Español English French Kwéyol

Chimen eleksyon poko fin byen balize an Ayiti

Pòtoprens, 19 okt. 05 [AlterPresse] --- Chimen eleksyon an poko fin byen balize an Ayiti, apre divès desizyon gouvènman an pran semèn pase epi ki koumanse aplike pou rezoud kèk pwoblèm nan pwosesis la.

18 oktòb sa a, premye minis Gerard Latortue fè konnen y ap pouse pou pi lwen dèle pou fèmen operasyon enskripsyon elektè yo, ki te dwe fini 15 oktòb. Li fè deklarasyon sa yo Nouyòk apre yon seyans travay Konsèy Sekirite Nasyonzini sou sitirasyon Ayiti a.

Konsèy sekirite a montre li gen enkyetid pou jan sitirasyon an prezante an Ayiti pandan peryòd eleksyon yo ap pwoche epi li krenn pou eleksyon yo pa ranvwaye. Li mande pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pibliye prese prese lis definitif kandida k ap patisipe nan kous elektoral la. Li mande tou pou idantifye biwo vòt yo.

Semèn pase premye minis Latortue te konfime premye tou eleksyon yo pap kab fèt 20 novanm jan sa te prevwa.

Prezidan KEP a, Max Mathurin, limenm tou, te rekonèt li materyèlman enposib pou respekte dèle 20 novanm nan. Li te fè deklarasyon sa a 15 oktòb pandan enstalasyon yon nouvo direktè jeneral KEP a, ekonomis Jacques Bernard.

Nouvo direktè sa a, se gouvènman an, ki te nonmen l apre travay komite pou apiye KEP a te fè. Wòl li se pou fè aktivite yo mache. Latortue te di se « nouvo patwon » KEP a.

Apa nominasyon sa, gouvènman an te anonse lòt dispozisyon, patikilyèman yon pase men nan dekrè elektoral la, ki elimine atik ki di kandida yo met deyò nan konpetisyon an, kapab al pote dosye yo devan kou kasasyon, pi wo nivo jistis an Ayiti.

Nan menm moman an tou gouvènman te anonse li kanpe yon komisyon ant plizyè minis pou mennen ankèt sou nasyonalite kandida yo. Komisyon sa a anba lòd minis jistis la Henry Dorléans.

Tout desizyon sa yo te rive pandan anpil pawòl t ap pale apre yon arè kou kasasyon te pran pou fòse KEP a antre nan lis kandida pou prezidan yo, Dumarsais Siméus KEP a te rejte.

Dumarsais Siméus, se yonn nan biznismann ki pi rich nan kominote Texas nan Etazini, kote li fè fòtin li. Misye te rekonèt li gen paspò meriken epi premye minis la te di li gen prèv Siméus te pran nasyonalite meriken.

Konstitisyon an pa aksepte doub nasyonalite epi li di si yon ayisyen te natiralize etranje, li pa fèt pou prezidan Ayiti.

Bri kouri sou lòt kandida pou prezidan tou ki ta pran nasyonalite etranje.

17 oktòb, prezidan pwovizwa Boniface Alexandre di l ap veye pou etranje pa patisipe nan kous elektoral la an Ayiti.

Men Siméus pa lage sa. Misye fè konnen kiksaswa kòman, li toujou nan kous la. 18 oktòb la, misye dekalre, se akòz se paske divès kandida pè l ki fè l ap rankontre pwoblèm sa yo epi misye di sektè k ap byen mennen yo pa vle chanjman.

Men, menm 18 oktòb la tou, KEP a anonse li pote plent nan lajistis pou Siméus poutèt misye ta sèvi ak fo pyès lè li t ap depoze kandidati li.

Pandanstan, kanpay elektoral la, ki te lanse 8 oktòb pase, ap dewoule nan divès rejyon nan peyi a, ak mitin kandida, swa nan lari ak nan kèk gran sal.

Nan Latibonit 17 oktòb la, gwoupman peyizan ouvè yon fowòm pou poze kandida kesyon sou pwogram yo epi sou angajman yo parapòta revandikasyon peyizan yo, sitou kesyon pwodiksyon nasyonal.

Bò pa li Fon Nasyonzini pou Ti Moun (UNICEF) anonse l ap ouvè yon fowòm nan Pòtoprens 20 oktòb pou diskite ak kandida yo pou yo kab antre ti moun nan ajennda yo. [gp apr 19/10/2005 12:30]