Español English French Kwéyol

Benefisyè kawo Ayiti a nan tout kan ak kouran politik

Nan yon tribin sou AlterPresse, militan politik Olriche Jean-Pierre denonse twa kategori aktè ki, selon li, alimante ak pwofite nan kriz Ayiti a : konseptè, ekzekitan ak benefisyè, ki twouve yo nan tout kouran politik ak ideyolojik.

Tribin

Olriche JEAN-PIERRE*

Tèsk sa a vin jwenn AlterPresse 31 out 2025

San twòp literati n ap fè popilasyon an konnen se 3 kategori aktè ki reskonsab kawo ki pote dezespwa ak lawonte ki tabli nan peyi a.

1- Konseptè yo (tèt pansant / otè entèlektyèl)

2- Ekzekitan yo ( gwoup ame yo)

3- Moun ki pase ak ki nan pòs responsablite ki gen misyon pou pote repons ak kawo a, men ki pito enstrimantalize l pou fè anrichisman ki kontrè ak lalwa epi konstui rezotaj politik.

Nou ka rele moun sa yo benefisyè kawo a tou: yo nan tout kan politik ak tout kalte kouran IDEYOLOJIK (goch - dwat - sant…).

Nou pa dwe janm bliye konseptè kawo, ekzekitan kawo ak benefisyè kawo dwe jwenn menm konsiderasyon douvan je sosyete a. Sispann ak manipilasyon kòmkwa se sèl gwoup ame yo ak PHTK ki reskonsab machin dezagreman k ap depafini ak peyi a. Nou tout konnen se manti ! Nou karikatire reyalite vyolans la ak nivo senplisite sa jis pou n ka pwoteje alye nou ki nan youn nan 3 kategori aktè yo.

Mezanmi pa gen politik san pawòl reskonsab ak verite. Sispann manti ak manipilasyon yo.

Foto sa temwaye kijan manm gwoup ame yo aprann leson destriksyon peyi a trè byen nan men elit dirijant yo. Si nou byen gade anndan foto sa n ap wè yon seri evenman tris ki mennen peyi a nan kalfou babari sa, tankou:

•⁠ ⁠Touye kochon kreyòl
•⁠ ⁠Aplikasyon politik neyoliberal
•⁠ ⁠Santralizasyon peyi a
•⁠ ⁠Akapaman tè peyizan yo
•⁠ ⁠Privatizasyon antrepriz piblik yo
•⁠ ⁠Dilapidasyon fon Petwo Karibe ak lòt resous piblik
•⁠ ⁠Koudeta 2004
•⁠ ⁠Sasinay prezidan …

Foto sa se ekzakteman espresyon konsekans movèz fwa, kipidite, sinism, mank patriyotism, kout ba,enpinite, blòf, TRAYIZON, diskou goch ajisman estrèm dwat ki karakterize aktè yo.

Pou fini, nou dwe konnen lapè ak stabilite endispansab pou peyi a pran wout pwogrè. Men nou pa ka rive nan lapè san verite, jistis ak dedomajman viktim yo. Verite a se sa ki pi enpòtan !

Peyi a dwe konnen moun ki nan laboratwa k ap konstui mons k ap touye, vyole, vole manm popilasyon an. Apatidesa pou n sanksyone tèt pansant, ekzekitan ak otorite ki t rete bwa kwaze pandan akzekitan yo t ap tchwe nou.

Si nou pa byen konprann sa ki mennen nou nan kawo a nou p ap janm rive soti.

M prete vwa madanm 64 lane ki pèdi 3 kay la pou m di nou limyè lespwa pa lwen klere.

N ap espere
N ap òganize
N ap veye
N ap vanse

* Militan politik