Pòtoprens, 8 jen 2025 [AlterPresse] --- Reflechi, chwazi, aji : Chak jou, devwa pou konnen ki direksyon Ayiti dwe pran vin pi ijan.
Tout estrateji dirijan yo eseye kont ensekirite a echwe. San sekirite, pa gen soulajman pou kriz la.
Èske fòs militè etranje pou konbat gang yo se solisyon ki vrèman tonbe daplon ak reyalite Ayiti?
Solidarite entènasyonal la pa solid. Pa egzanp, Etazini ak Donald Trump fèmen pòt nan figi Ayisyen.
Sou teren an, se dezawa. Èske sa vle di lapè ap fèt san jistis pou krim gang ak moun k ap bay lòd yo?
Se listwa, verite, diyite ak sans responsabilite ki ka klere chemen. Sa mande entèlijans ak kouraj pou avanse. [gp apr 08/06/2025 15 :00]
Sous foto : Amnesty International
