Español English French Kwéyol

Ayiti/Rosny Smarth : Yon dirijan politik modèl pou jenerasyon k ap vini yo?

Gotson Pierre

Pòtoprens, 19 janvye 2025 [AlterPresse] --- Se 15 janvye 2025 la ansyen premye minis Rosny Smarth pati kite nou. Li mouri a 84 an nan Pòtoprens, kote antèman l chante 18 janvye.

Anplis yon dirijan politik peyi a nan wo nivo, se te yonn nan fondatè pati politik Opl, apre yon pakou militans ki long, an Ayiti kou aletranje.

Sitiyasyon degrenngolad Ayiti te fè Rosny Smarth soufri anpil, dapre sa nou aprann bò kote pwòch li.



Esperyans pouvwa Rosny Smarth soti fevriye 1996 rive jen 1997, gen leson pou moun aprann. Se sèl esperyans kote yon premye minis te soti nan yon pati majoritè nan palman an.

Li demisyone an avril 1997, nan yon kontèks twoub politik. Anpil moun konsidere se yon dirijan epi yon moun ki te gen sans responsablite, moralite ak entegrite, ki ka sèvi jenerasyon k ap vini yo kòm modèl. [gp apr 19/01/2025 12:00]