Español English French Kwéyol

Restitisyon, reparasyon : Sans batay sa genyen pou pèp Ayisyen an, Ayiti avèk lemonn ? Pati 3

Kèk dat enpòtan pou listwa resan nou menm ayisyen

Tribin

James Darbouze*

Teks sa a vin jwenn AlterPresse 7 jiyè 2025
`

“Bondye blan mande krim
Men Bondye la ki si bon
òdone nou vanjans
(…) E pa nou vle byenfè
Jete pòtre dye blan
ki swèf dlo nan zye nou
koute lalibète ki nan kè nou tout”
Lapriyè Boukman

La vraie Histoire n’est pas écrite et ne le sera pas. Des intérêts de tous ordres, des préjugés, des parts-pris, le racisme et que sais-je, influenceront les historiens. (…) les blancs mentent aussi bien que les noirs. La vérité sur soi ou les siens n’est jamais plaisante.
Déïta

2025 la se yon lane enpòtan nan listwa Ayiti. Se yon lane bay kou bliye pote mak sonje. Sa fèdappiyanp (ranson) 1825 la 200 lane. Lafrans te fè zak dappiyanp sasou Ayiti nan moman peyi a t ap pran kap li. Li te tounen yon pwa senkant ki bloke devinite peyi a. Depi lane 2003, Leta ayisyen ki te gen nan tèt li Jean Bertrand Aristide lanse yon mouvman entènasyonal pou egzije Lafrans remèt lajan ranson sa a. Jiskaprezan nad marinad. Lafrans ap fè wondonmon pandan Leta ayisyen pa fè anyen pou koz sa vanse. Poukisa sa ap pase konsa ? Kisa nou kapab fè pou nou chanje jan sa ap pase ?

Se kesyon sa yo nou eseye reponn nan seri tèks sa a ki swiv yon demach ki gen twa pati. Nan de (2) premye moman yo (referans piblikasyon), nou te gade eleman kadraj istorik ak filozofik global ki touche pwoblèm reparasyon ak restitisyon yo. Nou te fè sonje kèk dinamik nan listwa epi nou te fikse sans yo daprè nou menm. Anmenmtan tou, nou te montre kijan depi apre sasinay lanprè Jan Jak Desalin, 17 oktòb 1806, Ayiti ap konfwonte yon pwoblèm marasa : sou yon bò, dominasyon ak leksplwatasyon peyi blan sou rès lemonn ak pwoblèm dirijan restavèk sou yon lòt bò.

Nan twazyèm pati sa nou pral gade nan ki faz batay pou jwenn reparasyon ak restitisyon an ye nan lane 2025 la. Nou ap retounen sou divès aksyon Leta ak gwoup sitwayen poze pandan 22 dènye lane yo. Nou ap gade ki kote blokaj yo ye epitou kisa ki dwe fèt pou bay pwojè sa a bonjan boustè yon fason pou l ateri nan entere popilasyon ayisyen an.

Jan nou te chita sou sa nan dezyèm pati refleksyon sa a (referans piblikasyon), motivasyonmoun k ap dirije Ayiti yo – depi apre sasinay Lanprè Jan Jak Desalin – ak pwofil mòd dirijan sa yo se youn nan manman pwoblèm nou toujou genyen pou nou konfwonte. Nou te gade kijan Petyon avèk Bwaye te kanpe anfas enterè Ayiti.

Nan twazyèm pati sa a, gen kat (4) sekans enpòtan moun k ap batay pou reparasyon lesklavaj ak restitisyon ranson 1825 lan pa dwe janm bliye. Nou pral retounen sou yo. Chak sekans sa yo gen yon dat ki louvri l : 21 me 2001, 7 avril 2003, 7 avril 2010 avèk 26 sektanm 2024. An nou gade yo ansanm.

1. Kat (4) sekans enpòtan pou listwa resan batay restitisyon ak reparasyon an

21 me 2001, Lafrans pwomilge lwa n° 2001-434 ki se lwa depite Taubira te soumèt palman an. Lwa saa te rekonèt lesklavaj kòm krim kont Limanite. 21 me 2001 sa a, sou inisyativ depite fransè Christiane TAUBIRA, ki orijinè Lagiyàn, Asanble nasyonal Lafrans adopte lwa ki rekonèt lesklavaj ak komès moun kaptif (esklav) kòm yon krim kont limanite. Premye atik lwa a di konsa: "Repiblik Fransè a rekonèt komès esklav transatlantik la ak komès esklav nan oseyan Endyen an sou yon bò, epi sou yon lòt bò esklavaj ki fèt apati 15yèm syèk la, nan Amerik ak Karayib la, nan oseyan Endyen an ak an Ewòp kont popilasyon Afriken, Amerendyen, Malagasy ak Endyen, konstitye yon krim limanite."

Kisa yon krim kont limanite ye [1]? Kisa yon krim konsa enplike?

