Español English French Kwéyol

Ayiti - Eleksyon : " Anpil fay ", dapre Jistis ak Lapè

Lèt tou louvri Jistis ak Lapè pou Manm KEP yo

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 23 desanm 2005

M Max Mathurin
Ak tout Manm nan KEP la

Mesye, Madam,

Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè salye n ak anpil respè. Komisyon an fèk rankontre ak kòdonatè li yo nan zafè obsèvasyon elektoral. Yo rapòte nou ki jan pwosesis elektoral la mache nan tout depatman yo.

Nou konstate preparasyon pou eleksyon yo pa genyen twòp vyolans ladan l, oubyen ki mare dirèk ak eleksyon an. Nou swete anpil pou sa rete konsa. Nou fè konpliman pou pati politik ki respekte Kòd Etik yo te siyen an, kote yo te pran angajman pou konbat vyolans nan kanpay elektoral la. Nou ankouraje yo kenbe klima sa a, pou eleksyon an kab fèt nan bon kondisyon. Nou swete pou tout pwoblèm yo toujou kapab regle nan bon jan dyalòg ak konsètasyon. An menm tan nou dwe di tou : genyen anpil vyolans k ap fèt toujou, sitou nan kapital la, poutèt dezameman ki pa t fèt. Plizyè kote nan peyi a gwoup ki te pran abitid sèvi ak zam toujou genyen enstriman lanmò sa yo nan men yo.

Anpil kote, moun yo montre anvi yo genyen pou patisipe nan eleksyon an, tèlman yo vle sòti nan kriz sa a peyi a ap viv. Sèlman, reskonsablite tout moun ki nan òganizasyon eleksyon an gran anpil pou se pa tounen kouri pou lapli tonbe nan larivyè. Eleksyon an dwe fèt nan bon kondisyon, li dwe yon pa nan bon direksyon, pou kriz la kaba toutbonvre pi devan.

Nou konstate tou pwosesis la bwete sou anpil pwen. Genyen anpil fay. Gen nouvo eksperyans k ap fèt, nou pokò konnen ki kote y ap mennen. Kat sitwayen an se youn nan yo. Se yon bon bagay pou tout sitwayen jwenn mwayen pou idantifye yo kòmsadwa. Men, nou konstate tou, gen moun ki pran desizyon nan zafè eleksyon nan peyi a ki pa konnen teren an. Konsa, gen kèk sitiyasyon ki vin kreye ki fè patisipasyon moun yo nan plizyè seksyon kominal yo vin difisil anpil. Sa menm kapab dekouraje moun pou y al patisipe nan eleksyon an.

Men sa n konstate nan preparasyon eleksyon yo selon enfòmasyon nou rive jwenn :

1. Pou eleksyon yo kab fèt, y ap mete sou pye 803 sant ak 9.194 biwo vòt. Selon sa yo di ap gen pou pi piti yon sant vòt nan chak komin ak yon sant vòt nan chak seksyon kominal. Men lè n gade ki kote y ap mete sant vòt sa yo, nou wè anpil peyizan ak moun nan seksyon kominal yo pa p kapab vote akòz move dispozisyon sant vòt yo. Ann gade kèk egzanp, gen anpil konsa :

a. Nan katriyèm sekyon Kabarè, moun ki rete nan zòn Betèl, pou rive Kazal kote sant vòt la ap ye, bezwen desann Fon Monben sou wout Nasyonal #1, epi pran kamyonèt rive Kabarè pou remonte rive Kazal. Y ap pase akote de (2) lòt sant vòt sou wout yo a.

b. Moun Chofa ki pa gen sant vòt lakay yo, yo bezwen vin vote nan yon sant Kafou, nan zòn metwopoliten an. Moun Bèl Fontèn bezwen desann vin vote Kwadebouke. Nan Fon Verèt menm, anpil moun bezwen al vote Oryani, distans 4trè mache nan mòn.

