Español English French Kwéyol

Ki jan yo pral chwazi pwochen kandida a la prezidans pati ki sou pouvwa a an Frans ?

Weibert Arthus

Paris., 06 déc. 05 [AlterPresse] --- 6 desanm nan aprè midi, nan reyinyon biwo politik Inyon pou yon Mouvman Popilè (UMP), dirijan yo rive dakò pou gen on vòt ki fèt nan mwa janvye 2007, pou militan yo ka eksprime klèman sipò yo bay kandida pati a, kèk mwa anvan eleksyon prezidansyèl yo.

Mannyè pou chwazi pwochen kandida ki pou al reprezante pati nan eleksyon prezidansyèl yo se youn nan gwo kesyon ki te divize 2 gwoup nan UMP. Depi samdi, patizan Nicolas Sarkozy ak Dominique de Villepin te dozado pou konnen èske se nan eleksyon primè -sa vle pou tout militan vote- pou yo chwazi moun ki pral reprezante pati a nan eleksyon pou prezidan ki ap fèt nan lane 2007 la.

Deba sa fè konprann li prèske sèten Jacques Chirac pap kandida pou pwochèn eleksyon yo. Chef Leta a, ki se moun UMP, efase kòl sou sèn politik la pou l kite plas la bay Premye minis la, Dominik de Villepin.

Sondaj yo prèske toujou bay dirijan UMP a, Nicolas Sarkozy, ki se tou minis enteryè, kòm pèsonalite ki ta ka pi byen reprezante pati a nan eleksyon yo. Men tank jou ap pase, De Villepin vin ap parèt pi fò sou teren an. Premye minis la bay on imaj pi modere ke minis enteryè a.

Pou bare de Villepin, Nicolas Sarkozy te pwopoze pou yo envante on sistèm nan pati a, chanje estati a on mannyè pou se militan yo ki vote pou di kilès yo vle ki pou kandida pati a. Si se tout militan yo ki vote, nan on eleksyon primè, olye se biwo politk la, Sarkozy gen tout chans li.

Men ant yè ak jodi a, tout moun ki pwòch Chirac nan pati a, pami yo prezidan Asanble nasyonal la, Jean-Louis Debré ak minis defans la Michèle Aliot Marie te leve kanpe kont pwopozisyon Sarkozy a.

Jodi a 2 gwoup yo rive antann yo rapidamn on mannyè pou evite divizyon an ale pi lwen. Yo dakò pou militan yo bay kandida a benediksyon kanmenm. Men yo pap aplike on fòmil tankou sa fèt Ozetazini kote on lane anvan eleksyon an, tout moun ki ta swete kandida pati a koumanse mennen kanpay bò kot militan yo. Se on sistèm konsa ki genyen nan pati sosyalis fransè a. [wa apr 06/12/05 22:45]