Español English French Kwéyol

Jacques Chirac vle mete ola nan dezòd yo an Frans

Weibert Arthus

Paris. 14 nov. 05 [AlterPresse] --- Nan twazyèm entèvansyon li fè depi koumansman briganday yo, Prezidan fransè a konfime li pral pwopoze palman an pwolonje lwa 3 avril 1955 la. Se sou lwa sa gouvènman an te chita pou te mete eta dijans sou peyi a depi mèkredi pase. Li te dwe dire 12 jou pou te bout lendi pwochen.

Jounen jodi a, gen plizyè pati politik sitou pati kominis la, ak asosyasyon tankou SOS Rasis, ki mande otorite yo retire lwa 1955. Men, gouvènman an pa wè l konsa. O kontrè, yo prevwa pwolonje eta dijans la pou 3 mwa ankò.

Yon lòt bò, Jacques Chirac deside kreye on sèvis sivil volontè ki ap pèmèt 50.000 jèn jan jwenn travay pou yo fè nan lane 2007. Sèvis sa, daprè Prezidan an, ap ride jèn ki nan afè pa bon yo pran fòmasyon on mannyè pou yo ka travay.

Jacques Chirac deside manyen kesyon sosyal la trè fò lè l mande antrepriz yo ak òganizasyon sendikal yo fè on ti jefò pou jèn ki sòti nan katye difisil yo jwenn travay pou yo fè.

Prezidan an rekonèt, an Frans, gen anpil Kourikouloum Vite ki al dirèkteman nan kòbèy akòz non ak adrès mèt yo. Sa vle di, daprè jan ou rele, daprè kote ou rete, an Frans, li prèske enposib pou w jwenn on bon djòb.

Kanta kesyon lojman an, kesyon kote pou moun rete, Jacques Chirac mande reskonsab kominal yo respekte lwa ki egzije yo genyen 20 kay pou moun ki pa gen gwo mwayen -sa yo rele an Frans HLM osnon lojman sosyal- sou chak 100 kay ki genyen nan on komin.

Zafè sa se on gwo pwoblèm, paske gen on seri majistra kominal ki refize Leta bati kay pou moun ki pa gen mwayen nan komin yo, sitou se etranje ki prèske okipe tout kay sa yo an Frans.

Pou koulye a, otorite yo koumanse mete kèk chif deyò kòm bilan 2 semèn edmi vyolans yo. Premye chif yo sòti nan ministè lajistis ki fè konnen gen 597 moun ki fèmen nan prizon sou 2.734 ki te blije reponn kesyon lapolis.

Pou lanwit pase a, vyolans yo te rapouswiv nan plizyè vil an pwovens. Sitiyasyon an bese nan katye cho tou pre Pari yo. Men li toujou trè cho nan on gran vil tankou Lyon. Gen apeprè 40 vil ki toujou anba kouvrefe sou tout Lafrans.

Gen 284 machin ki boule nan dènye lanwuit la. Se on chif ki parèt wo men ki trè ba pa rapòt a sa ki ap pase an Frans depi 27 oktòb. Yo te konte pa egzanp semèn pase, 1.400 machin ki te boule nan on sèl lannwit. [aw gp apr 14/11/2005 22:00]