Español English French Kwéyol

Eleksyon an Ayiti: Divizyon posib nan mitan moun ki pral vote yo

Potoprens, 18 septanm 05 [AlterPresse] --- An atandan konsèy elektoral pwovizwa a (KEP a) deside ki kandida ki ranpli kondisyon pou fè kanpay, gen posiblite pou yon gwo divizyon tabli lakay moun ki gen entansyon vote nan eleksyon novanm desanm 2005 ak janvye 2006 yo.

Pati politik an Ayiti yo pa rive fè okenn antant pou rasanble fòs yo nan 2-3 alyans, jan popilasyon an te swete sa depi lontan. Konsa, anpil nan moun, ki deja enskri tèt yo kòm moun ki kapab vote, sanble pral gen difikilte pou konnen ki pati politik yo dwe chwazi.

Jiska prezan, kandida pou fotèy boure prezidan an montre yo pa gen vizyon, paske konstitisyon 29 mas 1987 la remèt bay gouvènman an, k ap gen alatèt li yon Premye Minis, kesyon pou mennen bak peyi a.

Anplis, eleksyon novanm desanm 2005 ak janvye 2006 yo dwe pèmèt estrikti tou nèf kolektivite teritoryal yo, avèk reprezantan konsèy depatmantal, al patisipe nan konsèy minis ki pral defini ak deside jan peyi a dwe mache. Konsa, se pa nouvo prezidan tou nèf, k ap monte 7 fevriye 2006 la, ki pral responsab dirèkteman jan bagay yo dwe fèt epi ki politik jeneral y ap plike nan peyi a.

Apre eleksyon yo, se pati ki gen plis moun nan lachanm senatè ak depite ki pral bay nouvo chèf gouvènman an k ap gen pou prezante deklarasyon politik jeneral li devan Palman an.

Nan moman KEP a fèmen enskripsyon kandida yo 15 septanm 2005 a minui, gen 54 kandida ki sou lis pou al patisipe nan eleksyon pou prezidan. KEP a gen pou presize nan jou k ap vini yo, ki yès ki gen bon dosye ak ki kandida ki p ap kapab al fè kanpay.

Pi gwo sipriz nan operasyon eleksyon yo, se pati politik Fanmi lavalas ki parèt ap jwe plizyè zèl kat. Ofisyèlman, pati ansyen diktatè Jan Bètran Aristid la enskri 2 kandida pou prezidan : Louis Gerald Gilles, ansyen senatè konteste eleksyon 2000 yo, ak Marc Louis Bazin, ansyen minis Aristid pandan 2 fwa.

An menm tan, gen ansyen patizan lavalas ki enskri ansyen prezidan Rene Garcia Preval sou banyè yon rasanbleman yo rele Lespwa, ki gen ladan : Pati Louvri Baryè, pati Efò ak Solidarite pou konstwi yon Altènativ Nasyonal ak Popilè (ESKANP) ak Pati Kowòdinasyon Revolisyonè Grandans (KOREGA).

Jean Marie Cherestal, ansyen Premye Minis Aristid, enskri tou kòm kandida sou banyè yon nouvo pati politik ki rele Pou Nou Tout (PON).

Lòt ansyen patizan lavalas enskri kòm kandida pou prezidan Dany Toussaint, ansyen majò lame ak ansyen chèf lapolis enterimè an 1994, sou banyè pati Mouvman Demokratik Refòmatè Ayisyen, ki gen tin non jwèt MODERE.

Sa vle di, pati fanmi Lavalas pral chèche ki jan l ap genyen eleksyon yo ak plizyè pyon li mete sou teren an, san konte lòt kandida ki pa afiche yo dirèkteman kòm zanmi pati sa a.

Anpil moun panse, se yon souflèt pou pati politik ki te matlòt Aristid epi ki kab pran yon gwo baf nan eleksyon ki pral fèt yo, dèske ti kras inite yo te rive mete kanpe, nan kad konvèjans demokratik oswa platfòm demokratik pou jete diktati Aristid la, fonn kon bè apre 29 fevriye 2004.

Ansyen prezidan Rene Preval, ki pa t vle pale ak Laprès, nan moman li t ap enskri tèt li kòm kandida pou prezidan, te gen ak li ansyen responsab sekirite piblik Robert Manuel ak ansyen depite Joseph Jasmin nan moman li t al pote pyès li. Gen moun ki di, prezans Robert Manuel se yon avètisman pou yon seri moun li pa t dakò ak yo, nan mitan patizan lavalas yo.

Se sou Preval gwo kriz politik la koumanse avèk eleksyon tèt chaje 1997 yo, demisyon Premye Minis Oganizasyon Pèp k ap Lite (OPL), san konte desizyon kraze lachanm senatè ak depite, revokasyon majistra ki te eli, epi elekyon gagòt 2000 yo, ki vin abouti nan sitiyasyon nou genyen kounye a.

Eske alatèt pati politik Fanmi Lavalas, ki sou teren an Ayiti a, ta vle chanje estrateji, parapò ak politik vyolans yo kont soutni nan dènye ane sa yo ?

KEP a, ki pwolonje jis nan dat 20 septanm enskripsyon pou moun ki ta sipoze al vote yo, kapab kontinye enskripsyon toujou apre dat sa a, nan kèk zòn, sizoka li remake gen anpil moun ki anvayi biwo yo nan jou k ap vini yo.

Apre l fin fouye dosye 54 kandida pou fotèy boure prezidan an te remèt li, KEP a sipoze fè konnen, pou pi ta 8 oktòb 2005 k ap vini a, ki kandida ki ranpli kondisyon pou demare kanpay pou rale moun al vote pou yo, k ap koumanse nan menm dat 8 oktòb la.

Nan dat 17 septanm 2005, se 2 milyon 300 mil moun ki deja enskri pou jwenn kat idantifikasyon nasyonal yo, sou yon chif pase 4 milyon moun ki ta sipoze enskri kòm elektè. [rc apr 18/09/2005 00:45]