Lwa sa a enskri nan yon momentum kote nou kapab mete Konferans Mondyal kont Rasism, Diskriminasyon Ras, « Xenofobi » ak Entolerans, ki te fèt nan Durban, Afrik di Sid (2 - 9 Sektanm 2001) anba drapo UNESCO. Pwosesis konferans la, nan lane 2000 ak 2001 yo, te gen tout yon demach politik dèyè l ki ta pral mennen gwo divizyon nan mitan Leta pati yo. Divizyon sa te gen pou wè sitou avèk egzijans pou « repare »gwo tò ki te fèt nan listwa Limanite ki konekte ak pratik esklavaj plis kolonyalis.

Yon ti anekdòt sou kijan sistèm edikasyon ayisyen an dekonekte avèk enterè nou

Premye fwa mwen tande pale de reparasyon pou lesklavaj sete nan bouch Louis Sala-Molins. Mwen te swiv tout fòmasyon akademik mwen an Ayiti (14 lane lekòl klasik plis inivèsite) san m pa t janm okouran te gen yon mouvman entènasyonal pou repare lesklavaj ki te egziste epi ki te konsène nou menm tou Ayiti, kòm desandan moun ewopeyen te bwote, transpòte mennen isit. Malgre byen bonè mwen te gen yon angajman politik « pwogresis » men kesyon rapò dominasyon ak leksplwatasyon zansèt yo pa t janm nan ekwasyon an. Zanmi m yo, Fritz avèk Schallum, siman sonje epizòd sa kote Sala-Molins te vin rankontre nou nan rezidans inivèsite a (Toulouse) pou yon entèvyou ki tapral parèt nan premye nimewo revi « Recherches Haitiano Antillaises [2] ».

Nou te « konn » non Sala-Molins adistans gras a yon pwofesè nan Depatman filozofi Lekòl Nòmal Siperyè, Berard Cenatus, ki te pase nou yon kopi Le code noir ou le calvaire de Canaan (1986). Nan kesyon liv, Berard se, jan anpil moun toujou di sa, yon pasè desizif pounou itilize yon imaj anpil moun ap konprann. Si m pa twonpe m, se nan detou yon kou sou Jean Jacques Rousseau nou te genyen referans liv Sala Molins lan. Men menm lè sa, sa pa t gen anyen pou wè avèk yon refleksyon sou batay pou reparasyon lesklavaj. Sete pou konesans jeneral.

Pi devan nou pral dekouvri Sala-Molins se yon vrè imanis, yon zanmi ak yon vrè alye batay pou reparasyon krim lesklavaj kont pèp nwa yo, anvan menm yo te konsidere l kòm krim kont Limanite. De (2) jou anvan rankont nou an, Sala-Molins te leve kite yon emisyon nan France Culture poutèt yon bann pawòl san devan ni dèyè Elizabeth Levy kont reparasyon lesklavaj Pèp nwa yo.

2. Twa (3) lòt sekans enpòtan pou listwa resan batay restitisyon

7 avril 2003 - dezyèm dat enpòtan pou nou kenbe nan listwa resan

Se premye dat Ayisyen ranmase batay la pou Ayiti. Sèt (7) avril 2003, divès kote nan Lemond t ap selebre 200 lane lanmò Toussaint Louverture, Napoleyon te fè kidnape. Fredi, mizè ak lafen touye l nan Fort de Joux. Lwa Taubira a te deja gen de (2) lane depi l te vote, men gouvènman franse an te kanpe ankwa. Li te refize pran dekrè a ki tap pèmèt lwa sa a aplike. Konsa lwa Taubira a te rete lèt mò (yon desizyon san ankenn valè) oswa nou ta kapab di dirijan Lafrans yo te antere l tou vivan.

Nan dat 7 avril 2003 a, prezidan Ayiti nan epòk la, Jean Bertand Aristide [3] te gen kouraj fè Franse yo konnen li fè kalkil total sa ranson 1825 la te koute Ayiti. Apre tout prè, ponya elt… Lafrans te fòse Ayiti pran an 1825 ak pi devan, kalkil la te rive nan chif 21 milya dola ameriken. Se lajan sa a Lafrans te genyen pou remèt Ayiti sèlman pou retounen kòb ranson an [4]. Anplis kalkil sa, sa k te plis panike gouvènman franse an se pèspektiv pou yon ti peyi tankou Ayiti ta vin angaje yon pwosè entènasyonal pou fè respekte dwa li epi jwenn restitisyon ak reparasyon. Istwa sa pral mal fini.

Li enpòtan pou nou fè sonje sou administrasyon Aristid la, nan menm mwa avril 2003, Ayiti te ofisyèlman mande Lafrans retounen lajan ranson sa a, nan yon lèt minis Afè Etranje a Joseph Philippe Antonio te voye bay Dominique de Villepin, minis franse Afè Etranje. Admnistrasyon Aristide la te pale de yon "reparasyon istorik". Lèt la te marande demann sa a ak sa l te rele yon fòm jistis postkolonyal.

