Español English French Kwéyol

Restitisyon, reparasyon : Sans batay sa genyen pou pèp Ayisyen an, Ayiti avèk lemonn ? Pati 2

1825 - Pèp ayisyen ap konfwonte yon pwoblèm marasa

Tribin

James Darbouze*

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 29 jen 2025

Nan premye pati tèks la (referans…) nou te gade kèk eleman kadraj istorik ak filozofik global ki touche pwoblèm reparasyon ak restitisyon yo. Nan dezyèm pati sa nou pral fè sonje kèk moman listwa epi n ap eseye fikse sans moman sa yo. Anmenmtan tou, nou pral montre kijan depi apre sasinay lanprè Jan Jak Desalin, 17 oktòb 1806, Ayiti ap konfwonte yon pwoblèm marasa : dominasyon ak leksplwatasyon peyi blan sou rès lemonn ak pwoblèm dirijan restavèk.

Atis Keb (Kebert Bastien) nan chante “Pinga” ki sou albòm Barikad Lanmou (2021) fè nou sonje « se lè n ansanm nou fò nou envensib ». Keb fè nou sonje tou :

«  Enmi yo p ap bliye
Nou te anpeche yo dòmi
Yo p ap bouste rèv nou [1] »

Ki vle di yon moun, yon gwoup moun oswa yon pèp k ap konte sou lenmi pou ede fè rèv li avanse, tounen reyalite, gen yon pwoblèm marasa. Li gen pwoblèm materyèl pou fè rèv la vin reyalite ak tout yon pwoblèm nan tèt (ideyolojik).

Dezyèm tan : yon tranch anplis nan batay pou libète ak diyite, lendepandans blayi !!!

Lè bato Lafrans yo debake Ayiti 3 jiyè 1825 vin fè dappiyanp avèk òdonans Charles X la anba bra yo, depi 1804 nou te pran Lendepandans, apre douz (12) lane lagè san pran souf (1791-1803) kont leta ak lame peyi Lafrans (Branda & Lentz, 2024). Koupe tèt, boule kay !!! Dènye faz batay la fèt 18 novanm 1803, Vètyè, nan anwo Okap, kote bravou, kouraj avèk angajman Franswa Kapwa (Lamò) mete tout moun dakò. Lame franse bat ba (kapitile), yo dakò yo pèdi. Yo pran yon kal pou listwa. Tan soumisyon, bese ba avèk lesklavaj (servilite) anba blan an te definitivman kaba. Se te premye fwa nan listwa Lemond yon pèp ansyen kaptif (esklav) fonde yon nasyon anfas (malgre) rezistans ansyen kolon yo. Wochanbo siyen pou rès twoup franse yo (1500 moun) kapab kite peyi a.

Istwa relasyon Ayiti avèk Lafrans te kapab kanpe la. Li te dwe kanpe la. E si istwa a te kanpe la, Lafrans t ap dwe nou sèlman reparasyon. Reparasyon pou plizyè milyon zansèt nou yo depòte soti Lafrik, reparasyon pou mati sistèm lesklavaj la, reparasyon pou lanfè yo fè nou viv nan koloni an, reparasyon pou lespri nou yo detchonn, reparasyon pou kantite travay san peye yo fè nou fè pandan plis pase yon syèk, reparasyon pou dividal krim san non yo fè sou nou pandan Lagè a. Kesyon restitisyon an pa t ap poze.

Men anreyalite, atout Jal Wochanbo [2], ki t ap dirije lame franse a, te aksepte siyen yo pèdi lagè a epi rekonèt Lafrans pa gen okenn otorite sou Ayiti ak ayisyen ankò, soti 1805 pou rive 1825, diferan gwoup moun ki t ap dirije Lafrans yo te derefize rekonèt Ayiti se yon peyi endepandan, granmoun tèt li, lib e libè. Lafrans konpòte l tankou yon Leta pirat, yon bandi, yon vwayou ki refize respekte siyati l. Sitou apati 1814, lè rejim Monachi wayal la retounen enstale avèk Louis XVIII. Kisa k pase ?

