Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : " Chanjman boutchandèl sou pri pwodui petwolye yo "


Ekri jou madi 29 novanm 2005

Pozisyon Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 29 novanm 2005

Apre anpil presyon, gouvènman Bonifas - Latòti a retire kèk grenn goud sou pri pwodui petwolye yo epi li rele sa yon bès pri. Sou yon galon gazolin ki t ap vann 177 goud, gouvènman an retire sèlman 12 goud. Ti pousyè monnen sa a pa reprezante anyen nan jefò ki ta dwe fèt pou bese pri gaz la. Men, kòm gouvènman an mare byen fò nan pye tab FMI, li bezwen lajan kou mèt Janjak pou respekte angajman li pran ak enstitisyon sa a. Nan moman Kolektif la te fèk tanmen mobilizasyon kont lavichè a, gouvènman an limenm bò kote pa li, te voye yon lèt entansyon (Lettre d’intention) bay FMI nan mwa avril 2005, pou montre volonte li genyen pou respekte angajman FMI yo epi pou kontinye fè pèp la bwè remèd chwal la. Kolektif la konstate pri pwodui petwolye yo desann sou mache entènasyonal la alòske se nan fòse gouvènman an rive retire yon ti pousyè monnen sou gaz la pa bò isit.

Si gouvènman an pa enterese nan bese pri pwodui petwolye yo, eske ANADIPP li menm tou ka enterese nan yon bagay konsa ? Nan semèn ki sot pase a, ANADIPP mennen yon kanpay li di pou fòse gouvènman an desann pri pwodui petwolye yo. Si yon moun pat konnen ANADIPP se yon antrepriz k ap fè komès gaz, li ta ka konprann li kanpe sou yon pozisyon popilè. Menm sendikalis inosan ak opòtinis ki ta dwe ap defann enterè chofè yo ak mas popilè yo, rive pran nan jwèt ANADIPP la. Anpil nan yo te kwè se zafè desann gaz ANADIPP t ap defann tout bon. Men anreyalite, sa ANADIPP ap defann, se fè plis kòb nan komès gaz la.

Nou ka sonje, nan peryòd desanm 2002 - janvye 2003, ANADIPP te mande gouvènman Aristid -Neptin nan pou mete 2 a 3 goud anplis pou li sou chak galon gaz. Yon lòt fwa ankò, ANADIPP fè grèv pou mande gouvènman Latòti a ogmante pou li toujou, kantite lajan l ap fè sou gaz la. Sa ki pi grav, nan yon bat je gouvènman an ogmante pwofi boujwa ANADIPP yo. Kidonk yon bò, boujwa ANADIPP yo kontinye fè dekabès sou do pèp la nan zafè gaz la epi yon lòt bò y ap lonje bay pèp la yon kontra sosyal anpwazonnen. Kolektif la konstate kouman gouvènman sa a sansib pou gwo komèsan yo pandan pifò ti komèsan ki viktim yo toujou lage de bra balanse. Gouvènman an fèmen zorèy li kont tout rèl pèp la ap fè kont lavichè, pri lwaye kay, pri manje ak pri lekòl. Alòske lè tonton sam, FMI ak boujwazi a pale, pa gen pèdi tan.

Pandan gouvènman an ap mete sou benefis manm ANADIPP yo, pèp la pa konn sa k ap pase nan negosyasyon k ap fèt ak gouvènman Venezyela a. Nan dat 28 novanm 2005, minis finans lan (Anri Bazen) deklare sou yon estasyon radyo nan kapital la, « negosyasyon yo ap pran anpil tan » epi tou, « gouvènman an ap negosye ak plizyè peyi anmenmtan ». Alòske tout moun konnen pa gen okenn peyi sou latè ki dispoze bay avantaj Venezyela ap bay yo. Konpòtman gouvènman an nan dosye sa a vle di aklè gouvènman an chwazi estrateji dilatwa a nan negosyasyon k ap fèt ak gouvènman Venezyela a.

Pou fòse gouvènman an pran yon pozisyon piblik, klè sou negosyasyon yo epi jwenn yon akò san pèdi tan ak gouvènman Venezyela a, Kolektif la envite tout moun ki santi yo konsène nan dosye gaz la ak lavichè a, nan yon sitin k ap fèt vandredi 9 desanm 2005, devan ministè finans bò 10zè nan maten. Tout moun ki nan klas ak kouch ki defavorize yo anpatikilye : ouvriye, peyizan ti machann, sosyetè, etidyan, pwofesè, elèv lekòl, vin pote kole nan sitin sa a. Vandredi 9 desanm, 10zè tapan, nou tout ap devan ministè finans.

Pòtoprens, 30 novanm 2005

Pou Kòdinasyon Kolektif la

Makenton Civilma

Jean Charles Evrard

Yves Barthélemy