Yon konkou sikonstans ki melanje divès gwoup aktè ak enterè pral mete ansanm pou jete Aristid 29 fevriye 2004, yon entèvansyon lame etranje pwovoke yon chanjman rejim avèk yon tantativ reyisi pou ranplase lidè nasyonal yo ak lòt « lidè » politik Washington, Paris avèk Ottawa chwazi. De (2) prensipal karakteristik nouvo lidè sa yo se :1) yo enplike fon nan kòripsyon ; 2) yo te prè pou vann – likide – tout resous ak patrimwàn nasyonal yo ak fòs kouraj pèp la bay predatè Loksidan chwazi [5].Nan lane 2005, youn nan dirijan entènasyonal la te mete nan tèt peyi Ayiti, Gerard Latortue, pral di – pandan yon flannen li t ap fè Paris – pa gen ankenn bazlegal pou mande restitisyon ranson Lendepandans lan [6] [7].

Kidonk jan nou wè sa, nou kapabkonsidere deklarasyon 7 avril 2003 a enskri nan menm momentum ajanda Konferans mondyal kont Rasis, Diskriminasyon Ras, Xenofobi ak Entolerans te deja pwodui. Konferans Durban an (2001) te pwodui yon Deklarasyon ak yon pwogram Aksyon ki te dwe devlope pou mennen nan reparasyon Lesklavaj ak kolonyalis. Pandan konklizyon Konferans Durban an te mande yon konpansasyon pou Pèp Nwa ki viktim kolonizasyon yo, malerezman, yon lòt fwa ankò, malgre epòk yo te chamje, dirijan tankou Petyon avèk Bwaye ki te kanpe anfas enterè Ayiti, bay revandikasyon sa gwo koutpye. Jan nou pral wè sa pi devan, kesyon fòm ak pwofil anti patriyòt dirijan ayisyen yo se youn nan pi gwo obstak ki kanpe devan revandikasyon restitisyon reparasyon an. Batay la pral antere jiskaske yon gwoup sitwayen pral louvri twazyèm sekans lan nan lane 2010.

Yon twazyèm dat pou nou sonje se 7 avril 2010

Nan mwa fevriye 2010, nan kontèks apre tramblemanntè 12 janvye 2010 la, yon kolektif sitwayen ak sitwayèn ayisyen, avèk sipò divès gwoup alye entènasyonal, sitou nan mond inivèsitè ak atis yo, te pran inisyativ lanse yon petisyon pou mande prezidan Lafrans epòk la, mouche Nikola Sakozy, remèt Ayiti lajan Lafrans te dappiyanp nan lane 1825 pou rekonstui peyi a. Ekspè entènasyonal yo te evalye Ayiti t ap bezwen 11 milya dola ameriken pou rekonstwi dega tranblemanntè a. Nou gen plis pase lajan sa nan men Lafrans. Li te lejitim pou n te mande Lafrans remèt kòb la.

An nouraple kèk chif

Selon PDNA a, rapò ki te fèt pou evalye eta dega yo, bilan tranblemmantè a te lou anpil : plis pase 30% fonksyonè Leta te peri nan katastwòf la, 50% nan estrikti sante yo te sibi gwo domaj oswa detwi nèt. Valè byen materyèl ki te detwi yo (55% efè total katastwòf la), pami yo kay pou moun rete, lekòl, lopital, batiman piblik, wout ak pon, pò ak ayopò – te evalye a 4,3 milya dola. Si n konvèti chif sa an goud, li riske ba nou tèt vire. Toujou daprè evalyasyon bezwen Leta ayisyen te fè apre katastwòf la, tramblemanntè a te koze lanmò 220 000 moun, fòse 1,5 milyon moun kite kay yo, destriksyon li te pwovoke te gen yon valè ki ekivalan a 120 % PIB (PDNA, 2010).

Nan kout kat sa a, petisyon entènasyonal la sete yon bèl inisyativ sitwayen iniki te rive mobilize pase mil moun, pwogresis an Ayiti ak toupatou sou Latè, nan yon kontèks kote pwoblèm rekonstriksyon peyi a te kòmanse poze, yon mwa apre 12 janvye. Anmenmtan tou, anplis pwoblèm vizyon ak oryantasyon reksonstriksyon an (ki rekonstriksyon nou vle ? Nan enterè ki gwoup ak ki klas moun ?), youn nan pwoblèm ki te parèt pi detèminan nan kontèks la, sete ki kote lajan pou rekonstriksyon peyi a pral soti.

Nikola Sakozy sete premye prezidan franse ki ta pral vizite Ayiti depi peyi a te pran Lendepandans li nan lane 1804. Pou nou menm ki te pran inisyativ la, momentum nan te byen tonbe pou Leta franse te montre vre kijan bann pawòl dwa moun, devlopman, jistis ak egalite li toujou ap pale yo se pa pawòl van, pawòl anlè. Se pa t manipilasyon lopinyon. Momentum nan te byen koresponn tou pou montre Leta franse te rive depase epi koupe fache avèk listwa dappiyanp, eksplwatasyon, dominasyon ak fè lòt popilasyon nan Lemonn pase mati.

