Tribin
James Darbouze*
Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 4 oktòb 2025

« Tu vois rien n’a vraiment changé
Depuis que tu nous a quittés
Les cons n’arrêtent pas de voler
Les autres de les regarder »
Jean Ferrat, Pauvre Boris, 1966.
“Konbyen tan y ap kontinye touye pwofèt nou yo pandan n ap kanpe ap gade san nou pa fè anyen !!! “
Bob Marley, Redemption Song
Yon jou tankou jodi a, sa gen 25 lane, lendi 2 oktòb 2000 kanmarad nou Klod Rene (Ti Pousyè / El flaco) te deside kraze yon kiite sa ak lavi. Si memwa m pa twonpe m, yon grenn bal avèk yon revòlvè epi tout bagay fini. Gen de zak yon moun fè ki montre ou gen bonjan grenn. Moun kap pale kapab toujou di tout bagay men yo pa foutu di w pa t gen kouraj. Se konsa Klod Anry Rene (1963-2000) te chwazi kite lavi avèk yon dènye jès kouraj. Anpil moun, pami yo mwen menm, te refize konprann zak la. Li pa t fè sans !!!
Nan ka pa m, sitou de (2) jou anvan sa, nan samdi 30 sektanm nan aswè, Klod avè m te nan yon gwo diskisyon taktik avèk estratejik sou kisa pèspektiv batay yo ta pral ye pou omwens de (2) lane ki ta pral vini yo. Li t ap fikse tach nou genyen pou n akonpli ak egzekite pou mennen batay la kote nou dwe mennen l. Zak la pa t fè sans !!! Nou te enkonsolab ! Men bon, li te fèt, li te fèt nèt.
Anmenmtan tou, an bon dyalektisyen materyalis, se pa konmsi nou pa t toujou konnen lanmò fè pati ekwasyon batay la, ekwasyon lavi a menm. Yon pawòl Klod te konn di sete « Nou pa vin fè matyè sale pa bò isit ». Ki vle di nou menm militan k ap batay pou lavi fleri pou tout moun, tankou Che Guevara, Boukman ak Makandal, nou pare pou lanmò depi l vini. Sete yon bèl fòmil dyalektik. Men di l ak bouch se youn, fè l se yon lòt. San konte, si lanmò vini an se youn men ale chache l la, pwovoke l oswa pote tèt ou ba li an sete yon lòt nivo. Menm moun ki maton nan levanjil, ki swadizan kwè yo pral resisite pou byen viv nan paradi pa gen kouraj fè zak sa. Yo souvan pito kontinye rete la !!! Antouka !!!
Yon kesyon m pa janm rive reponn se èske nan moman Klod t ap poze zak sa li te konnen 21 lane anvan l, 3 oktòb 1979, Nikos Poulantzas (1936-1979), gwo teworisyen maksis ak militan kominis grèk te touye tèt li tou. Li te mouri mò kraze apre l te fin lage kò l anba nan yon bilding. Li te pase nan fenèt 5èm etaj la. Poulantzas te gen 43 lane, li te manm yon pati kominis peyi Lagrès. Byen petèt Klod te okouran istwa sa. Men kisa k te pase menm nan lendi 2 oktòb 2000 sa?
Sa k te pase menm pou kanmarad la pran yon desizyon radikal konsa ?
Otan m sonje, Klod te rete alepòk sou Nazon. Anjeneral jou lendi, li te konn toujou rive nan biznis la, Village Cybernetique, nan aprèmidi zon 1nè yo. Jou lendi 2 oktòb sa, pandan l ap soti pou l desann lavil, li ale kwaze avèk yon manifestasyon patizan Lavalas yo te ap fè pou sipòte Jan Bètran Aristid ki alepòk ta prale kandida pou retounen prezidan peyi a nan eleksyon novanm 2000 yo. Manifestan Lavalas yo te dechennen. Klod rele radyo Kiskeya kote li fè yon deklarasyon anrejistre. Klod Rene sete yon militan anpil moun konnen.
