Español English French Kwéyol

Ayiti-Sekirite : Yon Kesyon pou Gutteres

Michel Legros*

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 14 mas 2025

Anpil fwa nou pa konprann sa n ap gade oubyen sa n ap viv paske nou pa poze kesyon. Nou dwe aprann poze tèt nou kesyon epi poze moun kesyon. Depi w poze kesyon ou sou chimen konprann. Ann fè yon ti analiz.

Depi 4 lane gang ap detwi yon peyi ak tout yon popilasyon la a nan bab Ameriken. Bandi ap touye moun, timoun kou granmoun, yo menm rive lage yon ti bébé nan dife devan manman l. Y ap fè kadejak, y ap fè kinaping y ap mete dife tout kote. Yo detwi Potoprens. Tou sa anba zye blan an ki toujou kenbe yon sèl ak menm solisyon an : se yon misyon miltinasyonal ki pou vini an Ayiti regle kesyon ensekirite a. Men li pap ladann, kontrèman ak 1994, lè Bill Clinton te voye 23000 marines. Yo te rantre, yo kraze lame peyi a epi yo vire do yo. Li klè yo pa te bezwen FADH ankò aloske jodi a se yon lòt koze : yo bezwen gang yo.

Kidonk, kit se te pou Anthony Blinken, kit se pou Antonio Gutteres, pa gen lòt solisyon : yon misyon entènasyonal san patisipasyon okenn gwo lame. Kòm yo pa te ka jwenn anpil peyi ki te vle patisipe nan misyon sa a yo ale jouk an Afrik ale chache Kenya.

Sou kesyon ensekirite a plen bagay ki montre konplisite entènasyonal la. Depi plizyè lane n ap repete ensekirite n ap viv la a se entènasyonal la ki planifye l.

Anpil moun kontinye ap mande pou ki entènasyonal la detwi Ayiti. Nou pa konn konbyen fwa nou reponn kesyon saa deja men n ap repete l ankò : yo gen enterè ladann.

Nou pap janm bouke di l. Bidjè BINUH se apepre 20 milyon dola pou yon lane alòske bidjè MINUSTAH se te ant 600 ak 800 milyon dola.

Jodi a pou ti misyon 2000/2500 moun MSS la se yon pawòl 350 milyon dola k ap pale.

Mezanmi Kouman nou konprann Blinken ak Gutteres ki di yo vle ede Ayiti konbat gang prefere ale chache an Afrik ak nan kèk lot peyi etranje 2500 moun ki pou vin goumen ak gang pou 350 milyon dola, alòske ak 20 milyon dola Ayiti te ka antrene epi ekipe ak bon zam 5000 Ayisyen nan lit antigeriya ak enfantri ? Wi ak 20 milyon dola nou t ap rezoud pwoblèm ensekirite sa a lontan deja men blan an pa dakò. Pou kisa ?

Yo pa ka di nou yon misyon etranje te ka konn teren an pi byen pase noumenm Ayisyen. M pa kwè tou etranje yo ka pi motive pase noumenm Ayisyen pou konbat yon ensekirite se nou menm k ap sibi l.

Non selman yo prefere solisyon ki koute plis kòb la, ki pa ko janm bay rezilta a, men tou yo fè sa yo konnen pou anpeche nou goumen ak gang yo. Wi, nou jwenn tout kalite difikilte nan men yo, yo menm mete anbago zam sou Leta ayisyen, alòske gang yo yo menm gen tout fasilite pou jwenn zam nan rezo kriminèl entènasyonal yo tankou nan men katèl dwòg yo. Pou ki ?

Nou pa ko kwè yo gen yon enterè nan ensekirite a ? Nou pa ko wè gang yo osèvis yo ? Nou bliye se yo ki te fè gang yo federe sou pretèks n ap ka jere yo pi byen.

Pou LONI san gang yo pa ka gen misyon entènasyonal. Pou lajan misyon entènasyonal la ka fèt, gang yo nesesè. Pou gouvènman dominiken a menm, gang yo pèmèt Abinader pran yon dekrè ki rele yo teworis ki se yon zèl kat ki ka jistifye lame dominiken janbe fwonyè a nenpòt ki lè yo ta deside fè sa pou rezon pa yo men sou kouvèti lit anti teworis.

Anvan nou fini n ap mande 9 prezidan nou yo si yo pa te janm mande Gutteres ak Blinken pou ki yo prefere solisyon etranje ki pi chè pase solisyon lokal nasyonal la ki li menm 20 fwa pi bon mache epi k ap toujou pi efikas. Si yo pa te ko janm fè sa, li pa twò ta. Yo toujou ka poze Rubio kesyon an.

Fritz Jean, Didier Fils Aimé poze Gutteres ti kesyon senp sa a pwochen fwa li pale ak nou pawòl misyon entènasyonal li a. Mande l si li pa kwè yon misyon natif natal t ap pi bon epi ap koute mwens lajan. Nou pa bezwen pè, li ka fache men li pa ka kale nou ni fè nou anyen pou sa. N a di pèp Ayisyen sa li reponn nou.

Pa pèdi tan. Depi nou fin fè kou rate ak dwonn nou yo, gang yo dedouble. Yo pran Kafoufèy, yo kanpe Delma 30 ap goumen pou pran Delma 32. Si nou kite sa fèt se fini. Paske apre Delma 32 se Delma 40 ak Reinbold, kidonk se Delma 48 ak Bourdon, Canapé Vert.

* Analis politik

Kontak : sitwayenpourespekonstitisyon@gmail.com