Petisyon an swiv tout pwosesis li te dwe swiv jiskaske nan dat 7 avril 2010, de (2) gwoup moun, youn Kebèk (Kanada), yon lòt Paris (Lafrans) te ale depoze petisyon an devan konsila jeneral Lafrans nan Kebèk ak nan sèvis kourye prezidans Repiblik Lafrans (gade dokiman ki tache nan mesaj ki kole ak 3zyèm pati tèks la). Twazyèm sekans la pral kanpe la. Demach mobilizasyon sitwayen yo te rive nan bout li.


Pétition citoyenne internationale pour que la France restitue à Haïti l’indemnité imposée après l’indépendance.
Réception confirmée par la présidence française de la pétition pour la restitution de la dette de l’indépendance
Réception confirmée par le consulat général de France à Québec de la pétition pour la restitution de la dette de l’indépendance d’Haïti

Anvan nou pase nan katriyèm sekans lan, gen yon pawòl nou ta renmen fè sonje. Se yon echanj imel nou te genyen nan mwa mas 2010, nan moman petisyon an t ap vanse, avèk yon zanmi, kanmarad, jewograf Roland Sainristil. Roland te sipòte demach la, li te releye petisyon an bò kote kontak li, men li te refize siyen l. Poukisa ? Men repons li te bay kesyon sa :

« Je m’oppose à toute initiative qui pourrait être une occasion de bonne conscience pour des dirigeants de puissance étrangère, a la recherche de coup médiatique sur la scène mondiale ou de politique intérieure dans leur pays. En ce sens, quelque soit l’annonce faite le 17 février prochain ne pourra s’inscrire que dans cette perspective.

La question de la restitution de cet argent se posera, le jour où il y aura dans le pays un gouvernement responsable, un Etat fort, des institutions républicaines solides et où les hommes politiques respectent et honorent les sacrifices des fondateurs de la nation. Alors la relation entre Haïti et la France s’inscrira dans la même ligne des relations entre la Chine et le Japon, le Vietnam-Japon après la Seconde guerre mondiale ou encore l’Algérie - France après 1962 ou plus récemment Rwanda -France après le soutien de la France au génocide de 1994 via le gouvernement d’Habyarimana. [8] »

26 sektanm 2024 katriyèm dat pou nou sonje

26 sektanm 2024 se dat Edgar Leblanc Fils, kòdonatè Konsèy prezidansyèl tranzisyon an Ayiti (KPT), te pran lapawòl devan Asanble jeneral Nasyonzini pouegzije des « réparations justes et appropriées » nan men Lafrans. Se yon dat enpòtan anpil paske depi 2003, se premye fwa yon ofisyèl ayisyen pote revandikasyon reparasyon an devan enstans entènasyonal (supra nasyonal).

Natirèlman, fò n souliye nan mwa avril 2024 te deja gen yon gwoup sitwayen ayisyen ak dyaspora ki te gentan mande pou Lafrans restitisye nou ranson an nan yon diskou yo te fè pou fèmen seyans PFPAD (Forum permanent des Nations unies pour les personnes d’ascendance africaine) Nasyonzini te òganize nan Jenèv (Laswis). Aktivite sa a te pèmèt ayisyen sa yo defann avèk fòs nesesite pou relanse deba entènasyonal sou ranson (dèt) istorik la.

Nan yon sèten sans, nou kapab di pawòl kòdonatè Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an louvri yon sekans enpòtan nan batay pou restitisyon ak reparasyon an. Menmsi sa pa vle di l ap abouti, sa vle di ofisyèlman, nan moun k ap dirije Ayiti yo, gen moun ki pare pou pote pawòl sa kòmsadwa. Sete youn nan gwo mankman mouvman 2010 la. Si nou retounen gade pawòl Roland Sainristil te pwononse an mas 2010 yo, èske gen chanjman nan nati Leta ayisyen an, nan pwofil moun k ap dirije Ayiti yo ak nan rapò peyi a avèk puisans entènasyonal yo, anpatikilye Lafrans ?

3. Nan ki faz batay la ye jounen jodi a?

Si n ap eseye fè yon sentèz, jan nou kapab wè sa apati divès sekans nou sot prezante la yo, sitou pou nou menm Ayiti, soti 2003 pou rive 2025 gen yon konsyans sosyal ak patriyotik ki devlope sou nesesite pou Lafrans repare ak restitye Ayiti. Repare Ayiti pou tò lesklavaj te fè nou pandan 150 lane, restitye Ayiti lajan ranson yo te kase ponyèt nou pran apati jiyè 1825. Konsyans sa prezan nan kèk nivo nan Leta a, men li sitou prezan nan mitan divès gwoup sitwayen anndan sosyete ayisyen an tankou nan dyaspora a. Menmsi li pa nan menm nivo tout kote, menmsi tout moun pa wè reparasyon an menm jan. Sou pwen sa nou kapab di gen yon bèl avanse.

Nou kapab di Leta ayisyen atravè gouvènman Repiblik Ayiti fè twa (3) demand reparasyon : premye a 7 avril 2003 pandan komemorasyon de san (200) lane anivèsè lanmò Toussaint Louverture; dezyèm nan nan mwa septanm 2024 devan Asanble jeneral Nasyonzini epi twazyèm nan an janvye 2025, yon lòt fwa ankò se Konsèy prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an. Bon, nan dinamik sa, nou wè KPT a repete de (2) fwa nan mwens pase 6 mwa avek 2 konseye prezidansyèl diferan (Edgar Leblanc Fils ak Leslie Voltaire). Eske sa ta vle di Leta ayisyen pran yon lòt koub ? Konmsi li ta sispann depann de entènasyonal la ? An nou pa bay tèt nou manti.

