Pari, 13 septanm [AlterPresse] --- Peyi Lafrans pral pwofite 60 tyèm asanble jeneral Nasyon Zini a, nan mwa septanm 2005 la, pou diskite, avèk peyi Zanmi Ayiti yo, sou posibilite pou voye yon fòs militè andiplis an Ayiti, dapre sa ajans AltèPrès aprann nan vil Pari nan dat 13 septanm.
Fòs militè sa a ta dwe genyen ladan li on seri jandam espesyalize, yo rele an franse « super gendarmes », k ap la pou kore Minista nan retabli lòd nan peyi a, dapre sa pòt pawòl an apre ministè Afè Etranje peyi Lafrans deklare nan rankont li fè ak Laprès 13 septanm.
Zafè sekirite, se pi gwo pwen k ap nan diskisyon semenn sa a, nan vil Nouyòk, ak peyi zanmi Ayiti yo, dapre pòt pawòl an apre ministè Afè Etranje a, ki gen ti non jwèt « Quai d’Orsay ».
Rebati Ayiti, èd pou pou devlopman epi zafè eleksyon se lòt pwen yo pral manyen nan chita pale peyi zanmi Ayiti yo.
« Lafrans pral gade, avèk gwoup peyi « zanmi Ayiti yo », ki jan sa ye nan peyi karayib la.
Etazini, Lafrans, Kanada avèk yon seri peyi Amerik Latin, se yo ki pral reflechi sou koze Ayiti a, detan asanble jeneral nasyon zini a ap fèt nan Nouyòk. Se nan kad seri rankont sa yo diplomat fransè yo ap abòde dosye Ayiti a.
Reyinyon ki pral fèt Nouyòk yo, ant peyi zanmi Ayiti yo, ap suiv seri diskisyon Etazini ak Lafrans te genyen nan dènye mwa sa yo sou Ayiti.
2 peyi sa yo deja tonbe dakò, plizyè fwa deja, ak lide pou voye kèk fòs espesyalize an Ayiti, nan lide pou troke kòn ak koze ensekirite, epitou ak difikilte Nasyon Zini te genyen pou mete bout nan zak vyolans ki te blayi nan dènye mwa sa yo nan Pòtoprens.
Malgre te gen yon ti kalmi depi apeprè yon mwa konsa, atoufè ak zam t al fè sou Belè zak briganday nan wikenn 10 septanm 2005. Laprès fè konnen tou gen moun yo dappiyanp tou nan dènye jou sa yo.
Nan plas prezidan Jacques Chirac, ki te kouche lopital pandan tout semèn pase a, se premye minis Dominique de Villepin k ap dirije delegasyon fransèz la nan 60 tyèm asanble jeneral Nasyon Zini a.
Delegasyon Lafrans la ap gen tou minis zafè etranjè a, Philippe Douste-Blazy ak Minis kowoperasyon, devlopamn ak frankofoni a, Brigitte Girardin, ki fèk pase an Ayiti nan finisman semèn pase a. [wa rc apr 13/09/2005 21 :30]