Español English French Kwéyol

15 an tranbleman tè 12 janvye 2010 an Ayiti : Kilès k ap mande elit yo kont?

Gotson Pierre

Pòtoprens, 12 janvye 2025 [AlterPresse] --- 15 an. 15 an apre, tankou chak ane, kokenn katastwòf tranbleman tè 12 janvye 2010 an Ayiti a retounen nan deba piblik la.

Nou sonje 300.000 frè ak sè nou ki disparèt kou yon kout zeklè. 300.000 lòt ki blese e ki kontinye pote mak tranbleman tè sa a sou kò yo. 1,5 milyon moun ki deplase e pifò nan yo pa janm jwenn posiblite re-abite nan yon kay menm jan ak avan.



Espesyalis yo di nou fò nou aprann konte sèvo ki fele yo tou, ak konsekans sou endividi, sou fanmi ak yon bann kominote.

2025, yon katastwòf kontre ak yon lòt. Katastwòf gang yo. Nan ki mezi 12 janvye 2010 bay 12 janvye 2025, akòz yon bann ireskonsablite? [gp 12/01/2025 00 :30]





Photo logo : Gotson Pierre