Español English French Kwéyol

Gang fè 13 gwo zak vyolans laterè an Ayiti pandan yon ane pouvwa tranzisyon an, dapre Rnddh

Pòtoprens, 11 avril 2025 [AlterPresse] --- Atak gang ak zam yo ap fè sou komin Sodo ak Mibalè, depi dat 31 mas 2025 la, fè 13 gwo zak laterè ak vyolans, gang ak zam yo fè sou teritwa Ayiti a depi prèske yon lane apre Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) te pran mayèt politik peyi d Ayiti, nan dat jedi 25 avril 2024 la, dapre yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) rann piblik nan dat 10 avril 2025 la.

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo lonje dwèt sou ekip tranzisyon an, ki montre yo pa gen okenn plan pou fè lòd ak sekrite retounen nan peyi a, ki montre yo pa kapab pran okenn dispozisyon pou fè tout moun rejwenn dwa yo kòmsadwa, sou teritwa nasyonal la.

Detan otorite yo lage lapolis nasyonal la nan yon sitiyasyon, kote l ap aji tankou ponpye, gang teworis kriminèl ak zam Viv ansanm yo montre yo gen kapasite pou atake vil pwovens yo, apre laterè yo simen nan tout komin depatman Lwès peyi d Ayiti yo.



Ant lannuit dimanch 30 mas pou rive madi 8 avril 2025, Rezo nasyonal k ap defann dwa moun rive konte 19 moun Mibalè plis yon polisye nasyonal, ki mouri nan atak gang teworis ak zam yo.

Gen plis pase 60 bandi ak moun ki te nan prizon Mibalè a, ki mouri nan evenman Mibalè yo.

Gen 3 moun, jounalis Jean Christophe Collegue ak Roger Claudy Israel plis frè l Marco Israel, ki disparèt. Yo pa gen nouvèl sou 3 moun sa yo depi finisman mwa mas 2025 la nan Mibalè.

Anplis machin, káy ak biznis, gang ak zam yo met dife anpil kote nan Sodo, nan prizon sivil Mibalè a, nan komisarya lapolis Mibalè a, nan mache piblik Mibalè a.

Se apati lokalite Triyanon, dezyèm seksyon koimanl Gran Boukan Mibalè, gang teworis ak zam yo te pase, pou al vare sou bouk Mibalè a, ant 2zè pou rive 3zè di maten lendi 31 mas 2025 la.

Manm brigad Bakòp Feráy, ajan Bsap te fè rezistans jis rive 8è dimaten, lendi 31 mas 2025 la. Polisye nasyonal, ki te nan komisarya lapolis ak nan prizon Mibalè a, te sètoblije kouri chape poul yo.

Se jis bò 11zè dimaten, lendi 31 mas 2025 la, gen ranfò lapolis nasyonal la ki te koumanse rive Mibalè, soti Verèt ak Pòtoprens.




Gang ak zam yo toujou ap rapousuiv zak laterè yo nan komin Mibalè.

Otorite yo pa janm pran dispozisyon pou anpeche pil ak pakèt masak sa yo sou popilasyon an, pou met bout nan zak teworis Leta yo, ki tounen fason y ap mennen bak peyi d Ayiti depi lane 2018. Se sa k fè sitiyasyon dwa moun yo ap deteryore konsa nan peyi d Ayiti, dapre Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo.

Olye yo pran dispozisyon pou anpeche gang teworis ak zam yo al met baz kriminèl yo nan rès komin nan peyi yo, otorite yo kontante yo pitio ap plede fè pwomès, menm lè yo konnen yo pa kapab kenbe ditou pwomès y ap fè yo.

Kpt a ak gouvènman tranzisyon an ap plde di y ap met kanpe yon bidjè lagè. Men, manm ekip tranzisyon yo, se pito vide y ap vide kès leta a, yo pito ap kontinye mennen gwo kondisyon lavi, espoze richès san parèy yo vin genyen nan tèt leta a.

Se konsa, nan dat lendi 7 avril 2025 pase a, yo fè konnen yo remete kanpe sa yo rele eta ijans lan, san yo pa pran okenn dispozisyon tout bon pou kwape laterè gang teworis ak zam yo.

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo kritike politik manfouben ekip tranzisyon an, ki pa fè anyen, ki montre yo pa gen volonte pou báy fòs lòd yo materyèl ak ekipman nesesè, pou kwape laterè gang ak zam yo.

Mennen ankèt sou sa k pase nan komin Sodo ak Mibalè yo. Trennen douvan lajistis tout sila, ki responsab atak ki fèt sou Sodo ak Mibalè yo. Se rekòmandasyon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo fè, nan ranmase sou evenman Sodo ak Mibalè yo, li rann piblik nan dat 10 avril 2025 la.

Òganizasyon an mande pou Leta báy fòs lòd Plato santral yo mwayen, ki ka pèmèt yo rive reprann kontwòl Sodo ak Mibalè, detan yo va anpeche gang ak zam yo kontinye fè zak laterè konsa yo.

Li rekòmande tou pou mete bon jan kondisyon sekiorite, ki ka pèmèt fanmi deplase yo retounen lakáy yo nan Sodo ak Mibalè. Remèt báy fòs lòd yo lajan entelijans, pou fè siveye rapòte yo, ki nan men gwo chabrak nan leta a. [rc apr 11/04/2025 20:00]