Nou tout konn kijan istwa re-eleksyon Aristid sa pral fini kat (4) lane pita. Men annatandan, nan chòk moman an menm, Klod li menm te « degoute », li te gen anvi vomi, pou l wè moun yo nan lari ap sipòte Aristid apre tout likidasyon peyi a mouvman Lavalas la (Aristid avèk Preval) te fè.
Aristid ak Preval – marasa yo – t ap byen pase men li enpòtan pou n fè sonje kondisyon lavi popilasyon an pa janm amelyore plis pase sa a sou rejim Lavalas yo. Sitou te gen yon bann angajman Aristid te negosye nan lane 1994 pou pèmèt li retounen nan tèt peyi anba benediksyon yanki yo (operasyon Uphold Democracy), Bil Klinntonn nan tèt. Li te fè yon ti dezòd ki ta pral koute peyi a ak moun k ap viv ladann chè. Ti dezòd pou li, gwo konsekans sou lavi nou jiskaprezan.
Nan yon rapò Fonds Nations Unies pour la population (FNUAP) te pibliye nan epòk swisid Klod la (sektanm-oktòb 2000), yo te plase popilasyon Ayiti nan dènye pozisyon nan sa ki gen pou wè ak kalite lavi moun parapò avèk lòt peyi nan rejyon Karayib la. Poutèt pa egzanp sou 8 milyon 200 mil moun ki te nan popilasyon ayisyen an epòk sa, 50 % ladan yo pa t gen ankenn aksè swen sante ak laswenyay. Poutan sete demokrasi ki t ap donnen depi 1994.
Nan menm rapò sa, ki t ap mezire tou nan ki nivo chak peyi rive nan sa k gen pou wè avèk kantite tan moun viv (espérance de vie), nivo ledikasyon ak kantite lajan reyèl moun genyen nan men yo pou viv, peyi Desalin nan te 150 sou 174 peyi yo te konsidere. Li klè zansèt nou yo pa t travay pou sa. Se sèl manfouben ak ensousyan pou sitiyasyon sa pa ta di anyen ! Klod pa t manfouben. Men kilès Klod Rene te ye?
Klod Anry Rene?
Si n ap itilize tèm ki alamòd jounen jodi a, nou ta gen dwa di Klod sete yon inovan. Li te gen lespri inovasyon ak entèlijans pou antisipe koneksyon ak devlopman sa anpil moun pa wè oswa pran tan pou yo wè. Se Klod ki entwodui enfòmatik nan plizyè antite nan inivèsite Leta a tankou Lekòl Nòmal. Enfòmatik, wobotik sete youn nan pasyon l. Nan Lekòl Nòmal la, li konsevwa ak devlope laboratwa enfòmatik la epi ensiste pou kou enfòmatik fèt depi nan lane 1997-1998 pou tout etidyan, nan moman filyè sa pot ko vrèman alamòd.
Men sitou Klod Rene (1963 – 2000) se te yon militan revolisyonè kominis ki t ap batay pou transfòme peyi a ak lemonn nan enterè mas travayè yo. Lè m rankontre Klod ak tout ekip militan Kolektif yo an 1996-97, mwen te jèn etidyan apèn rantre Lekòl Nòmal Wo Nivo (pou m reprann Henock Franklin).
Jan m te ekri sa an oktòb 2001, nan yon tèks pou make premye lane depa kanmarad la, Klod sete yon rankont estriktiran pou mwen alafwa sou plan politik, akademik ak pèsonèl. M te konn tande pale de kominis, m te grandi nan yon epòk kote kominis te kòmanse sispann yon gwo mo apre 1986. Nan klas twazyèm segond, Oganizasyon Travayè Revolisyonè (OTR) te gen yon jèn kanmarad ki te konn distribye jounal la voix des travailleurs (VdT) nan Lise a. Nou te konn li, nou te konn diskite men sa sete literati, sete tewori. Avèk Klod, pou yon fwa mwen te gen posiblite frekante, diskite epi fonksyone ak yon militan kominis revolisyonè tout bon nan lavi chak jou. Yon moun se batay politik pou transfòmasyon sosyete a ki òganize lavi l, ki estriktire zak li ak panse l. Se sa ki te priyorite l. Tout lòt bagay vin apre. Menm lavi !!! Li pa t egare, poutan li pa t ap chache gany pèsonèl ak bèl lavi pou tèt li nan batay politik bò kote mas yo.