Men se konsa tou n ap jwenn yon seri moun pa egzanp (istoryen, atis, ekriven) olye yo defann enterè Ayiti ak pèp ayisyen an, ki plis gen sousi pou revandikasyon reparasyon ak restitisyon yo pa deranje rapò Ayiti avèk Lafrans. Kidonk, se pa tout moun ki nan batay restitisyon ak reparasyon an ki la pou menm koz. Pou moun sa yo, malgre se Lafrans ki dwe nou, malgre se Leta franse ki te kase ponyèt nou an 1825, se yo menm ki pase 150 lane ap fè nou pase tout kalte mati, eksplwate nou, manje fòs kouraj nou, pou moun sa yo, nou ta dwe mete kò nou piti. Si posib menm pou nou ta revandike san nou pa fè bri, se sa k t ap pi bon. Epi mete nou an pozisyon pou nou toujou pare pou bat bravo, salye bon lentansyon dirijan franse yo konmsi se zèv yo ap fè nou.

Konsènan kategori moun sa yo, li klè nou dwe fè tout sa k depann de nou pou se pa corbeaux noirs sa yo ki gen lidèchip batay la, yo ap likide l. Pèsonn pa kapab anpeche yo la, men yo pa janm dwe devan. Men pou n reprann kanmarad Pyè Michèl Cheri :
« Moun sa yo pa nan defann enterè peyi, sa vle di enterè endividyèl moun sa yo, pi wo pase enterè kominote a. (…) Paske nou pa ka g on peyi kote moun ki responsab pou ban n sekirite a, se li menm menm k ap pran dispozisyon pou detwi lavi mwen. [9]»
Moun sa yo pa kapab reprezante batay reparasyon ak restitisyon an. Si malè pa mal sa ta rive, domaj ki fè domaje, fòk nou klè alavans yo ap detounen batay la pou sèvi kòz pwòp enterè yo.

Anmenmtan tou, gen yon bann moun ki rele tèt yo militan (oswa moun ap rele militan), sa ki enterese yo se batay pou Ayiti kòm senbòl. Yo pare pou fè tout bagay pou senbòl la men yo pa okouran nan peyi a gen moun tout bon, moun reyèl k ap goumen pou viv chak jou ki jou. Kondisyon lavi moun sa yo, sitiyasyon ak anviwonman lavi moun sa yo pa enpòtan pou yo. « Militan » sa yo pa enterese pou peyi a transfòme tout bon vre ak objektif pou pèmèt tout moun viv byen, nan diyite, libète ak byennèt. Yo menm yo renmen senbòl la men dinamik lavi mas moun tout bon yo pa konte. Yo pa wè non yo nan gwo liv la. Se sa k fè, en de pap padap, li kapab parèt fasil pou moun sa yo chanje kazak, kote yo ap repwodui menm konpòtman egzekrab, malonèt ak konwonpi yo te swadizan ap repwoche yo san yo pa santi gen ankenn enkoyerans. Zanmi nou, sikològ Judite Blanc te kapab pale de «reviviscence [10]».

Batay pou defann senbòl se byen men batay tout bon an, manman batay la se pou n fè yon peyi granmoun kote tout moun ap viv nan libète, egalite, solidarite ak diyite. Se vre revolisyon ayisyen an sete yon revolisyon imanis ki redrese tò loksidan ak blan ewopeyen t ap fè yon bon pati nan Limanite. Men zansèt yo te goumen pou bati yon peyi, yon patri kote tout moun k ap sibi dominasyon, opresyon rasis sou latè kapab santi yo lakay yo. E se la nou jwenn manman kesyon an : fè yon peyi !!! Men sa sa vle di menm fè peyi?

4. Kouman fè peyi an Ayiti an 2025?

An pati kanmarad nou Pyè Michèl Cheri abòde kesyon sa nan dènye entèvyou li te bay Marvel Dandin nan emisyon Pale pou n vanse nan Radyo Kiskeya [11]. Pwojè fè peyi a marande ansanm plizyè konsta oswa lide. Nou ap konsantre sou de (2) ladan yo sèlman. Premye konsta fè peyi a ranmase, se konsta gen yon sistèm sosyal ak yon fòm oganizasyon ki fini, ki rive nan bout li. Li pa kapab bay anyen ankò. Tout moun fèt pou konsyan sou sa. Gen yon fòm ki ale ki p ap janm kapab retounen.
Nan sans sa, men sa Pyè Michèl di : « si w konprann ou ka kontinye viv nan yon sosyete apartheid trankil, li pa posib an 2023/2024 nan peyi d Ayiti » [12]. Sa kanmarad akademisyen an te di an 2023 pi valab toujou jounen jodi a, an 2025. Nan menm entèvyou sa li kontinye : “Fòk boujwa nan peyi d Ayiti rann yo kont ekonomi k ap kale lamizè, ekonomi k ap kale pòv la, li depase [13].” Ekonomi ki chita sou yon lame rezèv aryennafè a jwenn bout li. Sa se premye konsta a.

