Español English French Kwéyol

Inyon Peyi Ewòp yo debloke plis pase 72 milyon dola pou Ayiti

Pari, 18 oktòb 2005 [AlterPresse] --- 2 jou anvan konferans entènasyonal l ap fè sou Ayiti nan vil Briksèl, kapital peyi Bèljik, nan dat 20 oktòb k ap vini an, Inyon Peyi Ewòp yo anonse li debloke 72 milyon ewo anfavè peyi d Ayiti, dapre sa ajans elektwonik AltèPrès aprann nan vil Pari.

Lajan sa a, se on pati nan kòb Inyon an te dakò bay peyi a, men ki te bloke depi depi 4 an. Se komisyon Peyi Ewòp yo ki mande 25 peyi manm Inyon an debloke valè lajan sa a ki plis pase 72 milyon dola ameriken, paske ewo a pi fò pase dola ameriken an.

Komisyon an prezante aksyon sa a tankou on jès pou kore jefò gouvènman Ayisyen an ap fèt pou pèmèt demokrasi reprann pye nan peyi a.

Se depi 2001, Fon Ewopeyen, pou devlopman anfavè Ayiti, bloke, akòz magouy ki te genyen nan eleksyon 2000 yo ak maspinay dwa moun ki t ap fèt sou gouvènman Jean-Bertrand Aristide la.

Daprè komisè Peyi Ewòp pou Devlopman an, Louis Michel, lajan yo debloke a antre nan kad angajman espesyal Komisyon an pran pou kore gouvènman pou on ti bout tan an, nan jefò l ap fè pou pèmèt peyi a tounen sou reny dwa ak lalwa.

Inyon Peyi Ewòp ap òganize jedi 20 ak vandredi 21 oktòb 2005 yon konferans entènasyonal sou Ayiti. Premye minis pou on ti bout tan an, Gerard Latortue, gen pou pase an Frans mèkredi 19 oktòb 2005 anvan li rann li nan kapital peyi Bèljik. Detan li an Frans, Latortue ap pwofite rankontre premye minis fransè a Dominique de Villepin, dapre enfòmasyon ajans AltèPrès ranmase bò kote ministè afè etranje peyi Lafrans.

Se 4 triyèm konferans k ap fèt nan sans sa a, apre Wachinntonn, Kayèn ak Monreya, an 2004 ak 2005, depi Aristid tonbe sou pouvwa a.

Sanble konferans 20 ak 21 oktòb 2005 la, nan vil Briksèl, ap okazyon pou sous lajan ak enstitisyon entènasyonal yo gade ki kote operasyon eleksyon yo ye an Ayiti. Premye tou eleksyon pou depite, senatè ak pou eli yon nouvo prezidan, ki te dwe fèt 20 novanm 2005 lan, ranvwaye pou mwa desanm, nan on dat moun poko konnen. [wa rc apr 18/10/2005 18:00]