Gotson Pierre
Pòtoprens, 2 fev. 2025 [AlterPresse] --- Definitivman, pwoblèm ensekirite ak vyolans la se tankou yon pikan kwenna ki plante nan pye Ayiti. Se krim sou krim, masak sou masak nan kat kwen peyi a.
Lakwa a depi finisman janvye, se lakay moun Kenskòf li ale. Se rèl. Plizyè dizèn viktim.
Tankou lòt kote, se krèvkè. Sa k pi rèd, menm jan nan sèten lòt ka, enfòmasyon te disponib sou atak gang yo t ap prepare. Otorite yo rekonèt sa. Yo fè lòt pwomès.
Pwomès pa sifi ? Ki aksyon k ap montre gen yon koub ki kase nan fason pouvwa tranzisyon an ap jere zafè sekirite a, nan yon kontèks sosyo-politik kote ensatisfaksyon yo pa sispann monte ? [gp apr 02/02/2025 12 :00]