Español English French Kwéyol

Ayiti : Plis pase 187 mil 400 elèv ale nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal 2025 yo

Pòtoprens, 30 jen 2025 [AlterPresse] --- Ekzamen 9vyèm ane fondamantal 2025 yo tanmen lendi 30 jen 2025 la sou tout teritwa Ayiti a pou plis pase 187 mil 400 elèv fi ak gason, dapre sa Ministè ledikasyon nasyonal anonse.

Menm semenn sa a, gen plis pase 2 mil 300 fi ak gason k ap konpoze nan ekzamen ofisyèl leta lekòl nòmal enstititè yo. Epi gen plis pase 400 fi ak gason, k ap konpoze pou sant ledikasyon lafanmi.

Ekzamen sa yo ap bout nan dat vandredi 4 jiyè 2025 k ap vini a.

Biwo nasyonal ekzamen leta yo nan peyi d Ayiti deside divès pase men nan ekzamen 9 vyèm ane fondamantal 2025 yo, nan kontèks kriz gravman grav k ap boulvèse peyi a, patikilèman nan nivo sekirite. Sa gen gwo konsekans sou edikasyon, ak yon valè lekòl ki fèmen ak lòt ki tounen kan refijye pou resevwa pil ak pakèt moun gang chase lakay yo.

Tèks ekzamen yo ap koresponn ak jistis sosyal, y ap koresponn ak sa k te fèt nan sal klas yo plis sitiyasyon ki genyen nan peyi a. Olye sou 7 kou, se sou 10 kou elèv yo ap konpoze nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal 2025 la.

Nan plas lang yo nan lane anvan yo, ekzamen 9vyèm ane fondamantal 2025 yo tanmen pito avèk sijè lasyans yo. Se pase men sa yo Biwo nasyonal ekzamen leta yo nan ministè ledikasyon nasyonal di l pote nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal 2025 yo. [apr 30/06/2025 06:00]