Kominike GRALIP
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 desanm 2005
Yon lòt fwa ankò, se yon zak ki vin fòse jounalis yo ap poze tèt yo kesyon.
Nou pa gen eleman, jiskaprezan ki montre sa antre nan kad yon atak ki dirije espesyalman sou jounalis ak Laprès an jeneral.
Men, Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP) panse nou ta dwe mete zak dappiyanp 2 desanm 2005 la nan kad yon klima ensekirite jeneral, kote, depi kèk semenn, dappiyanp yo ap reprann plis fòs.
Tout moun, nan kèlkilanswa sektè, espoze. Ou ka viktim nenpòt ki moman, depi se oumenm ki ta twouve w nan zòn kote malfektè yo planifye move zak yo a.
GRALIP kapab konsidere tou, zak sa yo antre nan kad reny enpinite ki kontinye pran jarèt, malgre tout pwomès gouvènman ki la a te fè.
Asasinay Brignol Lindor fèk gen 4 an, nan dat 3 desanm 2005, san lajistis poko brinding sou lotè zak la, manm òganizasyon lavalas Dòmi nan Bwa, ki te rekonèt se yo menm ki fè krim nan.
Nou ka pale tou de ankèt sou asasinay Jan Dominik 3 avril 2000 la ki toujou kwoke nan lajistis.
Yo te di n gen moun yo arete an relasyon ak asasinay konfrè Jak Wòch 14 jiyè 2005. Jiska prezan, nou pa konnen de ki prevyen.
Anplis, gen peryòd eleksyon yo k ap vanse ki ta gen arevwa ak zak latwoublay, sektè ki gen enterè, ap eseye marinen.
Tout sa, pou noumenm nan GRALIP, ekzije, espesyalman nan milye Laprès la, pou jounalis yo rete veyatif, pridan, fè jefò pou pa mache poukont kò yo.
An menm tan tou, li nesesè pou lajistis ak fòs sekirite yo souke kò yo, pou kaba reny sitirans ak reny enpinite a.
Le 5 decembre 2005
Vario Sérant
Coordonnateur principal
Stéphane Pierre-Paul
Assistant coordonnateur
Ronald Colbert
Administrateur