Dezyèm lide a li menm fè sentèz twa prensip (emansipasyon, transparans ak jistis) nou kapab konsidere kòm poto-mitan pwojè lòt sosyete tou nèf la. An nou kontinye koute Pyè Michèl :

« Fò nou fè yon peyi kote moun anvi viv ladan l [apati] pwojè konstui yon sosyete egalitè, kote nou detui apartheid, kote n ap travay pou epanouyisman moun nan sosyete nou. (…) anvan nou rive nan epanouyisman fòk genyen emansipasyon an. (…)

« Chak konkèt nou fè nan dwa politik nou oubyen nan dwa ekonomik se yon fòm emansipasyon li ye nan sosyete a. Sa vle di se yon kèt li ye emansipasyon an, men nou kapab malgre n ap goumen pou plis emansipasyon, men nou kapab goumen pou epanouyisman nou. Fòk nou goumen pou nou byen nan po nou anndan peyi nou. Se ta dwe objektif tout politik nan peyi d Ayiti. Ni aktè a ni kòm politik piblik, fòk nou rive nan yon sitiyasyon kote nou ayisyen nou byen nan po nou anndan peyi a... » (pp 56 -57)

Kidonk apati Pyè Michèl (2023), nou kapab di prensip emansipasyon moun nan sosyete a se yon fondamantal nan pwojè fè peyi. Pa kapab gen fè peyi kote majorite moun ap koukouman. Egzijans emansipasyon an retounen nou nan premye konsta a, ki vle di fòk nou soti nan reyalite nou ladann jodi a.

« Emansipasyon an a se premye aspè a. Sa vle di moun nan gen libète l pou l fonksyone kòm sitwayen anndan peyi li. Men akote libète sa pou nou fonksyone anndan peyi a, fòk nou anvi viv nan peyi a tou. E se sa m rele emansipasyon an. Fòk peyi a bay moun anvi viv ladan l. Fòk mwen santi mwen kapab avanse sou plan entèlektyèl, sou plan pwofesyonèl, sou tout plan ki genyen nan lavi a fò m santi mwen kapab avanse ladan li e fòk mwen santi peyi a dous. » (p. 51)

Nan sans sa li vin parèt aklè batay pou reparasyon ak restitisyon konekte dirèk dirèk avèk batay pou fè yon peyi ki chita sou prensi emansipasyon pou tout moun, epanouyisman chak grenn moun, jistis ak transparans.

Gade lavni : pou nou konkli dènye pati refleksyon sa

Toutotan nou kontinye gen nan tèt peyi a dirijan valpa ak payaya, moun tout rèv yo se viv lavi blan, tankou blan nan peyi ki sanble ak peyi blan, moun sèl vizyon yo se ranmase lajan, nou ap toujou gen difikilte pou n abòde kòmsadwa pwoblèm reparasyon ak restitisyon an.

Nou bezwen patriyòt ayisyen konsekan. Moun ki pran pwoblèm peyi a ak pwoblèm popilasyon a kòm chay yo. Moun ki pa manfouben, ki renmen Ayiti epi ki pa gen lòt peyi de rechanj. Nou bezwen patriyòt ki kwè nan vizyon ak modèl sosyete altènativ zansèt yo te pwopoze a epi ki vle fè peyi pou tout moun apati modèl sa. Moun ki p ap bese tèt devan blan ni pè pap. Moun ki pa ti pantan, ti sezi ki panse apre Bondye se blan. Moun ki ranmase ideyal zansèt yo : libète ak byennèt pou tout moun nan yon peyi granmoun tèt li. Moun ki konnen tou menmsi nou se sitwayen ak sitwayèn latè, men premye reskonsablite nou konsène transfòmasyon peyi nou.

Kouman nou imajine sèl pwojè, pi gwo rèv yon sitwayen, gason tankou fanm, se kapab ale viv nan yon peyi etranje ? Se vre nou kapab toujou chaje reskonsablite lekòl kolonyal la ki òganize yon mannyè pou « mennen nou drèt nan trafik moun [14]», yon mannyè pou fè nou « ranmase lafyant ti blan jete pou nou manje [15] ». Yo anvi viv nan mitan gratsyèl, wout anlè, wout asfalte, dlo ak kouran tout lajounen tout lannwit elt… yo pa janm reflechi tout bagay sa yo konstwi apati san, swe ak travay lòt moun. Blan yo pa janm viv lòt jan « que de vols, d’assassinats, de répression de lâcheté et de parasitisme ».

Kouman nou imajine pou tout rèv yon « dirijan » ayisyen ta mennen madanm li ak pitit li ale rankontre Le pap, pandan 6 000 000 moun, mwatye popilasyon peyi an, gen difikilte pou yo manje ? 2 000 000 moun, 1/12 popilasyon an gaye nan lari ap kouri nan tout direksyon, yo pa menm gen kote pou yo rete ? Ti bebe ap dòmi nan lari, benyen nan dlo rigòl, fanm ak tifi ap devlope tout kalite enfeksyon ak tout maladi.

