Español English French Kwéyol

Ayiti : Lè sosyete a kraze, ki chans pou lekòl ?

Gotson Pierre

Pòtoprens, 15 jen 2025 [AlterPresse] --- Egzamen Leta yo ap rive nan moman yon gwo kriz frape sistèm edikatif la.

Anpil lekòl fèmen oswa deplase akòz vyolans gang. Pwofesè ak elèv oblije kouri.

Anviron 1,3 milyon moun deja deplase, epi plizyè kan tabli nan lokal lekòl yo.

Nan ki kondisyon egzamen sa yo ap fèt ? Ki valè evalyasyon yo genyen nan yon kontèks konsa, malgre dispozisyon otorite yo anonse ?



Kriz edikasyon an mare ak kriz sosyete a, ki mande volonte politik ak solisyon serye.

Fòk gen espas pou sosyete a respire, epi pou tout aktè angaje reflechi sou aksè egal nan bon jan edikasyon. [gp apr 15/06/2025 10 :00]



Photo : UNOCHA