Kenskòf (Ayiti), 28 janvye 2025 [AlterPresse] --- Ta gen pou piti 13 moun Kenskòf, pami yo yon granmoun fanm 93 lane, gang ak zam asasinen nan atak yo koumanse fè depi ledi 27 janvye 2025 lan sou lakomin sa a.
Madi 28 janvye 2025 la, gang ak zam yo tabli baz kriminèl yo nan 7 lokalite Kenskòf, pami yo Belo ak Godèt, malgre operasyon lapolis nasyonal yo.
Se temwayáy yon paran viktim, Jose Joseph, ki se ansyen majistra Kenskòf, nan emisyon Fwote Lide sou AlterRadio 106.1 fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Lapolis nasyonal la te fè konnen, lendi 27 janvye 2025 lan, gen plizyè bandi ki mouri nan boukantay kout zam ak polisye nasyonal ki deplòtonnen nan Kenskòf, gang ak zam t ap atake an.
Lapolis nasyonal la di l sezi plizyè zam ak radyokominikasyon nan men bandi yo, dapre imaj lapolis la bay sou rezo sosyal yo.
Bri kout zam te fè kenken nan plizyè lokalite lakomin Kenskòf, tankou Fisi, Segen, Godèt, Belo ak Obleyon, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Kout zam sa yo te lakoz tansyon ak kè sote lakay moun, k ap viv nan lakomin Kenskòf lan. Gen anpil elèv, ki te sou wout pou al lekòl, ki sètoblije kase tèt, retounen lakay yo. Konsa, aktivite yo te paralize lendi 27 janvye 2025 lan nan komin Kenskòf lan.
Ak ranfò yo te jwenn, lapolis nasyonal d Ayiti a te eseye fè fas kare ak gang ak zam sa yo,
Nan moman operasyon lendi 27 janvye 2025 yo, direktè jeneral lapolis nasyonal la Rameau Normil te sou plas, nan Kenskòf, ansanm ak plizyè lòt responsab lapolis la plis kòmandan kenyan fòs miltinasyonal la Godfrey Otunge.
Depi plizyè jou, gang ak zam yo te di yo pral atake lakomin Kenskòf lan. Pou prevni atak sa a, otorite ekzekitif enterimè lakomin Kenskòf yo te fè konnen, vandredi 24 janvye 2025 lan, yo pran plizyè dispozisyon.
Yon kouvrefe apati 10zè diswa. Pyès moun pa gen dwa travèse lakomin Kenskòf sou motosiklèt apati 9vè diswa. Chak moun dwe mache ak pyès pou idantifye yo. Otorite yo entèdi kounye a nenpòt ki aktivite lakilti nan lari lakomin Kenskòf la.
Se dizpozisyon sa yo Konsèy ekzekitif enterimè Lakomin Kenskòf lan pran, pou garanti sekirite ak fè fas kare ak mannèv plis menas gang ak zam yo, ki vle anvayi Kenskòf. [emb rc apr 28/01/2025 14:00]
