Mesaj Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede Kòz Fanm -KONAP, nan okazyon 17 oktòb 2005
24 èm Solidarite Feminis / nan lespri Defile
Kòdinasyon Nasyonal k ap plede kòz fanm - KONAP ap fè tout nasyon an konnen li mete ansanm ak 6000 lòt òganizasyon fanm nan pase 160 peyi sou latè pou goumen anba labanyè Manman Lwa Fanm yo Pou Limanite.
Manman lwa sa a se gid plizyè milye fanm nan gwo mouvman Mach Mondyal Fanm kite al bout 17 oktòb 2000 devan biwo Nasyonzini nan Nouyòk. Nan Mouvman Mach Mondyal la, Fanm yo te ranmase tout chay revandikasyon yo pou kwape vyolans sou fanm epi konbat lamizè. Fanm yo te remèt Kofi Anan, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, tout revandikasyon ak rekòmandasyon yo, yon fason pou reskonsab divès peyi te kapab aji kont vyolans sou fanm ak kont lamizè. An Ayiti, 53 òganizasyon fanm nan divès zòn nan peyi a te angaje nan Mach Mondyal Fanm la. Nan okazyon Mach Nasyonal nou, 29 septanm 2000, nou te remèt Kaye Revandikasyon fanm ayisyèn yo bay prezidan ki te sou pouvwa a.
Fanm yo pa janm sispann mache. 17 oktòb 2005, aksyon fanm yo ap manifeste nan 24è solidarite pou nou kontinye voye jete ak tout fòs nou sosyete miwo miba n ap viv la, ki plante rasin li nan sistèm patriyaka ak kapitalis la. 2 sitèm dominasyon ak peze souse. Patriyaka a k ap toupizi fanm, kote se gason k ap dominen - kapitalis la ki sèvi ak yon ti ponyen moun k ap jwi tout richès yo nan esplwate yon bon majorite fanm ak gason. Patriyaka a, makonnen ak kapitalis la, se 2 sistèm boutdi ki ap repwodui lamizè, esklizyon, vyolasyon dwa moun, espesyalman dwa fanm yo. 2 sistèm boutdi sa yo donnen yon seri politik chen anraje ki mete limanite ak tout planèt la andanje.
2 sistèm boutdi kapitalis la ak patriyaka a pap janm rive pèmèt fanm ak gason jwi libète yo genyen kòm sitwayen ak sitwayèn. Menmjan li pa rekonèt valè ak kontribisyon fanm yo pou limanite egziste.
2 sistèm boutdi sa yo pap janm kapab bay fanm yo plas yo genyen nan sosyete a. Okontrè se machin maspinay yo mete pou kenbe fanm yo anba dominasyon tankou vyolans sou fanm ki frape fanm yo nan lespri yo, nan kò yo epi ki atake diyite ak entegrite fanm yo. 2 sistèm sa yo malgre tout lwa, tout konvansyon, tout akò, fanm yo ak rès popilasyon an goumen pou rache, sistèm sa yo pa rive gen repons adekwa pou pemèt fanm yo jwi dwa sitwayèn yo. Kifè, fòk nou gade mond la ak yon lòt je, fòk kat la rebat. Se pou sa fanm yo blije tabli pwòp Manman Lwa nou ki reponn ak enterè nou, bezwen nou dapre vizyon pa nou.
Menmjan 17 oktòb Defile te ranmase rès Desalin, li pat fòl. Menm jan an tou, nan menm lespri Defile a nou menm nan KONAP, nou pran pozisyon nou.
Nou voye jete ak tout fòs nou kalite fòm sosyete sa a ki chita sou patriyaka ak kapitalis la pou nou konstwi yon limanite, yon lòt mond ki desitire krazezo, entolerans, esklizyon (mete moun sou kote). N ap konstwi yon lòt limanite,
Kote enjistis ak enpinite kaba; Kote se lajistis ki domine
Kote : yo respekte moun, yo rekonèt diferans, kote dwa ak libète fanm kou gason respekte.
Kote gen bonjan rapò egalego ki tabli ant fanm ak gason, pou fanm sispann viv anba maspinay ak vyolans, pou kò fanm respekte
Kote gen bonjan politik ki chita sou jistis sosyal, pou fanm sispann mouri nan fè pitit, pou fanm ale lekòl, kote yo bay travay fanm valè
Kote fanm viv tankou sitwayèn san mank.
Nan menm lespri ki te gide Defile, Katrin Flon ak tout lòt Ewoyin nou yo lè yo te potekole nan batay pou nou te gen yon Ayiti granmoun tèt li, nou menm fanm nan divès òganizasyon ki anndan KONAP, nou ap kontinye goumen sou labanyè Manman Lwa Mach Mondyal Fanm pou Limanite ki tabli sou yon seri valè ki se : Egalite, Libète, Solidarite, Jistis, Lapè.
Jodi 17 oktòb 2005 la, se anivèsè lanmò Jan Jak Desalin ki te youn nan papa nasyon an. San Desalin ak tout lòt fanm ak gason ki te koule pou ba nou nasyon an dwe sèvi angrè pou ranfòse kouray nou ak detèminasyon nou. Se nan lespri ki te gide zanzèt nou yo, nou menm òganizasyon anndan KONAP n ap chèche fòs pou nou konstwi yon lòt Ayiti. Nan menm lespri sa a, ak nan non patri a ki pou nou tout, KONAP envite tout fanm vin pote kole, yon fason pou lòt Ayiti sa a posib.
Pou rèl koze n pale nou te mache, nan Mach Nasyonal 29 septanm 2000
Pou rèl koze n gaye nou te mache nan Mach Mondyal fanm 17 oktòb 2000
Pou rèl koze n vanse, 17 oktòb 2005 n ap patisipe nan 24è solidarite feminis anba labanyè Manman Lwa Mach Mondyal Fanm.
Yon lòt Limanite posib
Yon lòt Ayiti posib
Yon lòt Kalite Rapò ant fanm ak gason posib
Pòtoprens, 17 oktòb 2005
Pou KONAP,
Olga Benoit, Solidarite Fanm Ayisyen - SOFA
Magalie Marcelin, Kay Fanm
Myriam Merlet, Enfofanm