De tout fason, dirijan nou genyen la yo, si yo poko enstale nan peyi etranje kote yo ap pwofite jwi dwa yo pa t batay pou yo, peyi blan ; yo ap batay pou yo fè sa. Yo wè desten yo lòt bò dlo, yo fè pitit yo la epi ti krik ti krak, depi gen yon ti mouvman souke an Ayiti, yo lage pye yo. Chak lè yo fini « djòb » yo bò isit, yo retounen lakay yo. Jan anpil istoryen rakonte sa apati sous nan epòk la : « koloni an sete yon zon pasaj ».

Anreyalite, konpòtman sa yo pa nouvo. Yo egziste depi nan tan lakoloni, depi peryòd lesklavaj. Gen anpil moun pi gwo rèv ak pi gwo reyalizasyon lavi yo sete travèse nan peyi kolon yo. Moun sa yo pa t nan fè peyi ak pèsonn. Sèl bagay, alepòk sete blan franse ak metis ki gen papa yo blan ki te konn aji konsa. Yo te sitou ap swiv konpòtman blan franse. Jan nou te ekri sa nan lane 2010 apre tranblemanntè a, li klè se pa avèk moun sa yo n ap kapab anvizaje fè peyi. Pwoblèm dlo pou tout moun, kouran, kay, manje, bon sistèm ledikasyon, laswenyay, twotwa pou moun mache, bon sistèm transpò pou moun sikile pa pou yo. Si Desalin, Marijan, Kapwa te reflechi tankou moun sa yo, pa t ap genyen batay pou Lendepandans.

Nan peyi sa, pa kapab gen plas Bwaye, lise Petyon oubyen Petyonvil. Mesye sa yo se kamoken ki trayi mannan yo. Peyi a ap koupe fache avèk yo menmjan l ap koupe fache tou ak tout lòt abolotcho. An nou fini avèk kèk ekstrè « Pinga », yon mizik entans atis Keb, youn nan atis ki angaje nan batay Reparasyon restitisyon an 2025. Mesaj pou jodi ak demen.

“Pinga”
Enmi yo p ap bliye
Nou te anpeche yo dòmi
Yo p ap bouste rèv nou

Refren
Nou ka batay
Nou pa genyen
Fò n kite flanbo an limen

(…)

Chak kawotchou nou boule
Sant yo ret nan tou nen m
Raple fò nou goumen
Istwa nou tanpe po n
L ap swiv nou tout kote
Kat make pa mele

Nou ka rantre blese
Fòk batay la ret an sante

(…)
Pa premye fwa sa fèt
Ak yon po nèg lespri
Nèg jwe wòl aganman
Santi kri rale mouch
Ou ka trennen dèyè w
Yon ti gwoup sankoutcha
Devan listwa m pran kan m
Renouvle konviksyon m
M mèt manje « sa pa ra » wi !!!

*Filozòf kritik, sosyològ, pwofesè nan ILA (Inivèsite Leta Ayiti), manm Gwoup Refleksyon FPSPA.


Referans pou pati tèks sa :
1. BASTIEN, Kebert, Albòm Barikad Lanmou, 2021.
2. BLANC, Judite, “Sommes-nous une société malade mentale ? Psychopathologie de la crise haïtienne”, 8 octobre 2016, Le Nouvelliste.
3. CALIXTE, Fritz, DARBOUZE, James, PIERRE, Schallum : «Les Antilles entre passé et présent. Entretien avec le professeur Louis Sala-Molins », Recherches Haitiano-Antillaises, Paris L’Harmattan, 2004, pp. 63-70.
4. CONCANNON, Brian Jr., FRIED, Kristina and FILIPPOVA, Alexandra V., Restitution for Haiti, Reparations for All: Haiti’s Place in the Global Reparations Movement, 55 U. MIA Inter-Am. L. Rev. 80 () Available at: https://repository.law.miami.edu/umialr/vol55/iss1/6
5. COULIBALY, Bassidiki. – Du crime d’être noir : un milliard de noirs dans une prison identitaire. Préface de Louis Sala-Molins. Paris, Éditions Homnisphères (« Latitudes noires »), 2006, 221 p., bibl.
6. CRAEMER, Thomas, Estimating Slavery Reparations, Social Science Quarterly, JUNE 2015, Vol. 96, No. 2 (JUNE 2015), pp. 639-655.
7. DORIGNY, Marcel, THEODAT, Jean-Marie, GAILLARD, Gusti-Klara et BRUFFAERTS, Jean-Claude (Eds.), Haïti-France, les chaînes de la dette. Le rapport Mackau (1825), Hémisphères — Maisonneuve et Larose, Paris, 2021.
8. DUBOIS, Laurent, Haiti:The Aftershocks of History, 2012
9. GARIBIAN, Sévane. Le crime contre l’humanité au regard des principes fondateurs de l’Etat moderne : naissance et consécration d’un concept. Genève, Bruxelles, Paris : Schulthess, Bruylant, LGDJ, 2009, 578 p.
10. GAILLARD, Gusti-Klara, Haïti : Il y a 196 ans, la « dette de l’indépendance », 27 août 2021, CADTM.org
11. Gwoup Refleksyon-Fowòm Politik Sosyo-pwofesyonèl Pwogresis Ayisyen (GR-FPSPA), « De mo twa pawòl !!! avèk Pyè Michèl Cheri (PMC)», Me 2025.
12. LARAQUE, Franck, Défi à la pauvreté, CIDIHCA, Montréal, 1987.
13. PERSYN, Mary K., (The University of Virginia’s College at Wise): "Can the subaltern be heard?: The Haitian Revolution and the Romantics" in Romanticism and Slavery: Interventions and Representations, Deborah Kennedy (St. Mary’s): "Helen Maria Williams and the Long Campaign against the Slave Trade"
14. RIBBE, Claude, Régis Debray en Bolivie et en Haïti, TÉMOIGNAGE ET RÉFLEXIONS, 2010.
15. ROBINSON, Randall, Haïti, l’insupportable souffrance, 2010.


