Español English French Kwéyol

Rasin gang yo ann Ayiti plante pi fon pase sa w panse

Gotson Pierre

Pòtoprens, 6 jiyè 2025 [AlterPresse] --- Fenomèn gang lan pran yon dimansyon san parèy an Ayiti nan dènye ane yo.

San pa sispann koule, moun ap pèdi byen, kominote ap tonbe nan dezòd ak laterè.

Malgre sa parèt nouvo, ekspè montre se pa jodi sa kòmanse. Rasin fenomèn gang sa a plante fon nan listwa ak reyalite sosyete a.



Gang yo pa sèlman opere ak zam; yo chita sou koneksyon politik ak ekonomik.

Fenomèn kriminèl sa a pa endividyèl sèlman, li mache ak esklizyon, inegalite sosyal, feblès Leta ak degradasyon katye yo.

Se yon bann eleman ki marande, ki difisil pou demele, e ki kontinye nouri vyolans lan chak jou. [gp apr 06/07/2025 10 :00]