Lè wout mwen kwaze wout Klod, li te gen tan gen omwens 20 lane batay nan palmarès militan l. Pase nan Federason Komite Katye (FEDKKA), nan Asanble nasyonal Oganizasyon Popilè (ANOP) nan batay kont koudeta militè (1991-1994) pou rive nan Kolektif kont FMI ak Plan Neyoliberal (1995-1997), Klod sete yon miitan kominis revolisyonè à temps plein.
Premye kolaborasyon dirèk nou se nan eksperyans tou kout (petèt 3 nimewo) jounal Rebèl. Nou kòmanse kolabore nan jounal la an 1997, apre sa, nou menm jèn manm ekip la ale pran seminè fòmasyon entansif sou kominikasyon sosyal ak politik avèk Anil nan FASCH. Anmenmtan tou Klod pase nou divès nimewo Kaye Popilè ANOP te fè pou kadre kèk tèm enpòtan nan batay mas yo. Pèsonèlman, se nan literati kaye popilè yo mwen pral vin maton nan li ak ekri kreyòl. Se konsa Klod pral pase nou plizyè, mwen menm anpatikilye, yon konpreyansyon, yon enèji ak yon antouzyas pou konstwi ansanm ki pa janm lage nou jiskaprezan, 25 lane apre li fin kite nou.
Bon nou di Klod Rene sete yon militan revolisyonè kominis, ann gade kisa revolisyon kominis la ye ?
Kisa revolisyon kominis la ye ?
Pou n byen konprann kisa yon revolisyon kominis ye, fò n konprann n ap viv nan yon sistèm kapitalis kote prensipal objektif tout òganizasyon sosyal la se pèmèt yon ti minorite moun – ki kenbe mwayen pwodiksyon sosyete a anba men yo – fè lajan tout jan, tout fason. Moun sa yo se pwofitè. Yon fwa nou konprann sa, n ap konprann se sistèm kapitalis sa ki mete nou nan sitiyasyon malsite nou ye jounen jodi a e se li menm tou k ap batay pou toujou kenbe nou nan malè nou ye a. Kijan pou nou soti nan sa a ?
Militan kominis panse sèl solisyon se revolisyon. Pa gen negosiyasyon, refòm oswa tete lang ak sistèm kapitalis la k ap pote solisyon. Se nan revolisyon – ki vle di chanjman total kapital – nou kapab debarase non sèlman Ayiti men tout Limanite de sistèm sa. Se nan revolisyon n ap kapab rive mete kanpe yon lòt pi bon sistèm ekonomik, sosyal ak politik pou sèvi tout moun. Objektif final revolisyon an rapousib rele kominis : se konstwi yon mond kote tout moun ap travay epi batay ansanm pou se sa ki pi bon pou tout moun – komen an – ki rive pote lamayòl. Yon mond kote chak grenn moun kontribye selon sa yo kapab pou kolektif a epi yo resevwa anretou sa yo bezwen pou yo viv yon lavi ki sanble ak lavi moun nan diyite, libète ak byennèt.
Nan mond revolisyonè kominis yo ap batay pou tabli a, p ap genyen pyès divizyon ankò nan mitan moun sou baz gen yon ti gwoup k ap dirije, domine lòt moun epi k ap vòlò non sèlman mwayen yo travay di pou yo ta rive jwenn yon lavi diy, men tou k ap vòlò lakonesans ak tout mwayen pou yo ta rive konprann tout bon ak aji tout bon pou chanje Lemonn. Se pou ideyal sa Klod t ap batay. Si se vre batay kominis yo ap fèt apati peyi kote yo ye sou Latè, men militan yo konnen revolisyon kominis la se alafwa yon nesesite ak yon posiblite pou tout Limanite.