17 oktòb 1806 pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan kilbite [3]. Papa nasyon an, Jan Jak Desalin (1758-1806) tonbe Pon wouj nan yon koudeta. Konplo pi fò pase wanga. Se tout pwojè Lendepandans peyi a, pwojè koupe fache avèk lojik leksplwatasyon Loksidan an (bourik travay chwal galonnen), ki pran gwo kou. Apre koudeta kont pwojè anti loksidan Desalin avèk tout pwòch kolaboratè l yo [4], peyi a pral fann de (2) bout. Sou yon bò Wayòm nan Nò, Kristòf ap dirije (1807-1820) epi sou yon lòt bò Repiblik nan Sid ak Lwès ki gen Petyon (1807-1818) avèk Bwaye (1818-1843) nan tèt li.

Jan nou di sa piwo, bowòm k ap dirije Lafrans yo pa janm aksepte yo pèdi batay la malgre jal Wochanbo siyen li rekonèt defèt li an novanm 1803. Okontrè, detanzantan dirijan Lafrans yo voye entèmedyè (emisè, komisyonè) vin gade ki kont maltaye yo kapab fè. Toutotan Kristòf te la, bagay yo te difisil anpil pou Lafrans. Kristòf ak tout wayòm li te bati nan Nò a te kanpe tòf. Kòm ansyen jeneral Lame endijèn nan, ki te batay anba direktiv ak lidèchip Tousen avèk Desalin, Kristòf te kontinye aplike, san manke yon vigil, politik pwoteksyon ak defans Lendepandans peyi a ki te tabli apre 1804 la. Tout ayisyen se sòlda, tout ayisyen dwe batay pou defann Lendepandans epi yon bon pati nan bidjè lajan peyi a dwe sèvi pou prepare bonjan kondisyon materyèl ak moun pou batay kont Lafrans sizoka, malè pa mal, yo ta gen nan tèt yo vin pote boure. Nan repiblik Lwès ak nan Sid kote Petyon – Bwaye t ap dirije se te yon lòt demach, yon lòt apwòch.

Ki te motivasyon Petyon avèk Bwaye ?

Petyon (1770-1818) avèk Bwaye (1776-1850) se te yon pè zo byen monte pou sèvi enterè Lafrans. De (2) mesye sa yo, menmjan avèk anpil metis, pa t patriyòt ayisyen. Yo pa t gen okenn lanmou ni senpati pou Ayiti. Yo te pito tizè Lafrans. Tout rèv ak vizyon yo se te sèvi Lafrans. Ann gade kisa yon patriyòt ye. Men kijan Franck Laraque (1987) defini yon patriyòt : « Yon patriyòt se yon moun ki renmen peyi l e ki vle itil li, sèvi l. Premye devwa l se defann peyi l kont nenpòt dikta, okipasyon oswa entèferans etranje. Apresa a, li gen dezi tou pou wè peyi li devlope. [5] »

Bwaye li menm sitou pa t yon moun konsa konsa. Aprè li te fin resevwa fòmasyon militè nan peyi Lafrans, li ta pral retounen Sendomeng (Ayiti) ansanm avèk lame ekspedisyon Leklè la a, kote li te kòmandan. Li pa janm trayi fransè yo, li rete avèk yo jouk nan bout Lagè a. Lè n ap gade pwofil yon moun konsa, li nòmal pou n ta mande kijan l fè, de ki prevyen, de ki mannigans li rive nan tèt Leta ayisyen an 1818. Anreyalite, misye pral fè yon bon tan sekretè patikilye ak konfidan Petyon. Se li menm Petyon pral deziye pou kontinye pwojè yo lè li mouri an 1818. Apati 1820, Bwaye pral dirije tout peyi a nèt. Soti 1822 pou rive 1843, li pral jere tout zile a, Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Se vre se Bwaye ki aksepte peye ranson an an 1825 men se Petyon ki te kòmanse negosiyasyon yo depi 1814. Petyon pa t gen twòp maj mannèv akòz Kristòf nan Nò epitou te gen Goman (Jan Batis Perye) ki te kòmanse yon batay nan Grandans depi 1807 pou vanje Desalin, pou peyizan yo jwenn tè pou yo travay ki rele yo chè mèt, chè metrès epi pou anpeche lesklavaj retounen (Gilbert, 2016 ; 2021). Wa Kristòf mouri 8 oktòb 1820. Goman li menm te gentan tonbe depi fevriye 1820. Bwaye fin pasifye Grandans lan an 1822. 1825 se dènye kou ki pou touye koukou a. 17 avril la, jan Frederic Marcelin ekri sa nan liv Haïti et l’indemnité française (1897), se yon gwo dat madichon pou tout nasyonalis ak patriyòt pwogresis ayisyen. Men plis toujou se te yon souflèt marasa pou pèp ayisyen an, yon enjistis pou kokenn batay zansèt yo te mennen pou fini avèk 300 lane (1492-1793) anba chenn lesklavaj, lopresyon, dominasyon ak lekspwlatasyon.

