Gotson Pierre
Pòtoprens, 26 avril 2025 [AlterPresse] --- Yon ane depi Ayiti antre nan yon lòt « tranzisyon ». Konsèy prezidansyèl tranzisyon ki sou pouvwa a, pou anpil moun, se yon desepsyon.
Yo pat panse yon ane apre, peyi a t ap antre pi fon nan tchouboum kote li tonbe a, ak yon Leta ki vin pi fèb, ki prèt pou efondre nèt anba presyon kriminèl gang yo.
Anpil moun pa konprann poukisa yon ane apre, pa menm gen yon teritwa ki libere, pandan fòs lòd yo parèt ap fè jefò toulejou.
Ki pwojè k ap egzekite ? Se kesyon ki nan bouch tout moun. Kesyon ki lou.
Men tou, si Leta kraze, li pa fouti manifeste l, kisa ki kab rete kous kriminèl tout plim tout plimay, ki, pafwa, krab kò yo anndan Leta a menm ?
Ant konplo, enkonpetans, feblès, lachte ak konplisite, kote ne pwoblèm nan ye ? [gp apr 26/04/2025 16:00]
