Ronald Colbert
Potoprens, 27 nov. 05 [AlterPresse] --- Nouvo kalandriye ofisyèl eleksyon yo, ki soti 25 novanm 2005 la, ekzije pou sektè politik yo rive nan yon antant sou dat nouvo eli yo pral koumanse travay.
Pou koumanse, li prèske pa posib pou prezidan eli a rantre nan Palè nasyonal nan dat 7 fevriye 2006, jan konstitisyon an prevwa sa. Sizoka, ta gen yon moun ki eli nouvo Chèf Leta depi premye tou 8 janvye 2005 la, devan ki yès li pral sèmante pou respekte konstitisyon an ?
Epitou, ki yès ki pral enstale l ? Ki gouvènman ki pral jere bak peyi a ? Eske se menm gouvènman tranzisyon an, an atandan lachanm senatè ak depite pran plas ?
Eske sektè politik yo ap mande ekip tranzisyon an ret tann pou pi lontan, alòske akò 4 avril 2004 la te fikse eleksyon kòm pi gwo responsablite gouvènman pwovizwa a ?
Konbyen tan manda nouvo eli yo pral dire tout bon ? Eske yo pa paral pase ankò anba pye dat 7 fevriye a pou enstalasyon yon prezidan tou nèf, nan 5 an ? Pou yo pa repete tet chaje ak briganday Rene Preval te fè kont eli yo nan dat 11 janvye 1999 ?
Ki parad kominote entènasyonal la pral genyen, apre li fin jwe marèl pa l pou mennen operasyon elekyon yo kote yo ye jounen jodi a ?
Kouman popilasyon an pral wè tèt li devan pakèt dife boule sa yo ?
Se yon dikdal kesyon ki poko gen repons aklè, devan lòt reyalite ki prezante brid sou kou,
apre Konsèy elektoral pwovizwa a (KEP a) deside, vandredi 26 novanm 2005, voye pou 8 janvye ak 15 fevriye 2006 premye ak dezyèm tou eleksyon pou prezidan, senatè ak depite an Ayiti.
Se pou 15 mas 2006 KEP a prevwa eleksyon pou majistra ak konsèy administrasyon seksyon kominal yo (KASEK).
Plis kesyon pase repons
Nan milye politik yo nan Pòtoprens, kesyon ap poze, èske peyi d Ayiti pa antre nan yon lòt kriz avèk kalandriye definitif eleksyon yo. Gouvènman pwovizwa a, ki ap dirije peyi a depi mas 2004, toujou repete y ap rèmèt pouvwa a 7 fevriye 2006, san yo pa pran yon jou anplis, yon jou anmwens.
Gen moun ki lonje dwèt sou kominote entènasyonal la ki sanble ap marinen yon plan yo poko konprann tout bon. Petèt pou fòse pati politik yo fonn tèt yo nan 2, 3 alyans olye 44 gwoup politik ki nan kanpay pou al pran pouvwa.
Pi lwen pase pwoblèm kapasite manm Konsèy elektoral yo, jan manm enstitisyon eleksyon an te rekonèt verite sa a, tout moun wè men kominote entènasyonal la, espesyalman Oganizasyon Eta Ameriken (OEA) ak Pwogram Nasyon Zini pou Devlopman.
Men 2 gwo poto mitan entènasyonal sa yo tèlman antre byen fon nan òganizasyon eleksyon yo, gen yon kandida pou fotèy boure prezidan an, Charles henry Baker, ki fè konprann ta gen manm OEA ki ap jwe nan paspouki pou matlòt li. Kandida a pa bay plis presizyon sou akizasyon li a.
Antouka, sou plan teknik, dapre sa ki di, se kominote entènasyonal la k ap deside sou biwo vòt yo epi ki anchaje remèt kat idantifikasyon nasyonal yo( ti kat, ak foto plis siy men chak moun, yo rele ankò kat elektoral).
Kat idantifikasyon nasyonal la ta sipoze sèvi, dezòmè, pou idantifye chak grenn ayisyen nan tout kalite aktivite : pou fè yon biznis, pou achte oswa vann, epi anpil lòt bagay ki poko klè.
Jis nan finisman mwa novanm 2005 lan, pi fò fanm ak gason ayisyen, ki ta sipoze al vote nan eleksyon janvye, fevriye ak mas 2006 yo, poko resevwa kat elektoral yo.
Anplis, pwoblèm lis elektoral la poko rezoud. Se youn nan rezon ki ta esplike KEP a mize, anpil, nan wout, anvan li ateri nouvo kalandriye eleksyon yo ki pa kapab fèt an 2005 ankò.
Nouvo dat pou eleksyon ayisyen yo chita sou kalkil ki fèt parapò ak difikilte teknik ki prezante yo. Se sa responsab Konsèy elektoral yo deklare, detan yo pwomèt ankò y ap respekte echeyans tou nèf yo bay tèt yo a.
Tout moun ap fikse je yo gade pou wè ki sa k pral pase sou tè Ayiti a, apre gouvènman pwovizwa a te pran peyi a nan tonton nwèl 27 desanm 2005 pou premye tou vòt yo.[rc apr 27/11/05 00:05