Deklarasyon Solidarite Ant Jèn (SAJ)-Veye Yo sou kontèks politik la
Depi kèk semèn sitiyasyon boulvès k ap brase bil peyi a pran yon vitès siperyè. Lit sosyal ak politik yo relanse. Flanm mobilizasyon popilè reyèl ak konsekan kòmanse limen. Yon lòt fwa ankò, se jenès la (etidyan, élèv) ak divès lòt sektè ki pran yon fason total kapital chimen lit ak mobilizasyon an.
Pou nou menm nan SAJ/Veye yo li nesesè pou kan popilè a ankouraje kokenn chenn mobilizasyon sa a, òganize l pandan l ap poze kesyon sou pwoblèm fondal natal sosyete a nan konjonkti sa a. Nou menm nan SAJ/Veye Yo, nou kwè li nesesè pou kan popilè bay lavalas kat, patikilyèman Jan Bètran Aristid akòz kout ponya li bay tout revandikasyon senbòl Sen Jan Bosko a te charye tankou :
ï‚· Batay pou tout moun viv tankou moun ak diyite yo, konsyans yo pou yo chanje kondisyon lavi yo.
ï‚· Batay pou fè respekte dwa yon seri kategori sosyal pou viv kòmsadwa, ouvriye, ti peyizan, chomè, atizan, elatriye.
ï‚· Batay pou fè respekte dwa grandèt majè peyi a.
ï‚· Batay pou tabli yon politik ekonomik ki chita an premye sou resous peyi a ak pwoteje pwodiksyon ti pwodiktè yo, tankou ti peyizan, atizan, elatriye.
ï‚· Batay pou yon seri revandikasyon popilè jwenn bon jan repons: kochon kreyòl, refòm agrè, kredi agrikòl…
ï‚· Batay pou, anplis jistis sosyal, rapouswiv tout moun ki enplike nan masakre ti peyizan, sòti nan masak Jan Rabèl la pou rive nan koudeta 91 lan.
Lavalas ak Aristid krache sou pwojè sa a. Yo fè alyans ak panzouyis 30 septanm yo, tankou Kaliks Delatou, y ap aplike alalèt medsin chwal FMI, bank mondyal, yo fè peyi a tounen sèvyèt pye gwo peyi enperyalis yo, yo lage mas yo nan yon mizè san parèy, yo itilize malsite yo pou fè yo tounen chimè pou komèt krim politik pou defann privilèj yo. Aristid ou trayi senbòl Sen Jan Bosko la salin nan, ou trennen peyi a, mas popilè yo nan yon sitiyasyon twou won san fon.
Men divès sektè popilè konsekan dwe kenbe tèt yo frèt. Mas yo pa gen pou kwape kadav pou ale ranmase sèkèy. Sa vle di :
1. Menm si nou bouke, menm si n ap batay pou kwape Lavalas ak Aristidas se pa okenn lòt sektè reyaksyonè yo vin bay kalinda. Batay la rèd, sitiyasyon an difisil, men nou dwe bare wout ak kèlkeswa kouran reyaksyonè, ki pare pou aplike tèt bese politik bout di ak neyoliberal la, tankou: Inyon Patriyotik, Konvèjans ak yon posib retou militè yo.
2. Nou pa dwe konte sou okenn fòs etranje oubyen peyi enperyalis nan batay nou. Solisyon pwoblèm pèp la se nan men pèp la li chita. Nou dwe goumen kont sitiyasyon kote peyi a ap vin pi restavèk, kote gouvènman ayisyen tounen yon ti poul ki mare nan pye tab enperyalis meriken.
3. Se ijans jounen jodi a pou sektè popilè yo òganize yo, mobilize pandan y ap konstwi yon altènativ demokratik ak popilè. Etidyan, ouvriye, elèv, fanm, peyizan, ti machann, chomè, se sèl nou menm ki ka angaje tout bon vre peyi a sou chimen chanjman total kapital la. Batay la jounen jodi a nan yon kalfou danjere. Nou dwe kwape Lavalas anmenm tou n ap kouche ankwa sou chimen lame ak tout lòt fòs reyaksyonè tchoul enperyalis ki reprezante a travè Konvèjans, Inyon Patriyotik, Rèl Vètyè. Batay sila a difisil epi konplike, men se sèl chwa konsekan nou ka fè jounen jodi a.
Mo dòd la jounen jodi a, n ap dekwoke Lavalas/Aristid ak tout lòt fòs reyaksyonè yo pandan n ap konstwi epi voye monte altènativ pa nou.
Pèp ki wè klè, Pa reve je klè !
Oganizasyon nan aksyon pou liberasyon Ayiti.
Pòtoprens jou ki 11 desanm 2002
Pou sekretarya SAJ/Veye Yo
Chal LEFEV