Español English French Kwéyol

Restitisyon, reparasyon : Sans batay sa a genyen pou pèp Ayisyen an, Ayiti avèk lemonn ? Pati 1

Yon ti mizopwen ak klarifikasyon an twa tan!!!

Tribin [1]

James Darbouze*

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 29 jen 2025]

« L’homme qui refuse de subir la domination d’un autre homme fait un acte méritoire, digne d’estime, tout en étant personnel. Le peuple qui secoue le joug d’un autre peuple accomplit strictement son devoir. Le nègre insurgé qui, en 1802, brisa ses chaines, dépasse et le révolutionnaire qui revendique les libertés publiques et le peuple qui proclame son indépendance. Il est à ce moment de l’histoire le mandataire non seulement d’un peuple, d’une agglomération partielle d’individus, il est celui d’une race entière, d’une fraction importante de l’humanité, proscrite et séculairement ravalée. »
Fréderic Marcelin, Haïti et l’indemnité française

Pandan tout lane 2025 la, depi premye janvye, peyi Ayiti te sipoze ap fè aktivite pou make bisantnè dappiyanp (ranson) 1825 la. Toupatou nan peyi a, tankou nan dyaspora a, te dwe gen mouvman pou ede tout kategori popilasyon an sonje enpak zak dappiyanp Lafrans la sou devinite peyi a. Anmenmtan tou, te dwe gen mouvman nan diplomasi ak lajistis entènasyonal pou egzije Lafrans remèt lajan sa a. Se pa ti mouvman ajitasyon sou kote, kote kèk grenn moun avèk bon volonte oswa k ap brase van pou fè wè, men pito gwo mobilizasyon entènasyonal avèk sipò fòs pwogresis tout kote pou fè lajistis, dwa, egalite ak limanite triyonfe.

Malerezman, nou tout kapab konstate se pa konsa sa ap pase !!! Poukisa sa pap pase konsa ? Kisa nou kapab fè pou nou chanje jan sa ap pase ? Se kesyon sa yo n ap eseye reponn nan moso tèks sa a !!! N ap swiv yon demach ki gen twa pati. Nan de (2) premye moman yo, n ap gade eleman kadraj istorik ak filozofik global ki touche pwoblèm reparasyon ak restitisyon yo. N ap raple kèk moman listwa epi n ap eseye fikse sans yo. Nan twazyèm pati a n ap gade nan ki faz batay pou jwenn reparasyon ak restitisyon an ye nan lane 2025 la, n ap retounen sou divès aksyon ki poze deja pandan 25 dènye lane yo, n ap gade ki kote blokaj yo ye epitou kisa ki dwe fèt pou bouste pwojè sa a.

Premye tan – Restitisyon ak reparasyon : ti moso listwa pou n sonje

Pou moun ki bliye oswa sila yo ki pa konnen : 17 avril 1825, nan yon òdonans Charles X, wa Lafrans pandan peryòd retablisman an, konsanti rekonèt endepandans Ayiti, peyi nou. Pou rekonesans sa a, Lafrans egzije Ayiti peye yon gwo tonton lajan : 150.000.000 fran lò swadizan pou dedomaje kolon yo. Se lajan sa a nan batay nou pou restitisyon an n ap mande Lafrans remèt nou. Se sa ki batay restitisyon an !!!

Nan batay sa a gen plizyè dat ki enpòtan pou nou sonje. Sèlman nan lane 1825 lan gen twa dat kle : 17 avril, 3 jiyè avèk 8 jiyè. Men se sitou sou dat 17 avril la yo fokis anjeneral. Se li menm tout moun k ap revandike restitisyon yo kenbe. Alòske si se vre 17 avril se dat ki sou òdonans lan, an Ayiti se 3 jiyè nou konnen, se lè sa a nou resevwa l (Théodat, 2021). Kidonk jan nou kapab wè sa, gen yon premye pwoblèm kwonoloji ki poze ki ta merite rezoud. Poukisa se sou dat Lafrans pran òdonans lan nou chita ? Lè se apati dat sa a n ap mobilize, èske nan yon sans nou pa toujou fèmen nan jan kolon yo konstwi listwa pou nou? Nan sans, menm lè yo pèdi, yo genyen paske se yo menm ankò k ap bay dat ak fè ki enpòtan. Pi devan n ap retounen fè yon kanpe sou twa (3) dat sa yo ak plis presizyon.