c. Nan depatman Sant, nan seksyon Gwanarya (komin Ench) moun ki rete Regalis, Zabriko ak Laflè Disèt bezwen mache 5 èdtan pou vin vote Pandyasou, toupre vil Ench. Nan menm komin Ench, nan seksyon Agwadeyonn Riv Gòch, moun ki rete bò pon Vinsan bò vil la dwe al vote Koladè. Moun ki rete Basen Zim ak Wannikètè pral vote Lòs Palis (Agwadeyonn Riv Dwat).

d. Nan twazyèm seksyon Pòdepè, moun yo ap sòti Lakwa Sen Jozèf pou vin vote Obè ; y ap mache pandan 4trèdtan. Nan sizyèm seksyon komin Sen Lwi Dinò, moun ki rete nan zòn Lafaj (Chamwaz) ap mache plizyè èdtan pou vin vote Rivyè Ba. Nan premye seksyon komin Chansòl, peyizan ap sòti nan limit Opiton pou vin vote Byon ; yo bezwen 4 trèdtan pou rive...

2. Anpil kote gen moun ki pou yon rezon yo pa rive konprann, bezwen al vote byen lwen ak lakay yo. Nou tande moun nan seksyon k ap vin vote nan bouk, kote pa gen ASEK ak KASEK. Epi, moun nan sant vil yo ki bezwen al vote nan seksyon kominal anpil kilomèt lwen lakay yo. Kòm egzanp:

a. Gen moun ki rete nan vil Okay ki dwe al jouk Labòd pou vote.

b. Plizyè moun ki abite nan zòn Kafou fè konnen yo voye yo vote nan Mòn a Chandèl.

c. Gen moun Gantye yo voye al vote Ma Wozo.

d. Nan vil Jakmèl, gen moun ki rete nan ba lavil yo voye jouk Montay Lavout pou vote.

e. Gen moun k ap sòti nan komin Marigo pou al vote nan seksyon Koray sou lokalite Koray Tesè.

f. Nan Leyogà n, moun Desous sou wout Nasyonal #2 ap gen pou monte Delann nan tèt larivyè Lawouyonn.
Tout sa montre nan moman rejistrasyon an te manke anpil presizyon nan jan yo te anrejistre kote moun yo rete. Fason enskripsyon vòt la te fèt la kapab yon lòt kòz. Dabò, yo te mande moun nan seksyon kominal yo pou al enskri nan sant komin yo. Apre sa, te genyen biwo ki t ap deplase. Lè yo mande moun yo ki kote yo rete, moun ki rete nan seksyon yo te kab deklare yo rete nan vil la. Elatriye.

Dekrè elektoral la nan atik 52, mande pou yo te kab afiche yon lis elektoral pwovizwa nan divès kote y ap mete BV yo, 30 jou anvan eleksyon yo ap fèt pou pèmèt sitwayen yo fè koreksyon nan lis elektoral yo. Sa pa fèt. Ki jan pi gwo erè yo kapab korije nan lis elektoral yo?

3. Nou pa pale sou kèk erè ki te fèt nan kat yo, tankou kèk non ki pa kòrèk, foto ki manke klè, el. Anpil pawòl gen tan pale sou sa. Gen mezi ki pran pou korije plizyè nan erè sa yo. Nou konsidere pi grav, kòm yon vyolasyon dwa moun, move kondisyon pou remèt moun yo kat sitwayen yo. Plizyè kote yo fè n konnen jan sa fèt nan zanmitay, yo bay moun pase anba. Sa se travay sekirite e menm kèk polisye ki sèvi ak enfliyans pou fè moun pase devan. Konsa, moun ki sòti byen lwen ap fè tout yon jounen ap tann san yo pa jwenn kat sitwayen yo. Sa se pa menm bagay ak priyorite pou yo bay moun ki andikape ak fanm ansent, paske sitwayen sa yo menm bezwen pwoteksyon sa a.

