Español English French Kwéyol

Entèlijans kolektif pou repouse fòs fènwa ann Ayiti

Gotson Pierre

Pòtoprens, 13 jiyè 2025 [AlterPresse] --- Kisa ki manke pou sitwayen ayisyen ak ayisyèn yo rive kanpe degrenngolad peyi a, ki pran wout falèz depi lontan? Bon jan lide solisyon? Volonte? Angajman?

Pa manke refleksyon. Men, refleksyon dwe kontinye. Ansanm. Pou chèche wout.

Konbyen fwa sosyete a teste fòmil ki pa bay rezilta? Tranzisyon tounen pèmanans. Pèmanans enstabilite, koripsyon, vyolans, ak ensekirite.



Sou inisyativ yon bann inivèsite, Kongrè patriyotik pou sovtaj nasyonal la mete divès aktè ansanm. Yon deklarasyon sou kriz la soti 27 jen pase pou mande mobilizasyon jeneral kont gang.

Èske entèlijans kolektif ka pouse fòs fènwa yo fè bak? Sètènman, sa merite plis pase lespwa. [gp apr 13/07/2025 12 :00]



TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 FM – alterradio.org
Envite : Doktè Marc Prou ak Doktè Evens Emmanuel, responsab Kongrè Patriyotik pou yon Sovtaj Nasyonal
Prezantasyon, reyalizasyon : Gotson Pierre