Pou n byen konprann zak politik ak liy ideyolojik mesye sa yo, li enpòtan pou nou sonje depi peryòd batay revolisyonè a kòmanse (1791), toulede mesye sa yo (Petyon avèk Bwaye) te toujou fidèl alye vizyon ak pwojè Lafrans pou Sendomeng, yo toulede te angaje bò kote komisè sivil yo (Sontonaks avèk Polverel) anba direksyon jeneral Bovè anfas Anglè yo. Nan lagè nan Sid peyi a (1799-1800), ki te mete bab pou bab Tousen Louvèti ak Andre Rigo pou lidèchip koloni an [6], yo toulede te angaje bò kote Rigo [7]. Lè Tousen bat Rigo, yo toulede menmjan avèk anpil lòt metis yo fè vwal, pati ale pran refij Lafrans. Yo toulede pral retounen Sendomeng (ansanm avèk Rigo dayè) nan lame ekspedisyonè Leklè t ap dirije an 1802. Objektif lame sa se te pou vin retabli lesklavaj. Si nou byen gade pwofil de (2) mesye sa yo, avèk tou pakou yo, nou kapab di se te de (2) ti lafrans an Ayiti.

Pou istoryen ekonomis Leslie Pean, tout zak istorik moun tankou Petyon avèk Bwaye poze pandan yo nan tèt peyi a, se te aplikasyon tout yon pwojè pou detwi endepandans ayisyen an. Soti nan asasina Desalin pou rive nan dat 8 jiye 1825, pwojè mesye sa yo se te defèt peyi zansèt yo te vle fè, defèt rezilta kokenchenn batay zansèt yo te fè. Se sa k fè lè 8 jiyè 1825, Bwaye aksepte peye « indemnité » sa, sete kont volonte pèp ayisyen ki li menm t ap rele : « Blan franse mande lajan / kote n a pran ? / kote n a pran ? / n a ba yo boulèt / n a ba yo kannon ». Popilasyon an te konprann likidasyon sa a ta pral koute nou chè.

Apati asasina Desalin, mesye sa yo pral frajilize viktwa 1804 la nan divize peyi a pandan prèske kenz (15) lane. Pandan sou anndan yo ap sabote Lendepandans lan, Lafrans li menm ap mete presyon pou pa gen okenn gwo peyi etranje ki rekonèt Leta ayisyen ki soti nan Lendepandans lan. Yo mete Ayiti deyò nan « konsè » nasyon yo. Se yon politik pisans enperyalis Loksidan yo pral aplike divès kote sou planèt la apre. Konsa, sa pèmèt yo kapab an pozisyon pou enpoze dedomajman pou Lafrans.

Lafrans pi gwo lènmi Ayiti pyeje devlopman l

Dirijan franse yo swadizan dakò rekonèt endepandans peyi a, men yo mande an echanj fòk ayisyen yo peye yon « konpansasyon » 150 milyon fran lò. Se yon eskandal !!! Anmenmtan òdonans la egzije yon tretman privilejye pou tout bato fransè ki rantre nan pò Ayiti, bato sa yo ap peye sèlman mwatye dwa taks yo ta dwe peye ladwàn. Sa ki vle di avèk menm òdonans sa a Leta franse ap poze kondisyon pou redui resèt peyi a. Se yon kle kou pou ekonomi peyi a. Se yon pyèj ak tout yon ipotèk sou desten peyi a.

Jan filozòf Claude Ribbe (2013) ekri sa, « konpansasyon » sa a « anreyalite, se te yon fason pou Lafrans mete Ayiti anba yon kle kou finansye. Paske pou l peye sòm sa a, peyi a ta pral oblije prete nan men Lafrans ». Konsènan lojik ki dèyè plan sa, Franck Laraque (1987) ekri nan yon lòt kontèks : « Yon peyi ki gen ekonomi l kraze pral fòse rantre nan depandans. Se yon ekwasyon senp, nenpòt ti moun ap konprann. » [8] Toujou nan menm sans sa a, rechèch istoryen Gusti Gaillard (2021) konfime depi an 1825, "pou peye premye vèsman anwite yo, Ayiti te oblije pran yon prè (ponya) 30 milyon nan men yon bank franse [9] ".

