Nòt pou laprès Jistis ak Lapè
AlterPresse jwenn dokiman sa a 24 septanm 2005
Komite Egzekitif Komisyon Jistis ak Lapè te reyini nan dat 21 sektanm 2005. Li esprime kè sote li lè l wè fason zafè eleksyon 2005 la ap mache nan peyi a.
1. Pandan KEP la ap fè lwanj tèt li paske genyen 2.300.000 moun ki enskri pou pran kat sitwayen, kè nou sere lè n wè se nan chimen yon eleksyon k ap mete moun sou kote nou prale. Konbyen moun andeyò ki te kapab pran kat sitwayen an ? Konbyen moun nan seksyon kominal yo ki gen tan enskri ? Konbyen kote ki pa t gen biwo pou enskri ? Sa k rive enskri yo, konbyen tan yo te blije mete pou sa, konbyen imilyasyon yo te blije pran ? Ki jan y ap fè eleksyon pou ASEK ak KASEK nan yon seksyon kominal kote se sèlman 10 sou 100 moun ki genyen yon kat sitwayen ? Depi nan konmansman an yo te chwazi gwo teknik pou fè kat sila a. Yo te dakò pèdi anpil tan pou plezi ak enterè kèk moun, nan yon peyi kote menm vil yo pa gen kouran 24 sou 24 ; alewè kondisyon lavi moun nan seksyon kominal yo. Plizyè fwa Jistis ak Lapè te denonse sityasyon sila a, nan laprès lokal ak nan lèt li te voye bay manm nan KEP la. Jodi a, tan pou enskri a prèt pou fini, nou pè pou n pa ale nan yon eleksyon kote peyizan yo nan peyi a ap sou kote pi plis toujou.
2. Reyalite peyi a se pakèt moun ki pa konn li ak ekri. Se pa fòt yo, se reskonsablite Leta ak sa k te nan pouvwa politik nan tan pase yo, si sityasyon peyi a konsa. Tout moun sa yo se sitwayen yo ye. Men, lè n gade Dekrè elektoral la, nou pa jwenn anyen ki prevwa pou pèmèt moun ki pa konn li ak ekri kapab vote kòmsadwa. Tout moun ki te obsève eleksyon yo nan lane 2000, konnen ki jan yo te sèvi ak sitiyasyon sa a pou òganize fwod ak magouy pandan eleksyon yo. Ki jan moun sa yo ap kapab chwazi moun yo vle a pami tout foto, anblèm ak nimewo anviwon 50 kandida pou prezidan ak nan mitan pakèt anblèm ak chif yon latriye pati politik ? Komisyon Jistis ak Lapè te pwopoze pou yo te pèmèt moun ki pa konn li ak ekri yo vini ak yon moun yo menm yo chwazi pou ede yo ranpli bilten yo. Jodi a, lavèy yon nouvo eleksyon, nou konstate se moun ki pa konn li ak ekri yo y ap mete sou kote ankò yon fwa.
3. Lè n gade pakèt moun ki vle chita sou chèz boure a, sa fè n konprann se ak sèl pati politik yo KEP la te prepare eleksyon k ap vini yo. Ki mele yo ak popilasyon an, depi eleksyon an fèt selon mezi sa politisyen yo vle. Epoutan, se sitwayen ki fè eleksyon. Eleksyon pa ta dwe yon batay ant pati politik ak politisyen. Eleksyon ta dwe yon moman sitwayen yo nan peyi a konfye yon manda bay moun ki dwe òganize peyi a anfavè yo. Politisyen, sispann vòlò konfyans moun nan fè pwomès ak pwogram ki vid. Si se demokrasi tout bon nou vle, se pa dèyè chèz prezidan an nou ta kouri. Si se sitwayen nan baz la ki pi enpòtan, ann gade ki jan n ap fè pou pakèt peyizan ki sou kote jodi a ap kapab patisipe toutbon pou bati avni peyi a.
Men ki sa n pwopoze :
1. Edikasyon sivik la ta dwe kòmanse deja.
2. Pwolonje tan pou anrejistre sitwayen yo ki nan seksyon kominal yo kote sa nesesè, etan n al jwenn yo kote yo ye a.
3. Klarifye Dekrè elektoral la pou fè vòt la vin posib pou moun ki pa konn li ak ekri yo.
4. Se pou KEP la respekte tout antant ak moun ki angaje nan aparèy elektoral la, pou yo pa jwenn rezon pou antre nan koripsyon.
5. Se pou KEP la byen etidye ki kote l ap mete biwo vòt yo, pou pa gen plis konfizyon toujou jou k ap gen eleksyon yo.
Potoprens, 21 septanm 2005
Se Komite Egzekitif Nasyonal Jistis ak Lapè ki voye nòt sila a
P. Gérald Domond ak Marie-Ange Dagrin (Sides), P. Antoine Paul-Vérèl ak Xavier Edwitch (Grandans), Menelus Elianne ak Joseph Nardège (Nodes), P. Attilus Desca (Lwes), Désumé Israck ak Marc-Edy Dessalines (Latibonit), Jn René Aubain, Rosemonde Sauray ak Agéna Dominique (Sid), Joseph Alucia ak Nicolas Valcimond (No), Odulson Désarmé ak Céné Francklin (Sant), P. Jean Hanssens, Chrislaine Beaubrun (Komite Direte Nasyonal).