Español English French Kwéyol

Dife kontinye limen an Frans : otorite yo entèdi manifestasyon nan vil Pari

Pari, 13 novanm [AlterPresse] --- Otorite franse yo entèdi moun manifeste nan kapital peyi Lafrans pandan wikenn nan, ki koumanse vandredi 11 novanm nan ak yon jou konje.

Yo deside tou deplòtonnen 3 mil polisye ak jandam nan vil Pari, yon fason pou prevni zak briganday ki blayi nan peyi a depi plis pase 10 jou, dapre sa ajans AlterPresse aprann.

Depi kèk jou, gen on seri mesaj ki sikile sou entènèt ak sou SMS -ti mesaj yo voye sou telefòn- ki ta envite moun manifeste nan vil Pari epi fè briganday pou wikenn 12 novanm nan, daprè sa Prefekti Pari fè konnen.

Se poutèt sa, otorite yo deside entèdi manifestastasyon nan vil Pari, yon dispozisyon ki antre nan kad Eta dijans gouvènman an mete sou peyi a, depi mèkredi 9 novanm 2005 la.

Eta dijans la bay otorite yo dwa mete kouvrefe, sa vle di entèdi moun sikile nan on seri zòn, sòti 10 zè di swa pou rive 6 zè di maten. Depi mèkredi 9 novanm nan, majistra yo bay kouvrefe nan sèten vil tankou Wan (Rouen), (Le Av) Le Havre, (Nis) Nice, Lyon ak kèk komin toupre Pari.

Anplis de sa, minis Enteryè a Nicolas Sarkozy anonse l ap mete deyò nan peyi Lafrans tout etranje - menm moun ki gen papye - ki ta gen men yo tranpe nan zak vyolans yo. Deklarasyon Sarkozy a leve plim sou do pati politik nan opozisyon an ak òganizasyon dwa moun nan peyi Lafrans.

Depi Eta dijans la, zak briganday yo bese, men yo pa sispann nèt. Chak swa an Frans, yo kontinye boule plizyè santèn machin.

Sèlman vyolans la sòti nan yon zòn pou ale nan yon lòt. Vandredi swa 11 novanm 2005, gen on polisye ki boule grav anba esplozyon on kòktèl Molotòv. Sa moutre twoke kòn ant lapolis ak krazè brizè yo ap rapouswiv.

Pandan 2 semèn ki sot pase yo, lapolis poze lapat sou 2 mil 240 moun, gen 566 nan yo ki fèmen nan prizon, pami yo 102 ti minè.

Otorite yo mete lapat tou sou 5 polisye, gen youn ki dèyè bawo, poutèt yo te malmennen on jèn gason lendi 7 novanm, nan moman yo t ap mete lòd nan dezòd nan vil La Courneuve, ki chita nan nò vil Paris. [wa rc apr 13/11/2005 12:00]