4. Nan de (2) nòt li te fè 21 sektanm ak 20 novanm 2005, Komisyon an te poze kesyon sou moun ki pa konn li ak ekri yo. Nan kòmansman mwa desanm, nou te ekri chak manm nan KEP la pou poze pwoblèm nan an detay. Konbyen vòt ap gaspiye si bon mezi pa pran, paske eleksyon an genyen yon pakèt difikilte ladan l ? Anyen pokò di sou sa. Se kòmsi kondisyon anpil anpil moun nan peyi a pa di anyen. Ki dispozisyon nou menm nan KEP la ap pran pou sitwayen sa yo kapab egzèse dwa yo pou vote kòm sa dwa ? Jis nan moman sa a nou pokò tande anyen ki di sou sa.

5. Eleksyon jeneral sa yo konplike anpil, paske genyen anpil vòt diferan epi pati politik ak kandida pou chak pòs yo anpil tou. Eske sitwayen yo konnen konbyen bilten vòt y ap resevwa nan men yo ? Konbyen non pou yo make? Ki jan pou distenge bilten ki pou prezidan an, sa k pou senatè yo ak sa k pou depite a? Sou kilès nan yo pou yo make twa (3) non, tandiske sou de 2 lòt bilten yo se yon sèl ? Ki kote pou yo make kwa a ? Elatriye. Edikasyon sivik la pa rive fèt nan preske tout kwen peyi a. Selon sa n wè se nan kèk zòn sèlman l ap fèt.

Men ki sa n pwopoze :

1. KEP la dwe asire ap genyen trafik transpò piblik nòmalman nan jou eleksyon yo. Kote k gen difikilte pou moun rive nan biwo vòt yo, nou sijere pou Leta òganize yon sèvis transpò piblik pou ede sitwayen yo rive kote yo dwe rive a.

2. Pou moun ki pa konn li ak ekri yo, nou sijere pou moun ki vle kapab vini ak yon moun yo fè konfyans pou ede yo pou ranpli bilten yo nan jou vòt la ap fèt la.

3. Pou obsèvatè yo ki gen akreditasyon, nou mande pou yo kapab vote nan sant vòt la kote y ap fè obsèvasyon elektoral la, menm jan sa deside nan dekrè elektoral la pou mandatè pati politik yo.

4. Pou KEP la mete plis jefò nan kanpay edikasyon sivik la pou montre moun yo ki jan yo kapab vote san yo pa gaspiye vòt yo.

5. Pou pati politik yo tou mete plis jefò nan montre moun yo ki jan yo kapab vote yon fason valid.

6. Pou yo renmèt kat sitwayènte bay moun yo, san kesyon moun pa. Si yon moun pa andikape, granmoun cheve blan oswa fanm ansent, pa gen rezon pou yo nan moun pa nan moman y ap renmèt kat sitwayen yo. Sa n mande se bon jan òganizasyon ki respekte moun.

Chè Manm nan KEP la, nou gen gwo reskonsablite mennen peyi a sòti nan kriz kote l ye a ak bon eleksyon nou dwe òganize. Yon eleksyon ki respekte sitwayen se yon eleksyon kote yo kapab patisipe nan bon kondisyon. Jan peyi a ye a, pyès moun pa kab mande yon eleksyon san pyès iregilarite ladan l. Sèlman, yon bon eleksyon pa kab fèt si l ap mete sou kote peyizan yo ak moun nan mòn yo. Deja anpil nan yo pa t kapab pran kat sitwayente yo. Kounye a, pou jan biwo vòt yo òganize, anpil nan yo ap dekouraje pou patisipe jou vòt la. Nou konsidere sa grav si anyen pa fèt pou korije sitiyasyon sa a, mezi n kapab.

Pou ekip kodonatè obsèvasyon elektoral la.

Pòtoprens, 20 desanm 2005

Pè Jean Hanssens, Direktè

Kopi : OPC, òganizasyon dwa moun, laprès