Español English French Kwéyol

Laterè : Dcpj ap chèche ansyen senatè Nènel Cassy ak ansyen depite Alfredo Junior Antoine, pou alyansáy ak gang ak zam yo nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 18 fevriye 2025 [AlterPresse] Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la (Dcpj) ap chèche ansyen senatè depatman Nip Nènel Cassy (peryòd 2016 – 2022) ak ansyen depite Kenskòf Alfredo Junior Antoine (peryòd 2016 -2020), pou alyansáy yo ta genyen ak gang kriminèl ak zam k ap simen laterè sou teritwa Ayiti a.

Se sa lapolis nasyonal d Ayiti a fè konnen nan yon kozman ak laprès, madi 18 fevriye 2025 lan.



Lapolis nasyonal la di yo gen eleman ki ta montre konfyolo ansyen senatè Nènèl Cassy ak ansyen depite Alfredo Junior Antoine ak gang kriminèl ak zam yo sou teritwa Ayiti a.

Se presizyon pòtvwa an apre lapolis nasyonal lan, Lionel Lazarre, bay nan kozman ak laprès sa a, AlterPresse ak AlterRadio te suiv. [ppsf rc apr 18/02/2025 14:25]