Gotson Pierre
Pòtoprens, 20 jiyè 2025 [AlterPresse] --- « Lekòl la kraze », se kout rèl otorite yo. Men, se pa jodi a sistèm nan ap trennen pye. Se pa sèlman vyolans ak ensekirite jodi a ki lakòz.
Depi plis pase 40 lane, Leta lage edikasyon, sante, pwoteksyon popilasyon an nan men sektè prive. Leta fè bak, popilasyon an miltipliye, epi reskonsab yo okipe fè kòb, olye yo sèvi.
Lekòl la ki kraze, se glas yon sosyete ki pa vle gade tèt li, ki lage jèn li yo, ki pa fè plas pou lavni.
Kriz la pi fon pase sa moun te imajine. Kay la kraze. Pa gen repare plafon — se mete fondasyon ankò. Kijan n ap rekòmanse? [gp apr 20/07/2025 19 :00]
Foto : Lekòl nan Grizongad, yon lokalite nan nò Ayiti
Kredi : www.isgf.org