Si se vre Bwaye te anba menas diplomasi « kanonyè », gwo ponyèt, fransè yo, lè li t ap pran desizyon an. Paske 3 jiyè 1825, Baron de Mackau debake nan pò Pòtoprens se pa avèk bèl flè nan men li te vini. Li debake avèk yon eskadwon 14 bato lagè ame ak 528 kanon pou enpoze kondisyon Charles X yo, pa fòs depi sa nesesè... pou vin mennen yon operasyon ekstòsyon imoral ak visye. An n gade : ki sans sa genyen pou dirijan Lafrans yo vin mande Ayiti peye yo lajan ? Ki sans sa genyen pou dirijan Ayiti yo dakò peye Lafrans yon « indemnité » pou rekonèt yon lendepandans lame ayisyen te ranpòte vennde (22) lane anvan sa, avèk fòs zam yo sou teren militè ? Kisa sa vle di fikse yon pri pou endepandans yon peyi ak moun k ap viv ladann ? Selon ki lojik desandan peyi Desalin nan ta dwe konpanse ansyen kolon ki te pèdi « tè » yo ak « esklav » yo pandan batay revolisyonè ki mennen nan libète ak lendepandans ?

Anpil istoryen ak ekonomis, lokal tankou entènasyonal, dakò ranson sa a Lafrans te enpoze Ayiti vin mete lavni peyi a an danje pou anpil tan. Answit, atravè jwèt enperyalis ak rasis blan yo, yon fwa zile ki te pi rich ak pi pwospè a te fin plonje nan povrete, li te vin materyèlman enkapab pou konstwi yon ekonomi k ap pwospere pou pèp la ak pèmèt tout moun viv byen. Nan sans sa, ranson an se yon mekanis pratik Lafrans avèk alye l yo te mete pou detounen souverènte epi pran kontwòl desten peyi a.

Restitisyon – reparasyon : yon ti ranmase sou sans pwoblèm nan

Apre yon bon ti rale sou listwa kesyon an, kote l soti ak kijan l parèt, kounye a se moman pou nou gade kisa nou kapab fè, nou menm ki la jounen jodi a pou nou jwenn jistis ak reparasyon. Gen yon pawòl ki di yon pwoblèm pa janm mache poukont li. Nan tout sans, pawòl sa jwenn aplikasyon li nan kesyon restitisyon ak reparasyon an. Nan plizyè sans, kesyon restitisyon avèk reparasyon debouche sou yon pwoblèm marasa.

Nou sot wè sa nan de (2) premye tan yo. Dabò gen estrikti revandikasyon an menm ki mande pou n gade egzijans reparasyon an pandan n ap ensiste pou Lafrans remèt lajan dappiyanp 1825 lan (150 000 000 fran lò) san manke yon santim. Se de (2) nivo yon menm pwoblèm ki fè nou pa kapab trete youn san lòt. Anmenmtan se de (2) pwoblèm ki merite trete an paralèl, youn sou kote lòt. Nou pa kapab trete youn pou n bliye lòt la.

Answit, jan nou wè sa, depi nan kòmansman listwa a, pwoblèm restitisyon/reparasyon an mache avèk yon mankman dirijan patriyòt (homme d’État), mankman moun ki kwè nan peyi a. Sa li menm se yon manman pwoblèm pou kont li paske jouk jounen jodi a li rete tenn fas. Nan yon twazyèm nivo, si se vre pwoblèm restitisyon/reparasyon an gen yon dimansyon ki konsène listwa nou menm ayisyen avèk Lafrans, men tou pwoblèm nan mare sitiyasyon jodi nou ak desten nou demen. Sa vle di se pa yon pwoblèm ki piti ditou. Se yon pwoblèm konplèks ki melanje plizyè nivo difikilte youn avèk lòt. Sa mande bonjan refleksyon.