Anmenmtan tou, bò kote revandikasyon restitisyon an, gen revandikasyon reparasyon an ki li menm pi fondal natal toujou. Kijan pou n konprann 1825, si n pa retounen 200 lane anvan, an 1625, nan moman blan franse ap tabli sou moso tè a ? Apre panyòl yo te fin dekonstonbre peyi a ak popilasyon endijèn yo (1492-1550), « bandi » franse, pirat vin enstale sou bout tè a, nan « koloni » an. Yo revandike tou pa yo nan piyaj k ap fèt depi 1492 sou tè Lamerik, nouvo Mond lan !!! Ti bato pirat (flibistye) fè mikalaw, yo ap vòlè tout sa k ap pase sou lanmè a devan yo !!!

Si nan yon premye tan egzèsis sa a se te inisyativ kèk gwoup blan franse fwonte poukont yo (otonòm), apati 1664, kesyon koloni an pral tounen yon pwojè ofisyèl Leta fransè lè minis Kolbè kreye konpayi peyi endyen Loksidan yo (Compagnie des Indes). Se apati moman sa a tou, yo pral tabli kondisyon pou fè koloni an tounen pou Leta fransè ak moun rich Lafrans yo "la perle des Antilles" sa vle di koloni ki pi rantab pami tout koloni Lafrans yo [2]. Men kijan yo pral fè sa ? Se repons kesyon sa a ki ap pèmèt nou konprann byen revandikasyon reparasyon an. Yo pral tabli yon rejim eksplwatasyon ki chita sou komès esklavaj, vann moun ki soti Lafrik, laterè ak kolonyalis.

Lesklavaj se yon enstitisyon ki egziste depi lontan nan listwa Limanite. Men se nan lane 1441, yo pral fè lesklavaj tounen yon komès entènasyonal pou fè lajan (Mushanga, 2011). Se apati peryòd sa a, an 1455, avèk benediksyon Le pap (Meltzer, 1993), yo pral depeple kontinan Lafrik la, detwi lavi moun ak anviwonman moun sa yo pou fè richès an Ewòp. Yo ap kreye yon komès moun yo rele « La traite ». Men sa Mushanga (2011) ekri : « Apati moman sa (1455), lesklavaj, lote moun nwa ak vann moun nwa, pral tounen biznis ki pi enpòtan tout gran nasyon Ewòp yo [3]. Nan mwens pase san (100) lane, nasyon ki te angaje nan komès esklav yo te fè eksperyans yon kwasans ekonomik san parèy, ibanizasyon rapid ak endistriyalizasyon.» Li enpòtan pou nou note nan faz sa a, se menm minis Kolbè ki kreye Compagnie des Indes Occidentales lan ki pral pibliye Le Code noir (1685) pou estriktire pi byen epi rantabilize sitiyasyon eksplwatasyon kaptif yo [4].

Nan premye chapit liv L’énigme haïtienne : Échec de l’État moderne en Haïti (2007), Pierre Etienne fè sonje achitekti tout sosyete Sendomeng lan baze sou yon rejim lesklavaj epi yon ekplwatasyon vyolans san pran souf. Anmenmtan tou, li montre kijan dinamik sosyal blan franse yo ap konstwi nan koloni Sendomeng lan pran rasin nan rapò kapitalis transnasyonal ki tanmen konsolide nan peryòd la, kote blan ewopeyen ap depafini lavi moun menmjan ak lanati. Jan plizyè lòt otè soutni sa (Laurent, 2024), devlopman sistèm kapitalis loksidan an mache men nan men avèk yon rejim eksplwatasyon rasis ki chita sou yon Leta teworis.

Daprè istoryen Vertus Saint Louis, nan kòmansman revolisyon franse a, nan mitan lane 1789, Sendomeng te gen anviwon 500,000 kaptif (esklav) Afriken ak desandan Afriken. Pami yo te gen anviwon 50,000 (10 %) bato negriye te fenk depòte, tou fre soti nan divès kontwa Lafrik. Se sa yo rele komès moun nwa (bois d’ebène): ewopeyen ki gen lajan (franse, panyòl, pòtigè, olandè, anglè) ale nan kontinan Afriken an, rache moun nan fanmi yo, nan kilti yo, nan sosyete yo, bwote yo nan kondisyon bèt, nan kal batiman, vin lote yo fè yo travay tankou bèt pou pwodui plis richès pou blan jwi. Malgre anpil rezistans, malgre anpil batay, sistèm sa a pral rete tenn fas jiska soulèvman kaptif yo nan lane 1791.

