Gotson Pierre
Pòtoprens, 4 me 2025 [AlterPresse] --- Lojik aktyalite a pa chanje : vyolans gang yo ap vin pi grav chak jou, malgre administrasyon Fritz Jean anonse kèk mezi, tankou kreyasyon yon Ajans Nasyonal Sekirite ak etadijans sou tout teritwa a pou twa mwa.
Pifò zòn nan Pòtoprens ap plonje pi fon nan dezolasyon ak endiyasyon. Nan lòt rejyon kote gang yo deja pran rasin, vyolans la kontinye ap miltipliye.
Moun ap poze kesyon sou konsyans dirijan yo pandan Leta ap efondre. Ki vizyon yo gen pou tèt yo, fanmi yo, ak nasyon an ? Eske tranzisyon sa a gen avni vre ?
Ki plan reyèl pou konbat lanmò ak sove ti rès ki rete nan lespwa popilasyon an pou li pa fin fonn nèt tankou bè nan solèy ? [gp apr 04/05/2025 12 :00]
🎥 DÉCOUVREZ NOS VIDÉOS SUR YOUTUBE !
Infos, analyses, émissions, podcasts et plus encore…
📲 Abonnez-vous à la chaîne AlterPresse – AlterRadio pour ne rien manquer.
📢 Partagez autour de vous !
