Español English French Kwéyol

Alèt sou ogmantasyon vyolans an Ayiti, pandan gang ap pare atak kont Sid peyi a

Pòtoprens 14 avril 2025 [AlterPresse] --- Ameriken lanse alèt kont ogmantasyon nivo vyolans yo an Ayiti nan jou sa yo, pandan gang ap mitonnen atak kont zòn sid peyi a, dapre yon mesaj AlterPresse konsilte, mesaj ki soti nan anbasad ameriken nan Pòtoprens.

Nivo vyolans, ensekirite, menas ak atak kont fòs sekirite yo ansanm ak prizon yo ka ogmante, dapre anbasad la.

Li site espesyalman Tibiwon, Zangle, Okay, sou kòt sid peyi a, Mibalè ak Sodo, nan Plato santral, epi Sen Mak, Ti Rivyè ak Savyen, nan depatman Latibonit.

Alèt sa a vini nan menm moman kote direksyon lapolis nasyonal pou depatman Sid voye enfòmasyon bay otorite santral yo sou atak gang ap prepare sou rejyon sa a.

Dapre enfòmasyon sa yo, gen 33 bandi ak zam, k al tabli nan komin Tibiwon ak Les Anglais, pou prepare atak sou lapolis nasyonal ak prizon sivil Okáy la, depatman Sid peyi d Ayiti. Gen yon lòt gwoup bandi, ki ta dwe soti nan komin Pestel, depatman Grandans, pou al atake komisarya lapolis Kan Peren an, depatman Sid.

Direksyon depatman Sid lapolis nasyonal la di l swete jwenn plis resous polisye nasyonal, ekipman ak materyèl nesesè, ki ka anpeche atak gang ak zam nan vil Okáy ak lòt kote nan depatman Sid la.

Atak gang ak zam yo ap fè sou komin Sodo ak Mibalè, depi dat 31 mas 2025 la, fè 13 gwo zak laterè ak vyolans, gang ak zam yo fè sou teritwa Ayiti a depi prèske yon lane, apre Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) te pran mayèt politik peyi d Ayiti, nan dat jedi 25 avril 2024 la, dapre yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) rann piblik nan dat 10 avril 2025 la. [apr 13/04/2025 23 :00]