Se sa k fè nou kapab konsidere kesyon reparasyon/restitisyon kòm yon pwoblèm marasa, marasa 2, marasa 3. E jan Maximilien Laroche (2004) fè sonje sa, lè gen pwoblèm marasa, gen nesesite pou jwenn solisyon marasa. Paske anfas yon pwoblèm marasa li pa sifi rezoud youn nan pwoblèm yo pou tou lòt yo rezoud. Pwoblèm yo konplèks, solisyon yo pi konplèks toujou. Kidonk fòk nou klè sou nesesite poze pwoblèm nan nan tout sans li, pou n rezoud li nan tout nivo, sou tout teren. Gen nesesite kase rapò kolònyal, rapò sibaltèn avèk depandans yo. Nan nivo materyèl, fizik tankou nan nivo mantal ak ideyolojik.

Fòk nou dakò : kèlkeswa moun oubyen gwoup moun ki angaje pou revandike restitisyon ak reparasyon nan yon kontèks tankou sa nou ye la, anreyalite ou gen de (2) pwoblèm, yon pwoblèm marasa. Sou yon bò, ou gen pwoblèm batay nan entènasyonal la anfas yon peyi rasis, enperyalis ak kapitalis epitou sou yon lòt bòt, ou gen pwoblèm sa yo rele « les corbeaux noirs », dirijan sibaltèn, san kolonn vètebral, san vizyon peyi k ap ranpe atè nèt devan blan. Moun sa yo se gadò lòd sosyal, politik, ekonomik, eksplwatasyon ak dominasyon kapitalis blan yo. Yo ranmase tout prejije ak konplèks blan yo. Tout rèv yo se kopye modèl sosyete blan yo pou fè tout moun nan peyi a viv dapre lalwa loksidan blan kolonialis ak rasis.

Se sou pwen sa a n ap chita nan dènye tan apati eksperyans batay ki mennen deja sou kesyon an pandan 25 dènye lane yo (2000 – 2025). Nou kapab toujou ajite kesyon an, alimante l, kenbe l vivan pou pèsonn pa bliye Lafrans dwe nou paske yo te eksplwate nou, matirize nou, vòlè fòs kouraj nou plis pase 100 lane epi an 1825 yo vin kase ponyèt nou.

Men nou pa bezwen mize sou bon santiman oubyen gwo ideyal, blan eksplwatè (franse) pa konn gen bon santiman. Lafrans peyi kolónyalis blan p ap fè konsesyon ni kado. Ni nonplis tou, yo p ap janm rekonèt kantite tò yo fè Limanite, Lafrik, zansèt yo avèk nou menm ayisyen. Yo pare pou kontinye fè tout kalite move konbin ak kont maltaye. Se kanpe goumen l ye !!! Jan atis Keb di sa nan yon lòt chante, Kedna, sou menm albòm Barikad Lanmou an (2021) : « N ap twoke kòn pou zago / Toutotan nou pa fè peyi !!!  »

* Filozòf kritik, sosyològ, pwofesè nan ILA (Inivèsite Leta Ayiti), manm Gwoup Refleksyon FPSPA.

Detwa liv ak dokiman ki sèvi referans :

1. Coulibaly, Bassidiki. – Du crime d’être noir : un milliard de noirs dans une prison identitaire. Préface de Louis Sala-Molins. Paris, Éditions Homnisphères (« Latitudes noires »), 2006, 221 p., bibl.
2. Michel Giraud, Le passé comme blessure et le passé comme masque : La réparation de la traite négrière et de l’esclavage pour les peuples des départements français d’Outre-mer (The past as an Injury andthe past as a Mask : Reparation of the Slave Trade and of Slavery for the Inhabitants of the French Overseas Departments), Cahiers d’Études Africaines, Vol. 44, Cahier 173/174, Réparations, restitutions, réconciliations : Entre Afriques, Europe et Amériques (2004), pp. 65-79.
3. Bastien, Kebert, Albòm Barikad Lanmou, 2021.
4. Michel Hector, Crises et Mouvements populaires en Haïti, deuxième édition, 2006 ;
5. Myrtha Gilbert. La Révolte de Goman et le mouvement insurrectionnel de la Grand’Anse, 2020.
6. Myrtha Gilbert, Goman : un pionnier de la résistance paysanne, 21 février 2021, Haïti Liberté.
7. Mushanga, Mwene. Slavery and Colonialism : Mans Inhumanity to Man for Which Africans Must Demand Reparations, LawAfrica Publishing (K) Limited, Copyright © 2011, 38 p.
8. Leslie Francois Manigat, Eventail d’Histoire Vivante d’Haïti : Des préludes à la Révolution de Saint-Domingue jusqu’à nos jours (Etudes de quelques 65 conjonctures-problèmes dans l’évolution historique du peuple haïtien), Traité d’Histoire d’Haiti, Collection du CHUDAC, Port-au-Prince, Haïti, 2001.
9. Gusti-Klara Gaillard, Haïti : Il y a 196 ans, la « dette de l’indépendance », 27 août 2021, CADTM.org
10. Franklin Midy, Les Congos à Saint-Domingue : de l’imaginaire au réel », Ethnologies, vol. 28, n° 1, 2006, p. 173-201. http://id.erudit.org/iderudit/014154ar
11. Franck Laraque, Défi à la pauvreté, CIDIHCA, Montréal, 1987.
12. Fernne Brennan and John Packer (Editors), Colonialism, Slavery, Reparations and Trade : Remedying the Past ?, Routledge, 2012.
13. Pierre Branda, Thierry Lentz, La « guerre des couleurs », Napoleonica® la revue, n° 49, Mai 2024.
14. Thomas Craemer, Estimating Slavery Reparations, Social Science Quarterly, JUNE 2015, Vol. 96, No. 2 (JUNE 2015), pp. 639-655.
15. Claude Ribbe, Le crime de Napoléon, éditions Privé, 2005.
16. Leonora Sansay, Secret History ; or, the Horrors of St. Domingo, Good Press, 2019.
17. ÉTIENNE, Sauveur Pierre. L’énigme haïtienne : Échec de l’État moderne en Haïti. Montréal : Presses de l’Université de Montréal, 2007.