Swisid dirijan kominis ayisyen an pa t yon zak dezespwa. Klod pa t yon militan dezespere. Li te gen dwa parèt pa t gen sans, men l te gen sans. Klod te panse lanmò l te ka ede chanje yon bagay. Malerezman li te mal konte dinamik devlopman konkrè sitiyasyon yo nan peyi a. Gen moman konsa !!! Deja nou te gen tan wè sa nan menm semèn nan. Se apèn si yon jounal tankou Le Nouvelliste te konsakre enfòmasyon sou Klod la yon ti « filet » nan « les remous de l’actualité ». Klod, militan kominis ki touye tèt li pa t vle di anyen pou yo, yo pa t swete li vle di anyen nonplis pou lektè yo. Dayè se pa t nan lokazyon lanmò a, enfòmasyon an te enterese yo. Men apre plis pase yon semèn, yo te pibliye yon ti nòt avèk erè « Veillée patriotique en la mémoire de Claude René ». Jan nou kapab wè nan imaj la, Le Nouvelliste ekri : « Claude René, un jeune militant et universitaire qui s’est suicidé le lundi 2 octobre dernier pour protester contre la conjoncture politique ». Koupe Kloure ta di anyen pase sa nan pwen, non Klod, militan kominis nan jounal k ap sèvi laboujwazi ak « statu quo ».

Eritaj batay Klod la jounen jodi a ?
« Le Temps c’est le tic-tac monstrueux de la montre
La Mort, c’est l’infini dans son éternité
Mais qu’advient-il de ceux qui vont à sa rencontre?
Comme on gagne sa vie, nous faut-il mériter »
Léo Ferré, Ne chantez pas la mort
Lè n ap gade kijan se sektè reyaksyonè ak retwograd yo, mete avèk enperyalis la ki opilan sou sèn politik peyi a pandan 20 dènye lane sa yo, lè n ap gade kijan Ladwat, laboujwazi ak enperyalis la pran kontwòl jwèt politik la. Kijan yo kontwole tout lavi sosyete a pandan kondisyon lavi moun ap fin depafini. Menm pawòl refòm pa alamòd ankò alevwa pou kesyon revolisyon. N ap viv yon gwo moman bak apre yon sitiyasyon revolisyonè fin gaspiye. Nan yon sèten sans nou gen dwa konsidere eritaj Klod la – menmjan avèk tout eritaj mouvman popilè revolisyonè a – pratikman fin bwè lwil. Li pa egziste sou teren politik ayisyen an.
Sa yo rele militan jounen jodi a, se abolotcho vant ak anba ti vant yo ap mennen yo. Tapajè san ankenn kilti, san ankenn fòmasyon politik ni ideyolojik, san ankenn vizyon estratejik ni taktik pou kolektif la k ap fè anpil bri sou rezo sosyal ak nan medya tradisyonèl pou detounen atansyon. Ti pa ti pa, opsyon politik revolisyonè pwoletaryen an ap disparèt nan la pratik. Pifò ansyen kanmarad Klod yo – si se pa tout – retounen nan lavi sivil. Yo pa milite ankò. Anpil moun fè chwa renonse batay pou konstwi yon sosyete jis san fòs kote pou tout moun. Militan yo pa egzan. Yo pito ale jwi sitiyasyon pi bon kalite lavi lòt bò dlo epi peyi a ak moun ladann ap depafini.
Youn nan remak mwen te fè rapid vit sou Klod seke li te egzijan anpil nan koze batay. Li te defini tèt li kom revolisyonè trotskis kidonk pwoletaryen nan yon peyi kapitalis periferik ak yon Leta represif depandan kote pwoletarya a te gen anpil difikilte pou l egziste, devlope alevwa pou l òganize kòmsadwa. Si m pa twonpe m se nan kad yon diskisyon sou yon tematik konsa, li te pase m yon tèks Mao « Des contradictions parmi le peuple » anndan yon gwo volim. Liy ideyolojik Klod te klè men anmenmtan li pa t yon « puriste ». Li te kwè nan nesesite pou louvri baz mouvman revolisyonè bò kote popilasyon an. Li te kwè nan alyans ak antant nan mitan pèp la ak òganizasyon pèp la.