Nou pa bezwen retounen avèk twòp detay sou enpak negatif sistèm nan sou lavi zansèt nou yo. Men nou kapab imajine kalite twoub (twoma) sitiyasyon makawon sa a te genyen sou lavi moun yo, espesyalman zansèt yo. San di petèt koloni Sendomeng lan se te yon lanfè sou latè pou yo anmenmtan li te La perle des antilles pou blan rich, eksplwatè yo. Revandikasyon reparasyon an poze egzijans pou manyen divès aspè twoub sa yo ki depatcha lavi nou pandan pase san (100) lane soti Lafrik, travèse Latlantik nan kal batiman jis nou ateri nan lanfè Sendomeng kote n ap pwodui richès pou blan je vèt byen mennen.

Pratik esklavaj la se yon bagay ki grav anpil. Li pa sèlman yon kesyon listwa pase paske li gen konsekans sou prezan ak tout lavni. Li mande trete avèk anpil serye. Nan okenn sans, li pa kapab yon agiman pou jwe lopinyon piblik lokal tankou entènasyonal. Li pa kapab nonplis tou yon estrateji konsolasyon pou swaye imaj politisyen patènalis (bon papa) ki bezwen figi yo byen parèt.

Enstitisyon esklavaj la fè anpil tò. Li fè anpil jenerasyon moun soufri epi li kite anpil lòt avèk sekèl nan kò tankou nan lespri yo. Li fè zansèt nou yo tò, zansèt Lafrik, zansèt Sendomeng. Li fè nou menm pitit pitit yo, desandan yo, ras yo, anpil anpil tò tou. Pandan 163 lane se plizyè santèn milyon moun ewopeyen yo deposede, depèsonalize, desosyalize elt… Menmsi tò yo diferan men tout tò sa yo merite repare. Yo fèt pou repare. Tout moun (gwoup oswa grenn) ki sibi tò, domaj oswa ki viktim dwe jwenn jistis ak reparasyon.

Nan kesyon jistis avèk reparasyon, pa gen ni mirak ni maji. Ni nonplis tou se pa abizè yo, pwofitè yo, moun ki fè tò yo – oswa desandan yo k ap jwi – ki genyen pou fikse kisa reparasyon an ye, ni kijan tò ki fèt yo ap repare. Pa gen kamaradri ni tete lang ant desandan bouwo avèk moun ki sibi yo. Se goumen l ye ! Reparasyon an se yon kesyon ki merite trete angranmoun. Pwoblèm nan dwe poze avèk serye. Pa gen lontan nan listwa Limanite gen plizyè eksperyans reparasyon ki fèt deja, gen fason tou lasyans etabli pou kalkile tò krim kont Limanite fè moun (Brennan & Packer, 2012; Craemer, 2015). Se demach sa yo ki dwe sèvi nou baz ak gid pou mennen batay pou egzije bon jan reparasyon ak restitisyon nan enterè pèp ayisyen an.

* Filozòf kritik, sosyològ, pwofesè nan ILA (Inivèsite Leta Ayiti), manm Gwoup Refleksyon FPSPA.


[1Menmsi se mwen menm ki pote tout reskonsablite lide ki nan tèks la, m ap di pwofesè Judite Blanc ak kanmarad Renel Exentus mèsi poutèt yo te pran tan li yon premye vèsyon epi pataje avèk mwen remak ak kòmantè yo. Mèsi Wismanie Perrin pou revizyon kreyòl la. Mèsi anpil epi jan sajès pèp ayisyen, malerèz ak malere, aprann nou di sa : « Malere pa brital » !!!

[2Sosyològ Franklin Midy ekri sou sa : « Christophe Colomb découvrit sans doute le Nouveau Monde et Amerigo Vespucci l’Amérique. Mais les conquistadores de leur suite, d’abord Espagnols, puis Européens en général, n’ont jamais rêvé que de contrées nouvelles à conquérir, productrices de richesses rares et de biens exotiques à exploiter pour l’enrichissement et l’agrément de l’Europe. (…) Dès le départ était présente dans l’imaginaire de la découverte de mondes nouveaux l’idée de colonie associée à l’idée d’asservissement du non-Européen. Colomb partit à la recherche de la route des épices, les colons après lui inventèrent la route de l’esclavage colonial.» cf. « Les Congos à Saint-Domingue : de l’imaginaire au réel », Franklin Midy, Ethnologies, vol. 28, n° 1, 2006, p. 173-201. Version numérique : http://id.erudit.org/iderudit/014154ar

[3Tradiksyon lib: « From this time, slavery became the most important trade for the major nations of Europe; and in less than one hundred years, slave trading nations were experiencing unprecedented economic growth, with rapid urbanization, and industrialization. »

[4Kòd Nwa a rete an aplikasyon nan “koloni” Lafrans yo soti mas 1685 rive avril 1848. Aplikasyon an te fè yon kanpe pandan premye abolisyon esklavaj 4 fevriye 1794, li retounen an vigè an 1802.