[1« Pinga », Bastien, Kebert, 3èm tit, albòm Barikad Lanmou, 2021.

[2Si Wochanbo, youn nan pi gwo kriminèl lagè ki pase nan listwa Limanite, siyen Lafrans pèdi lagè a, nou kapab imajine jefò ak enèji zansèt yo redi met deyò.

[3Cf. Pyè Michel Cheri, Douz Prensip Bwa Kayiman, Potomitan, 2009.

[4cf. James Darbouze, « Nou pa t fè Bwa Kayiman pou sèvi etranje : Kouman Bwa Kayiman ka sèvi feminis ayisyen an nan pote kole pou soti nan kriz jounen jodi a ? », AlterPresse, 4 septanm 2024.

[5Tradiksyon lib : « Un patriote est celui qui aime son pays et veut lui être utile, le servir. Son premier devoir est de le défendre contre toute occupation ou ingérence étrangère. Vient ensuite son désir de voir son pays se développer. » Franck Laraque, Défi à la pauvreté, p. 129

[6Rigo te gen anpil enfliyans nan pati sid zile a. Li pral separe nan mwa me 1799. Batay li avèk Tousen se te rezilta yon rivalite ant milat yo, "ansyen lib yo", ak Nwa yo, "nouvo lib yo". Ansyen lib yo te toujou pa wè libète tout moun (nouvo lib) byen nan koloni an.

[7Touletwa mesye sa yo pataje yon menm kondisyon nan koloni Sendomeng lan. Yo touletwa se metis. Papa yo se blan franse epi manman yo se fanm nwa (lib oubyen afranchi). Yo gen yon koneksyon depi toupiti avèk Lafrans kote yo pran fòmasyon yo. Nan koloni Sendomeng lan, yo benyen nan yon inivè rasis ak rasize kote valè moun siprèm nan se blan. Nan batay pou libète nan koloni an, liy yo se pa pou tout moun nèt lib. Yo nan pati milat yo k ap revandike egalite pou yo menm avèk blan. Men yo pa nan libète ak byennèt pou tout moun. Ankò mwens yo pa nan Lendepandans.

[8Tradiksyon lib : « Un pays à l’économie ruinée sera acculé à la dépendance. La simplicité de l’équation est désarmante. » cf. Franck Laraque, Défi à la pauvreté, CIDIHCA, Montréal, 1987, p. 103.

[9Pou peye premye pati 30 000 000 fran an, Bwaye te siyen kontra ak bank franse Gandolphe & Cie (ak yon pousantaj 6% lan). Depi nan premye tranch lajan, bank lan touche enterè yo ak frè jesyon yo. Sa fè se sèlman 24 000 000 ki te vin jwenn Leta ayisyen. Pratik eskwokri ak vòl !! Cf. Gusti-Klara Gaillard, « Haïti : Il y a 196 ans, la « dette de l’indépendance », 27 août 2021, CADTM.org