Gen yon bann bon grenn militan konsekan ak koyeran nan batay mas pèp la tankou Magalie Marcelin (Ti landeng), Joseph Alexandre Lavaud (Ti Kaskèt), Gerard Duplessis (Blan) se Klod ki te pouse nou yon ti gwoup rankontre yo, diskite avèk yo, gade kisa nou kapab konstwi ansanm ak yo menmsi li pa t toujou sou menm liy nèt avèk yo. Li te respekte angajman yo epi l te konsidere kontribisyon yo t ap pote nan batay mas yo te enpòtan. Mwen sonje tou, premye fwa m rankontre Rene Sivil, militan Lavalas ki te gen baz alepòk Site Solèy, se Klod ki te mennen l nan ENS. Menm jan tou se anba lobedyans li nou te rankontre plizyè « militan » blòk antineyoliberal nan Palman ki vin tounen abolotcho politik annapre oubyen ki konvèti kòm politisyen tradisyonèl. Degaje eritaj batay Klod nan yon dinamik konsa pa senp !!!
Anjeneral, men sitou dènye jou sa yo, mwen reflechi anpil sou si Klod te la a, kijan li t ap abòde konjonkti n ap viv nan moman yo la. Kijan li t ap pozisyone l parapò fòs ki anprezans sou teren politik anndan tankou deyò peyi a. Kouman li t ap abòde teworikman ak pratikman dinamik militarizasyon masiv ki fèt nan pifò katye popilè yo nan Pòtoprens tankou nan pwovens pandan dènye lane sa yo. Jan yon moun t ap fe remake sa, apre peryòd revolisyonè (1791-1803), se petèt premye fwa gen tout gwo zam sa yo gaye nan mitan popilasyon an.
Nan peyi a, laboujwazi te toujou gen lasenal zam pèsonèl li, zam konpayi sekirite, Lapolis ak lame. Men se premye fwa tout zam sa yo ap sikile nan mitan ti pèp la, nan men eleman popilè anndan katye popilè yo. Kouman Klod t ap analize « fait matériel objectif » sa, san nou poko rantre nan kesyon enterè kilès zam sa yo ap defann ak ki pwojè. M pa gen repons egzat kesyon sa yo men mwen pratikman « sur » a 100 % griy analiz « sekiritè » ki dominan an, griy k ap separe peyi a ant « bandi ak zam » nan katye popilè ak « moun debyen » yo pa t ap griy pa l. Ang analiz pou mande entènasyonal kominotè a (Anil), lame etranje oswa konpayi mèsenè prive vin pran peyi a pou « retabli » sekirite ak estabilite malatchong nan, se pa t ap liy analiz pa li nonplis. Klod pa t nan « fake » solisyon fasil nonplis tou li pa t ap fè lach.
Anmenmtan tou, li t ap siman rekonèt konpleksite sitiyasyon an. Anpil nan nou, menmjan avek anpil moun nan popilasyon an, ap viv an nomad. Espas lavi nou redwi, espas pou nou deplase, sikile redwi, Pòtoprens tounen yon rezèv ekolojik tèlman zèb ak pye bwa pouse ladann epi zòn lakay li Gantye, ap kouri sou 2 lane depi l tonbe nan vokabilè sa yo rele “teritwa pèdi”.
Depi 2010, anpil evenman nou te konn ap gade nan televizyon konsènan pa egzanp Somali, Etyopi, Irak, Afganistan tounen reyalite nan anviwonman nou. Gen anpil moun lavi yo ap dewoule nan kan, anba tant, anba pwela. Ti sa Klod te konnen ki te rete kòm pwodiksyon peyizan yo tonbe atè plat. Nan Latibonit, Pon Sonde, Lyankou, Vèrèt, Lestè, Ti Rivyè, Machan, Gwo Mòn, elt… nan Plato santral, nan Lwès, menm moun Laferone nan rantre Leyogan te nan kouri. etc.. etc.
