Gotson Pierre
Pòtoprens, 10 me 2025 [AlterPresse] --- Malgre vizit an pwovens ak angajman entènasyonal, Pòtoprens kontinye bloke rès peyi a.
Pwoblèm lan, se pa izòlman kapital la sèlman, men se yon kriz pwofon k ap ravaje tout sosyete a.
Ensekirite gaye, repons otorite yo limite e toujou an reta.
Pandan kominote entènasyonal ap mete sanksyon epi klase gang kòm teworis, anyen pa bouje sou teren an. Vyolans ap ogmante, kriz imanitè ak dezespwa ap angrave chak jou pi plis.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an pa ka kontinye ak pwomès vid. Li lè pou l ouvri yon dyalòg serye, tande sosyete a, chèche solisyon solid.
Se sèlman 8 mwa ki rete nan peryòd tranzisyon sa a.
Men, èske gen volonte pou aji ? [gp apr 10/05/2025 08 :40]
🎥 DÉCOUVREZ NOS VIDÉOS SUR YOUTUBE !
Infos, analyses, émissions, podcasts et plus encore…
📲 Abonnez-vous à la chaîne AlterPresse – AlterRadio pour ne rien manquer.
📢 Partagez autour de vous !
