouvènman an (19 desanm 2005), Komisyon an te poze kesyon dwa sivil ak politik moun ki nan prizon san yo pa t kondane yo, pou yo kapab jwi dwa sa yo epi pou yo ta kapab patisipe kòm elektè nan eleksyon an. Peyi a bezwen kèk jès ki montre aklè se rekonsilyasyon ant tout moun nou vle, epi pa dwe gen moun sou kote pou rezon sosyal oswa politik.

De (2) semèn anvan jou premye tou vòt la, Komisyon Jistis ak Lapè renouvle konfyans li nan kapasite pèp Ayisyen genyen pou depase anpil move pas, epi pou reyalize anpil bon bagay nan yon ti bout tan, depi tout lespri yo sou sa, depi tout moun vle.

Komite Egzekitif Nasyonal la.

Pòtoprens 20 janvye 2006

Paraf / signatures :

P. Attilus B. Desca et Dadine M. Charles (Ouest) ; P. Prophy Prophète et Azarias Dubréus (Nord Ouest) ; P. Nicolas Valcimond et Alucia Joseph (Nord) ; Guito Lafond et Marie-Ange Dagrin (Sud Est) ; Désumé Israck (Artibonite) ; Agena Dominique (Sud) ; Elianne Ménélas (Nord Est) ; Beaubrun Chislaine, P. Jan Hanssens, Jocelyne Colas et Chérima Jn Rivière (Comité Directeur national).