Gotson Pierre
Pòtoprens, 27 jiyè 2025 [AlterPresse] --- Arestasyon biznismann ak ansyen politisyen Reginald Boulos, 17 jiyè pase nan Miami, fè moun poze kesyon sou mesaj Etazini ap voye bay Ayiti, sitou elit ekonomik ak politik la.
Eske se yon siyal pou montre okenn aktè pa entouchab ankò, menm sa gran vwazen an te konsidere kòm patnè tradisyonèl li?
Nan yon moman kote plizyè gwo chabrak anba sanksyon pou finansman gang ak blanchiman lajan, eske Washington pa sou wout pou rekonsidere alyans li te konstwi ak elit sa yo?
Tranzisyon ayisyen an ak manèv aktè yo ta ka menase enterè estratejik Etazini, nan konjonkti entènasyonal sa a, ki chaje ak anje ekonomik epi enkyetid sou sekirite rejyonal la. [gp apr 27/07/2025 07 :00]
Foto : Marco Rubio, sekretè d Eta ameriken
Kopi ekran
