Español English French Kwéyol

Yon premye kout je sou 2005 an Ayiti

Pòtoprens., 31 déc. 05 [AlterPresse] --- Peyi Dayiti pran plizyè frap anba men lanati pandan ane 2005 lan. 11 moun mouri, 3 disparèt, 20 lòt blese apre pasaj siklòn Dennis sou zòn Sid peyi a, dapre bilan Pwoteksyon sivil mete deyò 11 jiyè.

29 out : yon deboulonay tè nan zòn Rivyè Fwad, nan Sid Pòtoprens, lakòz 10 moun mouri ak 12 lòt blese.

19 oktòb : Pasaj siklòn Wilma nan Karayib la lakòz 11 moun mouri, 5 lòt disparèt ak 2 mil fanmi sinistre. Se an Ayiti, van tanpèt sila fè plis viktim ak dega.

Menm jou an, gouvènman an adopte yon pwoje dekrè sou fason pou jere anviwonman an Ayiti.

Lòt koze ki domine ane 2005 lan an Ayiti, se ensekirite ak enstabilite politik la ki pa janm sispan bay kè sote.

Pou frennen zak kidnapping kap miltipliye nan Pòtoprens, desizyon pran nan Konsèy minis ki fèt nan koumansman mwa me a pou ranfòse dispozisyon lalwa prevwa kont zak dappiyanp.

Dapre dispozisyon sa yo, tout moun ki lotè ou konplis zak kidnapping ap pase tout lavi l ap fè chawa nan prizon. Men sa pa anpeche zak kidnapping kontinye pandan tout lane a.

Pandan ane 2005 lan, Lapolis ak Misyon Nasyonzini pou estabilize Ayiti (MINISTA) mennen divès operasyon pou fè fas kare ak nèg ak zam kap simen latwoublay nan peyi a, kit se chèf gang ki pre ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide oubyen ansyen militè ansyen Fòs Lame Dayiti.

Pami rezilta operasyon sa yo: 2 towogwonde, ansyen sèjan Ravix Rémissainthe ak ansyen attaché René Jean Anthony ak plizyè konplis yo, tonbe anba bal lapolis nan Pòtoprens nan mwa avril la.

Nan menm sans lan, 6 jiyè, pi gwo chèf gang lavalas nan peyi a, Dread Wilmé ak plizyè patizan l, mouri nan echanj kout zam ak MINISTA nan dat 6 jiyè nan Site Solèy.

Lòt koze ki rete nan nannan aktyalite ane 2005 lan: se koze preparasyon eleksyon ki dwe fèmen period tranzisyon ki te louvri apre prezidan jean Bertrand Aristide te ale an ekzil., rebondisman nan zafè Dumarsais Siméus, yon kandida alaprezidans otorite yo mete deyò nan kous la poutèt li gen yon paspò meriken, men kou kasasyon mande pou remete l nan batay elektoral la. Yon dosye ki pral Mennen nan yon kriz ant pouvwa ekzekitif ak yon bon pati nan sektè lajistis la.

Depi apeprè yon mwa, sektè jistis la paralyze lakòz divès jij kanpe travay pou kapab pwoteste konte desizyon otorite yo pran pou mete alaretrèt 5 jij Lakou kasasyon, pi gwo tribinal an Ayiti, yon jou apre tribunal sila te fin mande yon lòt fwa ankò pou Dumarsais Siméus jwen otorizasyon pou patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo. [vs apr 31/12/05 13:10]