Español English French Kwéyol

Ayiti-Klima laterè : Gwo kouri nan vil Laskawobas, Plato santral, apre yon atak gang ak zam

Laskawobas (Plato Santral), 3 jiyè 2025 [AlterPresse] --- Gen gwo tansyon ak kouri nan vil Laskawobas, nan depatman Plato Santral, aprè yon atak gang ak zam Viv Ansanm yo, fè jodi jedi 3 jiyè 2025, sou wout ki sòti Mibalè pou ale Laskawobas, dapre enfòmasyon ki vini jwenn AlterPresse/AlterRadio.

Bandi teyoris yo deja mete pye nan zòn Sarazen, sou wout ki konekte komin Mibalè ak Laskawobas.

Sityasyon sa a lakoz anpil moun nan kouri nan tout kwen nan vil Laskawobas.

Se yon sitiyasyon, ki vin bloke egzamen ofisyèl nevyèm ane fondamantal yo nan Laskawobas.

Anpil moun te deja pran direksyon pou sòti nan vil Laskawobas la, depi bonè maten jedi 3 jiyè 2025 la, akoz menas gang ak zam yo.

Gang teworis ak zam yo kontinye ap ogmante atak yo sou teritwa Ayit ai, sitou nan komin Sodo, Mibalè (Plato Santral), Lachapèl (Latibonit), Kenskòf (nan lès Pòtoprens), epi nan zòn metwopolitèn kapital la, Pòtoprens la. [ppsf emb rc apr 03/07/2025 14:50]