[1GARIBIAN, Sévane. Le crime contre l’humanité au regard des principes fondateurs de l’Etat moderne : naissance et consécration d’un concept. Genève, Bruxelles, Paris : Schulthess, Bruylant, LGDJ, 2009, 578 p.

[2CALIXTE (Fritz), DARBOUZE (James), PIERRE (Schallum) : «Les Antilles entre passé et présent. Entretien avec le professeur Louis Sala-Molins », Recherches Haitiano-Antillaises, Paris L’Harmattan, 2004, pp. 63-70.

[3Malgre te gen anpil kontestasyon sou jan li te retounen sou pouvwa an 2001.

[4Brian Concannon Jr., Kristina Fried, and Alexandra V. Filippova, Restitution for Haiti, Reparations for All:
Haiti’s Place in the Global Reparations Movement, 55 U. MIA Inter-Am. L. Rev. 80 ()
Available at: https://repository.law.miami.edu/umialr/vol55/iss1/6

[5Ayiti : Désaveu de Latortue, Jean Erich René, novembre 2005, https//www.potomitan.info/ayiti/rene/latortue.php

[6La France a « une obligation morale vis-à-vis d’Haïti », estime Gérard Latortue, Associated Press, mercredi 12 mai 2004.

[7La France a « une obligation morale vis-à-vis d’Haïti », estime Gérard Latortue, Associated Press, mercredi 12 mai 2004.

[8Men yon tradiksyon an kreyòl nou fè : “ Mwen kanpe anfas tout inisyativ ki ta kapab bay lidè peyi etranje bon konsyans pou yo fè pwomosyon tèt yo sou sèn mondyal la oswa nan politik andan pwòp peyi yo. Nan sans sa a, nenpòt anons ki fèt nan dat 17 fevriye (2010) k ap vini an se nan sans li prale. Kesyon restitisyon lajan sa a ap poze tout bon, jou ak lè ap gen nan peyi a yon gouvènman responsab, yon leta fò, bonjan enstitisyon repibliken san pas pou ki, kote tou politisyen yo respekte ak onore sakrifis fondatè nasyon ayisyen yo te fè. Lè sa a, relasyon ant Ayiti ak Lafrans ap gen menm fòm avèk relasyon Lachin ak Japon, Vyètnam-Japon apre dezyèm Gè Mondyal la oswa menm fom Aljeri-Lafrans apre 1962 elt... »

[9Gwoup Refleksyon-Fowòm Politik Sosyo-pwofesyonèl Pwogresis Ayisyen (GR-FPSPA), « De mo twa pawòl !!! avèk Pyè Michèl Cheri (PMC)», Me 2025, p. 46.

[10« Dans notre conception, (…) l’état de crise général dans lequel baigne le pays témoignerait en réalité de la présence massive, et durable de symptômes du Trouble de Stress Post-Traumatique découlant du trauma des temps esclavagistes. Nous voulons faire référence aux manifestations de : Reviviscence des comportements appris durant la colonisation par nos ancêtres africains et indiens : une bonne partie de nos reflexes relève de la vision du monde inculquée par les maitres blancs. Tout ce qui touche aux savoirs-être et savoir-faire, à la beauté, au bon goût, au langage, aux croyances, au mode d’organisation sociale et politique doit absolument répondre aux critères eurocentriques pour être admis par une majeure partie de la population. » Judite BLANC, “Sommes-nous une société malade mentale ? Psychopathologie de la crise haïtienne”, 8 octobre 2016, Le Nouvelliste.

[11Radyo Kiskeya, Pale pou n vanse, Marvel Dandin avèk Pyè Michèl Cheri, 30 avril 2023.

[12Gwoup Refleksyon-Fowòm Politik Sosyo-pwofesyonèl Pwogresis Ayisyen (GR-FPSPA), op. cit. p. 23

[13Id. p. 53

[14Keb, “Fèmen lekòl” in Ecole Nord-Mâle, C3 Ediions, 2021.

[15Ibid