Español English French Kwéyol

Ayiti : Konstitisyon pa yon medikaman mirak

Gotson Pierre

Pòtoprens, 1 jen 2025 [AlterPresse] --- 21 me 2025, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an resevwa yon nouvo pwojè konstitisyon, Komite pilotaj la prepare.

Depi lè sa, gen diskisyon ki koumanse sou sa dokiman an pote, men gen anpil kesyon sou lejitimite pwosesis la.

Plizyè sektè ap mande ki chemen Komite a te suiv pou li vini ak nouvo tèks sa a, san konsiltasyon laj ak san patisipasyon reyèl sosyete a.



Pami pi gwo feblès yo, pa gen zouti enstitisyonèl pou akonpaye chanjman konstitisyon an, epi pa gen okenn garanti pou enklizyon ak angajman popilasyon an.

Kote konferans nasyonal la ?

Pi mal toujou, kondisyon jeneral peyi a pa favorab : gang ap simen laterè, epi kriz imanitè a ap vin pi grav chak jou.

Nan kontèks sa a, chanje konstitisyon an, manman lwa peyi a, san yon deba nasyonal ouvè, san baz demokratik solid, parèt tankou yon aksyon prese ki ka mete plis enstabilite. [gp apr 01/06/2025 08:30]



🎥 DÉCOUVREZ NOS VIDÉOS SUR YOUTUBE !

Infos, analyses, émissions, podcasts et plus encore…
📲 Abonnez-vous à la chaîne AlterPresse – AlterRadio pour ne rien manquer.

📢 Partagez autour de vous !