Pòtop, 5 okt. 05 [AlterPresse] --- Antwopològ Suze Mathieu fè vant siyati liv li a « Depi nan Ginen Nèg renmen Nèg : Kreyòl ak Demokrasi nan Peyi D Ayiti » 5 oktòb sa a nan Pòtoprens.
Nan liv sa ki gen 47 paj, pwofesè Mathieu bay repons pou yon seri kesyon moun toujou ap poze sou lang, tankou : kisa yon lang ye? Ki diferans ki genyen ant « lang » ak « dyalèk »? Ki kantite lang ki genyen sou latè? Plas lang kreyòl la pami tout lang ki genyen sou latè.
Antwopològ Suze Mathieu fè konnen gen anpil moun ki panse lang kreyòl la ap disparèt, epoutan se pa vre ditou, okontrè l ap layite.
« Gen anpil moun nan lòt peyi ki pale l, gen plis pase 13 milyon moun ki pale kreyòl. Apre Espanyòl, nan Karayib la se kreyòl yo plis pale », se sa otè di AlterPresse.
« Depi nan Ginen Nèg renmen Nèg : Kreyòl ak Demokrasi nan peyi D Ayiti » se yon pati nan yon liv otè a ap ekri. Liv sa poze pwoblèm kiltirèl ak idantite nan sosyete ayisyen an. Li pale tou sou chak Ayisyen kapab fè pou l rive tabli yon sosyete tounèf.
« An Ayiti, lide nou gen nan tèt nou, pa rapò ak nou menm, pa rapò ak sa nou ye, pa koresponn ak reyalite nou. Li enpòtan pou n mete enfòmasyon deyò sou baz bon jan rechèch syantifik pou nou ka konprann tèt nou pi byen, pou n wè tèt nou pi klè », se rezon sa ki fè Suze Mathieu ekri liv sa.
Pwofesè a estime se nan solidarite ki fè pèp Ayisyen ka rive kote li ye jounen jodi a. Anvan te gen Afriken sou bout tè sa a, se Amerendyen ki te genyen. Nou youn te toujou jwenn yon fason pou n te soutni lòt pou tabli yon sosyete, dapre sa pwofesè a di.
Daprè Suze Mathieu, kreyòl la gen anpil avni. Nan inivèsite aletranje, tankou inivèsite Enndyana nan peyi Etazini, gen anpil etid ki fèt sou lang sa tout Ayisyen alawonnbadè pale. Nan Monreyal O kanada, yo bay lang sa anpil enpòtans. Se sa ki fè gen yon seri aktivite ki tanmen depi kòmanse mwa oktòb la nan peyi sa pou mete Kreyòl la alonè.
Suze Mathieu rete kwè li enpòtan pou kou ta fèt an kreyòl nan tout lekòl ki genyen nan peyi D Ayiti. Lè sa a timoun yo t ap rive aprann pi byen epi rete nan kilti pa yo. Sa t ap pèmèt yo aprann lang etranje tou san traka ak dlo nan je.
« Livrè sa a, li menm, konsidere wòl lang kreyòl la nan pwosesis pou nou rive nan sosyete demokratik la ak plas kreyòl la oblije genyen pou nou rive bati nouvo sosyete nou an », se sa nou li nan do liv la.
Antwopolòp Suze Mathieu rete kwè lang kreyòl se yon zouti ki nesesè pou fè demokrasi a vanse nan peyi D Ayiti. « Nou paka fè demokrasi san lang kreyòl la », daprè pwofesè a. [do gp apr 05/10/05 14: 40]