Gotson Pierre
Pòtoprens, 12 avril 2025 [AlterPresse] --- Pou premye fwa, apre yon ane pouvwa, manm Konsèy prezidansyèl tranzisyon an admèt tranzisyon an kab echwe.
Se alèt sa a Leslie Voltaire lanse nan 9èm woumble Kominote peyi Amerik latin ak Karayib yo, ki fèt lòt jou nan Tegucigalpa, kapital Honduras.
Voltaire lonje dwèt sou vyolans gang yo, ki kontinye pran chè, yon vyolans ki mare ak trafik zam, minisyon, dwòg ak divès lòt trafik.
Yon pawòl prezidan Konsèy la, Fritz Jean, te pale tou, nan yon entèvyou ak jounal dominiken Listin Diario.
Pandanstan, gang yo koumanse taye banda nan Mibalè ak Sodo, nan Plato santral, kote yo monte tant yo apre anpil krim ak egzaksyon. Lòt teritwa pèdi ankò.
Teritwa pèdi sou teritwa pèdi, èske gang yo sou wout pran pouvwa a ? Si yo pran l, kisa yo ka fè ak li ? [gp apr 12/04/2025 15:00]