Devan yon senaryo konplèks konsa, mwen plis panse Klod t ap eseye gade èske gen yon potansyèl revolisyonè vre nan sa k ap jwe la a. Si wi, kijan li kapab enfliyanse l avèk ajenda ak diskou pa l, ki vle di revolisyonè kominis. Li t ap siman evite diskou reprobasyon moral ak denonsiyasyon kriminèl k ap veyikile nan sosyete a pou l konstwi yon bon agimantè politik ki chita sou nesesite chanjman sosyal total kapital ak fòs sosyal ki kapab jwe wòl dan devan nan batay pou chanjman sa a. Jan yon zanmi t ap siyale m sa, nan konjonkti nou ye la, Klod petèt t ap angaje tou nan dinamik konstwi yon rezistans patriyotik pou ini lit pèp la, anba lidèchip ak ajenda fòs lagoch yo. Men kesyon an se ki fòs lagoch jodi a?
« Pa lage chay nan men manfouben » : Dènye mo pou fini ti tèks sa
Mwen chache anpil nan dokiman epòk la pou m jwenn konpreyansyon ki degaje sou lanmò Klod la. Kisa moun yo te konprann? Kijan yo te entèprete zak la? Pratikman pa gen gwo bagay. Apa yon atik Christophe Philippe Charles, « Claude René, le premier des dix hommes noirs ?». Se petèt konsiderasyon sa ki pèmèt Aldor Toko ak Paul Jean Mario, nan dezyèm entwodiksyon liv yo « Haïti : Une gauche contre la révolution » (2001) ekri : « Claude René s’est tué. Il est parti, laissant un jugement sévère qui ne semble point avoir été compris. En critiquant ses camarades et autres, il avait au moins le courage de se donner un verdict avant celui de l’histoire. Ce qu’il ignorait, c’est que son geste ne pouvait rien changer à la réalité. Il aurait mieux fait de nous rejoindre.» (p. 8-9) Rejwenn yo pou fè kisa ? Kote moun sa yo jounen jodi a ? Ki rezilta analiz politik yo bay mas pèp la ?
Nan liv Le mythe de Sisyphe (1942) ekriven Albert Camus ekri : « Pa gen pwoblèm filozofik ki pi enpòtan pase pwoblèm swisid la. Jije si wi ou non, lavi n ap viv la merite pou viv li ». Militan tripè sou rezo sosyal oswa k ap chache « frame » entènasyonal pou konnen kote yo gad pa konfwonte mòd dilèm sa yo. Sèl preyokipasyon yo se fè « views ». Yo pa konprann gen sitiyasyon materyèl tout bon nan peyi a kote lavi moun ap depafini, pandan laboujwazi pran kontwòl ideyolojik tout estrikti sosyete a pou enpoze diskou ak pratik endividyalis yo. Sitiyasyon sa k ap dire pase 20 lane epi ki vin pi grav chak jou ki pase, pa kapab kite ankenn militan tout bon endiferan.
Konsènan desizyon swisid Klod la, m sonje te gen kèk lòt « militan » òganizasyon « revolisonyè » ki te jije l nesesè pou yo te rektifye pou lajenès swisid se pa sèl chwa ki te rete pou kominis yo nan peyi a. Yo genyen pèspektiv batay tou. Zanmi sa yo toujou la. Yo pa sispèk anyen. Yo pa t konprann swisid Klod la sete yon zak fondamantalman batay tou. Sa ki pa jete yo nan peyi etranje ap sikile gwo gra nan peyi a, sa k pa deja nan pouvwa laboujwazi enperyalis la ap chache pozisyone yo pou rantre nan pwochen pouvwa san ankenn otokritik ni kritik sou kijan move analiz politik ak atitid zakè yo kontribye nan depafini lavi nou, nan simen plis dezespwa. Yo pa regrèt anyen, ni nonplis tou yo pa gen ankenn etadam.
Klod li menm te gen etadam. Li pa t manfouben. Li te konnen tou reskonsablite se chaj. Gen chaj ou pran pou ede transfòme yon sosyete nan enterè majorite a, pou byen komen an triyonfe, se libète ou lanmò !!!
* Filozòf, sosyològ
Pòtoprens, 3 oktòb 2025
