Pari, 13 septanm 05 [AlterPresse] --- On seremoni ekimenik, sa vle di on seremoni ki reyini divès kalte relijyon, fèt lendi 12 septanm 2005 la nan vil L’Hay-Les-Roses, tou pre Pari, nan memwa 18 moun, pami yo 9 Ayisyen, ki te mouri toufe nan on dife ki te pete lannuit 3 pou antre 4 septanm pase.
Plizyè mil moun te patisipe nan seremoni sa a, sitou sila yo ki rete nan 112 apatman (112 kay) ki gen nan bilding nan. Fanmi mò yo te depoze bouji devan 18 plak ki pote non viktim yo.
Anviwon 10 entèprèt nan konsèvatwa minisipal l’Hay-Les-Roses te anime seremoni a avèk mizik konpozitè tankou Bach, Mozart, Vivaldi ak Gershwin.
Anvan seremoni a, te gen on manifestasyon an silans ki te fè tou vil la pou bout nan estad kote seremoni a te fèt, apati 19è (lè Lafrans, 1 è apremidi an Ayiti).
9 Ayisyen yo, pami yo yon ti gason, ki te fèt an Frans, ansanm ak lòt viktim yo pa mouri boule. Yo pito mouri toufe, nan respire move lè.
Pifò Ayisyen ki mouri nan dife a, se pa moun ki rete nan vil L’Hay-Les-Roses. Se pito moun ki te vini nan on fèt yo t ap òganize lakay on fanmi ayisyen ki rete nan bilding kote dife a te pete.
Se nan lanwit samdi 3 pou louvri dimanch 4 sektanm 2005 dife a te pran nan bilding lan.
Jouk jounen jodi a, otorite yo poko remèt kò yo bay fanmi viktim yo.
Yon semèn apre katastwòf sa a, moun k ap viv nan zòn nan trè an kòlè kont lotè dram lan.
Depi semèn pase, lapolis poze lapat sou 4 jenn fi ki ta lakòz dife an. 3 ladan yo se ti minè. Yo te limen dife a nan bwat lapòs (bwat pou resevwa lèt) on lòt jèn ti fi, ansyen zanmi yo, ki te nan kont avèk yo.
Seremoni lendi 12 sektanm nan te fèt an prezans reprezantan diplomatik Ayiti, Aljeri, Mawòk ak Tinizi, prensipal peyi ki gen sitwayen yo viktim nan katastwòf la. Plizyè otorite peyi Lafrans, yon minis gouvènman Villepin an, eli depatman an ak prezidan konsèy jeneral àŽle-de-France la, te prezan nan seremoni a. [wa rc 13/09/2005 7 :30]